BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • wp25 no 1 p. 3
  • Lagè pote kalamite

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Lagè pote kalamite
  • Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (piblik) — 2025
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • SÒLDA
  • SIVIL
  • Yo te jwenn lapè malgre te gen lagè ak vyolans
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (piblik) — 2025
  • Gè Ikrèn nan pral sou dezyèm ane l — Ki espwa Bib la bay?
    Kèk lòt sijè
  • Yo depanse plizyè milya dola pou lagè — Èske se lajan sèlman gè yo koute?
    Kèk lòt sijè
  • Fason lagè ak vyolans afekte nou tout
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (piblik) — 2025
Gade plis
Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (piblik) — 2025
wp25 no 1 p. 3
Foto ki ansanm: 1. Yon foto ki chire ki montre pati anlè figi yon sòlda. 2. Yon foto ki chire ki montre pati anlè figi yon dam ki aje.

Lagè pote kalamite

Lè yon moun ap fè fas ak lagè se pi move bagay ki te ka rive nan lavi l. Sòlda ak sivil toupatou sou tè a ki fè fas ak lagè konnen tout soufrans sa pote.

SÒLDA

“Ou pa sispann wè moun yo touye oswa ki blese grav toutotou w. Ou pa janm santi w an sekirite.” — Gary, Grann Bretay.

“Mwen te pran bal nan do ak nan figi, e m te wè anpil moun yo touye, sa gen ladan l timoun ak granmoun. Lagè fè w vin gen kè di.” — Wilmar, Kolonbi.

“Lè yo tire yon moun devan w, ou pa janm bliye sa. Ou kontinye tande moun nan k ap kriye e k ap plenn. Ou pap janm bliye moun nan, jamè.” — Zafirah, Etazini.

SIVIL

“Mwen te panse mwen pa t ap janm gen kè kontan ankò. Ou pè pou w pa pèdi lavi w, men sa k pi rèd la, ou pè pou fanmi w ak zanmi w pa pèdi lavi yo.” — Oleksandra, Ikrèn.

“Sa rèd anpil pou w kanpe nan yon liy ap tann manje soti dezè dimaten rive onzè nan aswè, e w pa menm konnen si w pap pran yon bal mawon.” — Daler, Tajikistan.

“Yo te touye paran m yo nan lagè. Lagè fè m pa gen ni manman ni papa pou konsole m oswa pou pran swen m.” — Marie, Wannda.

Malgre tout kalamite lagè pote, moun nou site pi wo yo te rive jwenn lapè. Mete sou sa, yo gen konviksyon, talè konsa, pap gen lagè ak vyolans ankò. Nan nimewo Toudegad sa a, n ap sèvi ak Bib la pou n esplike ki jan sa pral fèt.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje