ATIK ETID 18
KANTIK 65 Kontinye pwogrese!
Nou menm jèn frè, suiv egzanp Mak ak Timote
“Pran Mak vin avè w, paske li itil mwen pou sèvis la.” — 2 TIM. 4:11.
PWEN KLE
Fason egzanp Mak ak Timote kapab ede jèn frè yo vin gen kalite y ap bezwen pou yo fè plis nan sèvis Jewova a e pou frè ak sè nan kongregasyon an.
1-2. Ki difikilte ki te ka anpeche Mak ak Timote sèvi lòt moun plis toujou?
NOU menm jèn frè, èske nou vle fè plis nan sèvis Jewova a e èske nou vle pi itil frè ak sè yo nan kongregasyon an? Pa gen dout, se sa nou vle. Se pa ti kontan nou kontan lefètke nou wè anpil jèn frè dispoze sèvi frè ak sè yo (Sòm 110:3)! Sepandan, sa ka rive ou jwenn kèk difikilte. Èske w yon ti jan renka pou w fè plis nan travay fè disip la paske w pa fin konnen ki jan lavi w ap ye? Èske w te deja refize yon asiyasyon paske w te manke konfyans nan tèt ou? Si sa te rive w, ou pa premye moun ki santi l konsa.
2 Mak ak Timote te jwenn difikilte menm jan an. Men, lefètke yo pa t fin konnen ki jan lavi yo t ap ye oswa yo pa t gen anpil eksperyans, yo pa t kite sa anpeche yo sèvi frè ak sè yo. Petèt, Mak t ap viv ansanm ak manman l nan yon kay kote l te byen alèz lè apot Pòl ak Banabas te envite l vin ansanm ak yo nan premye vwayaj yo t ap fè antanke misyonè (Tra. 12:12, 13, 25). Mak te kite lakay li pou l te fè plis nan sèvis Jewova a. Toudabò, li te ale antyòch. Apre sa, li te ale ak Pòl ak Banabas lòt kote byen lwen (Tra. 13:1-5). Sanble Timote t ap viv ak paran l tou lè Pòl te envite l vin ansanm avè l nan travay predikasyon an. Lefètke Timote te jèn e l pa t gen eksperyans, li te ka panse li pa kalifye pou l akonpaye Pòl nan travay predikasyon an. (Konpare ak 1 Korentyen 16:10, 11 e ak 1 Timote 4:12.) Sepandan, li te aksepte envitasyon Pòl te ba li a e l te jwenn anpil benediksyon. — Tra. 16:3-5.
3. a) Jis nan ki pwen Pòl te apresye Mak ak Timote? (2 Timote 4:6, 9, 11). (Gade foto yo tou.) b) Ki kesyon nou pral egzamine nan atik sa a?
3 Mak ak Timote te vin gen bonjan eksperyans e yo te aprann jere gwo responsablite yo te gen nan kongregasyon an, byenke yo te jèn. Pòl te tèlman apresye jèn gason sa yo, annapre li te mande pou yo vin jwenn li lè l te rann li kont li pa t lwen mouri. (Li 2 Timote 4:6, 9, 11.) Ki kalite Mak ak Timote te genyen ki fè Pòl te renmen yo? Ki jan jèn frè yo ka suiv egzanp yo? E ki jan konsèy Pòl te bay yo, ki tankou konsèy yon papa bay pitit li, ka itil jèn frè yo jodi a?
Mak ak Timote te fè Pòl renmen yo paske yo te aksepte yon seri responsablite, byenke yo te jèn. (Gade paragraf 3.)c
SUIV EGZANP MAK, SE POU W DISPOZE FÈ PLIS NAN SÈVIS JEWOVA A
4-5. Ki jan Mak te montre li dispoze sèvi lòt moun?
4 Selon yon referans, sèvi lòt moun ka vle di fè efò pou w ede yo e pou w kontinye ede yo, menm lè sa difisil. Mak te bay yon bèl egzanp nan sans sa a. Lè Pòl pa t vle ale avè l nan dezyèm vwayaj li t ap fè antanke misyonè, sandout sa te fè Mak lapenn e se te yon desepsyon pou li (Tra. 15:37, 38). Men, sa pa t fè Mak dekouraje pou l te sispann sèvi frè l ak sè l yo.
5 Mak te aksepte al sèvi nan yon lòt zòn ansanm ak kouzen l, Banabas. Anviwon 11 an annapre, premye fwa apot Pòl te nan prizon nan vil Wòm, Mak te pami moun ki t ap ede l yo (Flm. 23, 24). Anfèt, Pòl te tèlman apresye èd Mak te ba li, li te di Mak se “yon gwo rekonfò” pou li. — Kol. 4:10, 11.
6. Lefètke Mak te ansanm ak kretyen ki te gen matirite, ki jan sa te itil li? (Gade nòt la.)
6 Lefètke Mak te ansanm ak kretyen ki te gen matirite, sa te ede l anpil. Apre l te fin pase kèk tan ak Pòl nan vil Wòm, li t al jwenn apot Pyè Babilòn. Yo te tèlman vin bon zanmi, Pyè te rele Mak “pitit gason m”. (1 Pyè 5:13.) Lefètke Mak te travay ansanm ak Pyè, pa gen dout, Pyè te fè jèn zanmi l lan konn anpil bèl bagay sou lavi Jezi ak sèvis li, sa ki te pèmèt Mak ekri enfòmasyon sa yo annapre nan Evanjil li te ekri a.a
7. Ki jan yon jèn frè ki rele Jingyi te suiv egzanp Mak? (Gade foto a tou.)
7 Mak te rete okipe nan sèvis li e l te rete pwòch ak frè ki te gen matirite. Ki jan w ka suiv egzanp Mak? Si w poko ka jwenn yon privilèj nan sèvis Jewova a, pran pasyans ak tèt ou e kontinye chèche lòt fason pou w sèvi Jewova ak frè ak sè yo nan kongregasyon an. Ann pran egzanp Jingyib, yon frè k ap sèvi kòm ansyen kounye a. Lè l te pi jèn, li te konn konpare tèt li ak lòt jèn frè. Gen ladan yo ki te jwenn kèk privilèj anvan l. Jingyi te santi yo te bliye l e l t al pale sou sa ak kèk frè ki gen matirite. Gen yon ansyen ki te ankouraje l fè sa l kapab pou l sèvi lòt moun menmsi gen moun ki ka pa remake sa l ap fè yo. Jingyi te aksepte konsèy sa a e l te mete l disponib pou l ede frè ak sè ki granmoun yo ak moun ki bezwen woulib pou al nan reyinyon. Lè l ap reflechi ak moman sa a nan lavi l, men sa l di: “Mwen te vin pi byen konprann sa sa vle di sèvi lòt moun. Mwen te vin wè kè kontan sa bay lè n ede lòt moun.”
Poukisa li bon pou jèn frè yo pase tan regilyèman ak frè ki gen matirite? (Gade paragraf 7.)
SUIV EGZANP TIMOTE, MONTRE W GEN ANPIL SOUSI POU LÒT MOUN
8. Poukisa Pòl te chwazi Timote pou vwayaje ansanm avè l? (Filipyen 2:19-22).
8 Pòl te bezwen frè ki te gen kouraj pou retounen ansanm avè l nan vil kote l te jwenn pèsekisyon yo. Toudabò, li te chwazi yon kretyen ki te gen eksperyans ki te rele Silas pou ale ansanm avè l (Tra. 15:22, 40). Annapre, Pòl te chwazi Timote pou ale ansanm avè l tou. Poukisa Pòl te chwazi Timote? Youn nan rezon yo se paske l te gen bon repitasyon (Tra. 16:1, 2). Epitou, Timote te gen sousi pou lòt moun toutbon. — Li Filipyen 2:19-22.
9. Ki jan Timote te montre li gen anpil sousi pou frè ak sè yo?
9 Lè Timote te kòmanse sèvis li ansanm ak Pòl, li te montre li gen plis sousi pou lòt moun pase pwòp tèt li. Se poutèt sa, lè Pòl te kite l Bere, li te gen konfyans li t ap ankouraje nouvo disip yo (Tra. 17:13, 14). Nan moman sa a, sandout Timote te jwenn èd Silas ki te rete Bere tou. Annapre, Pòl te voye Timote Tesalonik poukont li pou l fòtifye kretyen nan vil sa a (1 Tes. 3:2, nòt). Pandan anviwon 15 an apre sa, Timote te aprann “kriye ak moun k ap kriye”, konsa, li te montre l konprann moun k ap soufri (Wom. 12:15; 2 Tim. 1:4). Ki jan jèn frè yo kapab suiv egzanp Timote?
10. Ki jan yon frè ki rele Haoyu te aprann gen plis sousi pou lòt moun?
10 Gen yon frè ki rele Haoyu ki te aprann gen plis sousi pou lòt moun. Lè l te pi jèn, li te wè l difisil pou l gen konvèsasyon ak frè ak sè ki te pi gran pase l. Donk, lè l te wè yo nan reyinyon, li te jis salye yo, men, li pa t gen konvèsasyon avè yo. Yon ansyen te ankouraje Haoyu pou l kòmanse konvèsasyon ak frè l ak sè l yo lè l di yo sa l apresye lakay yo. Epitou, ansyen an te ankouraje l panse ak sa ki ka enterese lòt moun. Haoyu te suiv konsèy sa a lè l ap pale ak lòt moun. Jodi a, li se yon ansyen. Men sa l di: “Kounye a, mwen wè l fasil pou m gen bonjan konvèsasyon ak moun tout laj. Mwen pi byen konprann difikilte lòt moun genyen. Sa ede m konn ki sa frè m ak sè m yo vrèman bezwen ak sa m ka fè pou m ede yo.”
11. Ki jan jèn frè yo ka vin gen sousi pou lòt moun nan kongregasyon an? (Gade foto a tou.)
11 Menm jan an tou, nou menm jèn frè, nou kapab aprann gen sousi pou lòt moun. Lè w al nan reyinyon, pale ak tout kalite moun, kèlkeswa laj yo. Mande yo ki jan yo ye, epi koute yo. Rive yon lè, ou ka vin wè fason w ka ede yo. Petèt ou ka aprann gen yon mari ak madanm ki granmoun ki bezwen èd pou yo sèvi ak aplikasyon JW Library® a. Oubyen, ou ka vin aprann pa gen moun ki fè aranjman pou preche avè yo. Èske w ta ka ede moun sa yo ak aparèy elektwonik yo genyen, oswa èske w ka fè aranjman pou w preche avè yo? Lè w ede frè w ak sè w yo fason sa yo, w ap yon bèl egzanp pou tout moun.
Jèn frè yo ka ede kongregasyon an plizyè fason. (Gade paragraf 11.)
KONSÈY PÒL YO KAPAB EDE W
12. Ki jan konsèy Pòl te bay Timote yo ka itil jèn frè yo?
12 Pòl te bay Timote bonjan konsèy pou ede l reyisi nan lavi l ak nan sèvis li (1 Tim. 1:18; 2 Tim. 4:5). Ou menm jèn frè, konsèy Pòl te bay yo, ki tankou konsèy yon papa bay pitit li, kapab itil ou tou. Ki jan? Li de lèt Pòl te ekri Timote yo kòmsi se ou li te ekri lèt sa yo, epi gade ki jan w ka aplike konsèy li bay yo nan lavi w. Ann pran kèk egzanp.
13. Ki sa n bezwen fè pou n vin gen yon atachman pèsonèl ak Jewova?
13 “Fè antrènman nan objektif pou w gen atachman pou Bondye.” (1 Tim. 4:7b). Ki sa atachman pou Bondye ye? Se yon atachman pèsonèl ou genyen pou Jewova ak anvi w genyen pou w fè l plezi. Lefètke nou pa t fèt ak kalite sa a, nou bezwen fè efò pou n vin genyen l. Ki jan n ka fè sa? Souvan, yo te konn sèvi ak mo grèk lè yo tradui l yo mete “fè antrènman” pou li a pou montre gwo antrènman atlèt yo te konn fè pou yo prepare yo pou yon konpetisyon. Atlèt sa yo te bezwen disipline tèt yo. Nou menm tou, nou bezwen disipline tèt nou pou n ka vin gen yon seri abitid k ap fè n vin pi pwòch ak Jewova.
14. Lè n ap li Bib la, ki objektif nou ta dwe genyen? Bay yon egzanp.
14 Toutpandan w ap fè efò pou w vin gen abitid li Bib la, sonje objektif ou se vin pi pwòch ak Jewova. Pa egzanp, lè w li istwa kote Jezi te rankontre yon jèn chèf ki te rich, ki sa w aprann (Mak 10:17-22)? Jèn gason sa a te kwè Jezi se Mesi a, men, li pa t gen ase lafwa pou l te suiv Jezi. Malgre sa, Jezi te “santi l gen lanmou pou li”. Èske fason Jezi te pale ak jèn gason sa a pa touche w? Pa gen dout, Jezi te vle l pran yon desizyon ki montre li gen sajès. Epitou, menm jan ak Jewova, Jezi te gen lanmou pou jèn gason an (Jan 14:9). Pandan w ap reflechi ak istwa sa a e ak sitiyasyon pa w, mande tèt ou: ‘Ki sa m bezwen fè pou m vin pi pwòch ak Jewova e pou m sèvi frè m ak sè m yo pi plis toujou?’
15. Poukisa l enpòtan pou yon jèn frè bay bon egzanp? Esplike. (1 Timote 4:12, 13).
15 “Se pou w vin yon egzanp pou moun ki fidèl yo.” (Li 1 Timote 4:12, 13.) Pòl te ankouraje Timote nonsèlman pou l vin gen yon seri kapasite tankou fè lekti ak anseye, men tou, pou l gen yon seri kalite tankou lanmou, lafwa, e pou l mennen yon vi ki pwòp. Poukisa? Lè nou bay bon egzanp, sa pi enpòtan pase pawòl n ap di. Ann sipoze yo ba w fè yon diskou sou fason pou n vin pi chofe nan travay predikasyon an. W ap santi w pi alèz pou w fè diskou sa a si w bay tout ou menm nan travay predikasyon an. Egzanp ou bay ap fè pawòl ou yo gen plis fòs. — 1 Tim. 3:13.
16. a) Bay senk fason jèn kretyen yo ka vin yon egzanp. b) Ki jan yon jèn frè ka vin yon egzanp “nan pawòl” li?
16 Nan 1 Timote 4:12, Pòl montre senk fason yon jèn frè ka vin yon egzanp. Lè w ap fè etid pèsonèl ou, li ta bon pou w reflechi sou chak fason sa yo. Pa egzanp, ann sipoze ou vle vin yon pi bon egzanp “nan pawòl” ou. Reflechi sou fason w ka sèvi ak pawòl ou pou w ankouraje lòt moun. Si w toujou ap viv lakay paran w, èske w ka fè yo konnen pi souvan jan w apresye sa yo fè pou ou? Apre reyinyon, èske w ka di yon moun ki te gen yon patisipasyon ki sa w te apresye nan patisipasyon l lan? Epitou, ou ka eseye bay kòmantè nan pwòp mo pa w nan reyinyon yo. Efò w ap fè pou w vin yon egzanp nan pawòl ou ap montre w ap fè pwogrè nan sèvis Jewova a. — 1 Tim. 4:15.
17. Ki sa k ap ede yon jèn frè pou l reyalize objektif li genyen nan sèvis Jewova a? (2 Timote 2:22).
17 “Kouri pou dezi ki natirèl lakay jèn yo, men chèche gen ladwati.” (Li 2 Timote 2:22.) Pòl te ankouraje Timote pou l kouri pou dezi ki ta ka anpeche l reyalize objektif li genyen nan sèvis Jewova a oswa ki ta ka fè l pa gen bon relasyon ak Jewova. Ou ka remake tou gen kèk aktivite, menm lè yo pa gen anyen mal ladan yo, ki kapab fè w pa jwenn ase tan pou w fè plis nan sèvis Jewova a. Pa egzanp, reflechi ak kantite tan ou pase ap fè spò, ap fè rechèch sou Entènèt, oswa ap jwe jwèt videyo. Èske w ta ka sèvi ak yon pati nan tan sa a pou w fè plis nan sèvis Jewova a e pou w ede lòt moun? Petèt, ou ta ka ofri tèt ou pou w ede pran swen Sal Wayòm nan oswa pou w patisipe nan temwayaj ak charyo. Si w patisipe nan aktivite sa yo, sandout w ap vin gen nouvo zanmi k ap ede w gen objektif nan sèvis Jewova a e k ap ede w reyalize yo.
N AP JWENN BENEDIKSYON LÈ NOU SÈVI LÒT MOUN
18. Poukisa n kapab di Mak ak Timote te jwenn anpil kè kontan nan lavi yo?
18 Mak ak Timote te fè sakrifis pou yo sèvi lòt moun plis toujou, e sa te fè yo jwenn anpil kè kontan nan lavi yo (Tra. 20:35). Mak te vwayaje plizyè kote sou tè a pou l te sèvi frè l ak sè l yo. Epitou, li te ekri yon bèl istwa sou lavi Jezi ak sèvis li. Timote te ede Pòl tabli kongregasyon epi ankouraje frè ak sè yo. Se sèten, sa te fè kè Jewova kontan lè l te wè tout efò Mak ak Timote te fè nan sèvis yo t ap ba li a.
19. Poukisa jèn frè yo bezwen koute konsèy Pòl te bay Timote yo, e ki byenfè y ap jwenn lè yo fè sa?
19 Li fasil pou n wè afeksyon Pòl te gen pou Timote, jèn zanmi l lan, nan lèt li te ekri l yo. Lèt sa yo Jewova te pouse Pòl ekri montre Jewova renmen nou anpil, nou menm jèn frè. Li vle nou reyisi. Donk, koute konsèy Pòl te bay yo, ki tankou konsèy yon papa bay pitit li, e chèche vin gen anvi pou w sèvi lòt moun pi plis toujou. Si w fè sa, w ap gen anpil kè kontan nan lavi w depi kounye a e w ap “kenbe lavi toutbon” ki pral genyen an fèm. — 1 Tim. 6:18, 19.
KANTIK 80 “Goute e n a wè jan Jewova bon”
a Lefètke Pyè te yon moun ki pa t pè montre sa l santi, li te kapab fè Mak konnen fason Jezi te santi l ak fason li te reyaji nan plizyè sitiyasyon. Petèt, sa ka ede n konprann rezon ki fè Mak te pale souvan sou fason Jezi te santi l ak fason l te aji nan Evanjil li te ekri a. — Mak 3:5; 7:34; 8:12.
b Gen kèk non yo chanje.
c ESPLIKASYON SOU FOTO: Mak k ap ede Pòl ak Banabas nan vwayaj yo t ap fè antanke misyonè. Timote ki kontan vizite yon kongregasyon pou fòtifye frè yo e pou ankouraje yo.