KÈK IDE SOU SA W KA ETIDYE
Moun ki vle fè Jewova plezi pran bon desizyon
Li Jenèz 25:29-34 pou w aprann si Ezaou ak Jakòb te pran bon desizyon.
Chèche aprann plis nan kontèks la. Ki sa k te rive anvan (Jen. 25:20-28)? Ki sa k te rive apre sa? — Jen. 27:1-46.
Fouye pou n jwenn plis detay. Nan epòk sa a, ki dwa premye pitit gason an te genyen e ki responsablite l te genyen? — Jen. 18:18, 19; w10-F 1/5 13.
Èske dwa sa yo te toujou vle di yon gason te dwe premye pitit pou l te ka zansèt Mesi a (w17.12 14-15)?
Reflechi sou sa w aprann yo, epi aplike yo. Poukisa Jakòb te bay dwa premye pitit la plis valè pase Ezaou (Ebre 12:16, 17; w03-F 15/10 28-29)? Ki jan Jewova te wè de frè yo e poukisa (Mal. 1:2, 3)? Ki lòt fason Ezaou te ka aji pou l te pran pi bon desizyon?
Mande tèt ou: ‘Ki jan m ka montre adorasyon Jewova a enpòtan anpil pou mwen lè m ap deside ki jan m ap sèvi ak tan m chak semèn e m veye pou m jwenn tan pou adorasyon an fanmi?’