Yo te jwenn lapè malgre te gen lagè ak vyolans
Men sa Gary, yon moun ki te nan lame di: “Anvan m te etidye Labib, m pa t gen okenn ide sou rezon ki fè gen mechanste, enjistis ak latwoublay nan monn nan konsa. Men kounye a, mwen gen lapè lespri m. M konnen Jewova pral fè tè a tounen yon kote pou moun viv an sekirite.”
Se pa Gary sèlman ki santi l konsa. Ann egzamine fason Bib la te ede lòt moun.
SA BIB LA DI: “Ou bon e w dispoze padone, o Jewova.” — Sòm 86:5.
FASON SA EDE: “Vèsè sa a ban m asirans Jewova gen mizèrikòd. M konnen l dispoze padone m pou tout sa m te fè lè m te konn patisipe nan lagè.” — Wilmar, Kolonbi.
SA BIB LA DI: “M ap kreye yon syèl tounèf ak yon tè tounèf. Ansyen bagay yo pap vin nan lespri moun yo, e yo pap gen bagay konsa nan kè yo.” — Ezayi 65:17.
FASON SA EDE: “Akoz eksperyans m te fè nan lame a, m soufri depresyon e m toujou panike tèlman m strese. Men, vèsè sa a fè m sonje talè konsa Jewova pral fè m bliye tout move souvni sa yo. Yo pap vin nan lespri m oswa nan kè m ankò. Ala yon bèl kado!” — Zafirah, Etazini.
SA BIB LA DI: “Pandan l ap dirije a, moun ki jis yo ap vin anpil, e lapè ap blayi tout kote jiskaske lalin nan pa la ankò.” — Sòm 72:7.
FASON SA EDE: “Souvan, m reflechi ak pawòl sa yo. Talè konsa, lagè ak move souvni lagè lakòz yo pap la ankò, nou pap gen pou n enkyete nou pou sekirite nou ak sekirite moun nou renmen yo ankò.” — Oleksandra, Ikrèn.
SA BIB LA DI: “Moun pa nou ki mouri yo ap vin vivan. [...] Se pou nou reveye e se pou n rele tèlman nou kontan, nou menm ki rete nan pousyè!” — Ezayi 26:19.
FASON SA EDE: “Yo te touye prèske tout fanmi m nan jenosid ki te fèt kont Toutsi yo. Men, vèsè sa a ban m asirans m ap wè yo ankò. M pa ka tann pou m tande vwa yo ankò lè yo resisite!” — Marie, Wannda.
SA BIB LA DI: “Talè konsa, mechan yo pap la ankò [...] Men, moun ki gen imilite yo ap posede tè a, e y ap kontan anpil akoz yo pral viv nan yon lapè total.” — Sòm 37:10, 11.
FASON SA EDE: “Malgre gè a sispann, toujou gen enjistis ak moun ki mechan. Vèsè sa yo te ede m anpil. Jewova wè tout bagay e li konprann sitiyasyon m. Li pwomèt nou talè konsa tout soufrans pral fini e n ap bliye yo.” — Daler, Tajikistan.
Moun nou site nan peryodik sa a fè pati plizyè milyon Temwen Jewova Bib la te ede jwenn lapè. Yo te aprann fason pou yo venk lahèn akoz ras, nasyonalite, tribi ak lahèn nan kè yo (Efezyen 4:31, 32). Temwen Jewova yo pa mele nan politik e yo refize patisipe nan vyolans. — Jan 18:36.
Epitou, Temwen Jewova yo soutni youn lòt tankou yon fanmi ki gen lanmou (Jan 13:35). Pa egzanp, Oleksandra, nou te pale de li pi wo a, li menm ansanm ak yon sè l, te oblije kouri al nan yon lòt peyi akoz lagè. Men sa l di: “Lè n te travèse fwontyè a, tousuit nou te wè Temwen Jewova yo ki te vin akeyi nou. Fason yo te soutni nou te ede n adapte nou ak fason pou n viv nan yon nouvo peyi antanke refijye.”
Temwen Jewova yo kontan envite w vin asiste reyinyon nou yo kote n ap aprann konnen mesaj lapè ki nan Bib la ak fason pou n aplike l. Ale sou jw.org pou w jwenn yon adrès ki pre lakay ou oswa mande yon Temwen Jewova yon etid Labib gratis nan bwochi Ou kapab viv ak kè kontan pou toutan! an.