BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • w25 me p. 8-13
  • Konte sou Jewova pou l konsole w

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Konte sou Jewova pou l konsole w
  • Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2025
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • JEWOVA MONTRE L GEN MIZÈRIKÒD LEFÈTKE LI PADONE NOU
  • JEWOVA BAN NOU ESPWA
  • JEWOVA EDE N POU N PA PÈ
  • Jewova “geri moun kè yo ap fann yo”
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2024
  • Ann montre n konn limit noulè n aksepte gen bagay nou pa konnen
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2025
  • Nou pa janm poukò n
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2025
  • Fason nou ka montre nou konte sou Jewova nan desizyon n ap pran yo
    Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen — Pwogram reyinyon — 2023
Gade plis
Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2025
w25 me p. 8-13

ATIK ETID 20

KANTIK 7 Jewova se fòs nou

Konte sou Jewova pou l konsole w

“Louwanj pou [...] Papa ki gen kè sansib la, Bondye tout konsolasyon an.” — 2 KOR. 1:3.

PWEN KLE

Leson nou aprann nan fason Jewova te konsole Juif ki te ann egzil yo.

1. Fè yon ti pale sou sitiyasyon Juif ki te ann egzil yo.

IMAJINE jan Juif ki te ann egzil nan Babilòn yo dwe te santi yo. Yo te wè peyi yo a detwi. Akoz peche yo menm ak zansèt yo te fè, yo t al pran yo lakay yo e yo te voye yo nan yon peyi etranje (2 Kwo. 36:​15, 16, 20, 21). An reyalite, Juif ki te ann egzil nan Babilòn yo te lib pou yo fè aktivite yo chak jou (Jer. 29:​4-7). Men, lavi a pa t fasil, e se pa konsa yo t ap renmen viv. Ki jan yo te santi yo nan sitiyasyon yo te ye a? Men sa youn nan moun ki te fidèl ki te ann egzil yo te di: “Nou te chita bò rivyè Babilòn yo, nou t ap kriye lè nou te sonje Siyon.” (Sòm 137:1). Juif ki te ann egzil yo ki te tris te bezwen konsolasyon. Men, ki kote yo t ap jwenn konsolasyon sa a?

2-3. a) Ki sa Jewova te fè pou Juif ki te ann egzil yo? b) Ki sa nou pral wè nan atik sa a?

2 Jewova se “Bondye tout konsolasyon an”. (2 Kor. 1:3.) Antanke yon Bondye ki gen lanmou, li vle konsole tout moun ki pwoche bò kote l. Jewova te konnen gen nan Juif ki te ann egzil yo ki t ap aksepte disiplin li te ba yo a e ki t ap retounen vin jwenn li (Eza. 59:20). Se sa k fè, plis pase 100 an anvan pèp la t al ann egzil, li te fè pwofèt Ezayi ekri liv ki pote non l lan. Ki jan liv sa a t apral ede yo? Men sa Ezayi di: “Men sa Bondye nou an di: ‘Konsole pèp mwen an, konsole l.’” (Eza. 40:1). Vrèmanvre, pa mwayen pawòl pwofèt la te ekri yo, Jewova te bay Juif ki te ann egzil yo konsolasyon yo t ap bezwen.

3 Menm jan ak Juif ki te ann egzil yo, nou menm tou nou bezwen konsolasyon tanzantan. Nan atik sa a, nou pral wè twa fason Jewova te bay Juif ki te ann egzil yo konsolasyon: 1) Li te pwomèt l ap padone moun ki te repanti yo, 2) li te bay pèp li a espwa, e 3) li te ede yo pou yo pa t pè. Pandan n ap egzamine pwen sa yo, n ap wè fason Jewova konsole nou menm jan an jodi a.

JEWOVA MONTRE L GEN MIZÈRIKÒD LEFÈTKE LI PADONE NOU

4. Ki jan Jewova te montre li se yon Bondye ki gen mizèrikòd? (Ezayi 55:7).

4 Jewova se “Papa ki gen kè sansib la”. (2 Kor. 1:3.) Li te demontre kalite sa a lè l te pwomèt l ap padone moun ki te ann egzil ki te repanti yo. (Li Ezayi 55:7.) Men sa l te di: “M ap gen mizèrikòd pou ou paske lanmou ki fidèl mwen genyen an pap janm fini.” (Eza. 54:8). Ki jan Jewova t ap montre li gen mizèrikòd? Menm lè Juif yo antanke pèp t ap gen pou yo sibi konsekans sa yo te fè yo, Jewova te pwomèt yo pa t ap ret Babilòn nèt. Yo t ap ret ann egzil pou yon ti tan (Eza. 40:2). Se pa ti konsole pawòl sa yo dwe te konsole Juif ki te repanti pami pèp la e se pa ti asirans sa dwe te ba yo!

5. Sa k fè nou gen plis rezon toujou pase Juif ki te ann egzil yo pou n kwè Jewova gen mizèrikòd?

5 Ki sa nou aprann? Jewova dispoze padone sèvitè l yo nèt. Jodi a, nou gen plis rezon toujou pase Juif ki te ann egzil yo pou n kwè Jewova gen mizèrikòd. Sa k fè sa? Paske nou konnen sa Jewova te fè pou l padone peche nou. Plizyè santèn ane apre Ezayi te fin bay pwofesi l la, Jewova te voye Pitit Gason l lan li renmen anpil la sou tè a pou l bay yon ranson pou tout moun ki peche e ki repanti. Se grasa sakrifis sa a peche nou ap “efase”, sa vle di y ap disparèt (Tra. 3:19; Eza. 1:18; Efe. 1:7). Vrèmanvre, Bondye n ap sèvi a gen anpil mizèrikòd!

6. Lefètke nou konnen Jewova gen mizèrikòd, ki jan sa ka ede n? (Gade foto a tou.)

6 Pawòl Jewova te fè Ezayi ekri nou jwenn nan Ezayi 55:7 la kapab konsole nou si konsyans nou ap kale nou. Gen nan nou konsyans nou ka kontinye ap kale nou menm apre nou fin repanti pou yon bagay mal nou te fè. Sa ka rive, sitou si n kontinye peye konsekans sa n te fè ki mal la. Sepandan, si n konfese peche nou te fè yo e nou sispann fè sa ki mal, nou kapab gen konfyans Jewova padone nou. E lè Jewova padone, li chwazi pa sonje peche nou yo. (Konpare ak Jeremi 31:34.) Donk, si Jewova pa ret ap panse ak peche n te fè, nou pa dwe fè sa tou. Sa k enpòtan pou Jewova, se sa n ap fè kounye a, se pa move bagay nou te fè (Eze. 33:​14-16). Talè konsa, Papa nou an ki gen kè sansib pral elimine tout sa k ap fè n soufri akoz move bagay nou te fè.

Yon frè k ap mache avèk asirans. Foto ki ansanm: Plizyè ti foto ki montre sa l te konn fè anvan ak sa l ap fè kounye a. Move bagay li te konn fè anvan: 1. Li te konn jwe jwèt videyo ki gen vyolans. 2. Li te konn bwè depase limit e l te konn fimen. 3. Li te konn gade bagay ki pa kòrèk sou òdinatè l. Sa l ap fè kounye a: 1. L ap netwaye Sal Wayòm nan. 2. L ap pale ak yon sè ki granmoun. 3. L ap patisipe nan travay predikasyon an.

Sa k enpòtan pou Jewova, se sa n ap fè kounye a, se pa move bagay nou te fè. (Gade paragraf 6.)


7. Ki sa k ka pouse n chèche èd si nou te fè yon peche epi n ap kache sa?

7 Ki sa n bezwen fè si n santi konsyans nou ap kale n apre n fin fè yon peche grav e n ap chèche kache sa? Bib la ankouraje n chèche èd nan men ansyen yo (Jak 5:​14, 15). Sepandan, li ka pa fasil pou n admèt nou te mal aji. Men, n ap anvi al kot frè sa yo ki fidèl, si nou repanti e si nou sonje Jewova ak frè sa yo li nome pou ede nou ap montre yo gen mizèrikòd e y ap montre yo renmen nou. Ann wè ki jan mizèrikòd Jewova genyen te konsole yon frè ki rele Arthura. Konsyans Arthur t ap kale l anpil. Men sa sa l te di: “Mwen te fè anviwon ennan ap gade pònografi. Men, apre m te fin tande yon diskou ki te pale sou konsyans, mwen te fè madanm mwen ak ansyen yo konnen sa m t ap fè a. Apre sa, m te vin santi m soulaje, men, mwen te toujou santi m gen yon pwa lou sou do m. Ansyen yo te fè m sonje Jewova pa voye m jete. Li disipline nou paske li renmen nou. Pawòl ankourajan yo te di m yo te touche kè m e sa te ede m korije fason m panse.” Jodi a, Arthur ap sèvi antanke pyonye e antanke sèvitè ministeryèl. Lefètke nou konnen Jewova ap fè n mizèrikòd si nou repanti, se pa ti konsole sa konsole nou!

JEWOVA BAN NOU ESPWA

8. a) Ki espwa Jewova te bay Juif ki te ann egzil yo? b) Selon Ezayi 40:​29-31, lefètke Juif ki te repanti yo te gen espwa, ki efè sa te ka gen sou yo?

8 Juif ki te ann egzil yo te ka panse yo pa t ap janm tounen nan peyi yo. Tout moun te konnen pisans mondyal Babilòn nan pa t konn lage moun yo te pran kòm prizonye yo (Eza. 14:17). Sepandan, Jewova te bay pèp li a espwa. Li te pwomèt l ap libere pèp li a, e pa gen anyen ki t ap ka anpeche l fè sa (Eza. 44:26; 55:12). Pou Jewova, Babilòn te tankou yon kouch pousyè (Eza. 40:15). Lè yo soufle sou pousyè, li pa la ankò. Ki efè espwa sa a te ka genyen sou Juif ki te ann egzil yo? Li t ap konsole yo. Men, li te ka fè plis toujou. Men sa Ezayi te ekri: “Moun ki met espwa yo nan Jewova ap repran fòs.” (Li Ezayi 40:​29-31.) Vrèmanvre, espwa sa a t ap ba yo fòs, yo t ap “vole byen wo kòmsi yo te gen zèl tankou èg”.

9. Ki rezon Juif ki te ann egzil yo te genyen pou yo te fè pwomès Jewova yo konfyans?

9 Epitou, Jewova te bay Juif ki te ann egzil yo rezon pou yo kwè nan pwomès li fè yo. Ki jan l te fè sa? Panse ak pwofesi ki te deja reyalize yo. Juif yo te konnen Asiri te pot laviktwa sou wayòm ki nan nò peyi Izrayèl la e yo te mennen moun yo ann egzil (Eza. 8:4). Yo te wè Babilónyen yo detwi Jerizalèm e yo te mennen moun ki te abite ladan l yo ann egzil (Eza. 39:​5-7). Yo te konnen wa Babilòn nan te pete je wa Sedesyas e li te mennen l Babilòn (Jer. 39:7; Eze. 12:​12, 13). Tout sa Jewova te anonse yo te reyalize (Eza. 42:9; 46:10). Tout bagay sa yo dwe te fè yo gen plis konfyans pwomès Jewova fè pou l libere yo a t ap reyalize.

10. Ki sa k ka ede n kenbe esperans nou genyen an fèm pandan dènye jou sa yo?

10 Ki sa nou aprann? Lè n santi n dekouraje, esperans nou genyen an kapab konsole nou e l kapab ede n repran fòs. N ap viv nan yon epòk ki difisil e n ap fè fas ak yon seri ènmi ki pisan. Sepandan, nou pa dwe pèdi espwa. Jewova ban nou yon bèl esperans, anpalan de lavi ki pap janm fini an, kote n pral gen bonjan lapè ak sekirite. Nou dwe kenbe esperans sa a klè nan lespri nou ak nan kè nou. Si nou pa fè sa, esperans nou genyen an ka vin flou nan lespri nou menm jan ak yon bèl peyizaj ki pa parèt klè paske n ap gade l ak yon linèt ki chaje pousyè. Ki jan n ka netwaye linèt la, sa vle di ki jan n ka kenbe esperans nou an byen klè nan lespri nou? Nou kapab pran tan regilyèman pou nou imajine kòman lavi nou pral bèl nan monn nouvo a. Nou kapab li atik, gade videyo, epi koute chante ki pale sou esperans nou genyen an. E nou ka priye Jewova konsènan pwomès n ap tann ak tout kè nou pou reyalize yo.

11. Ki sa k ede yon sè ki gen gwo pwoblèm sante repran fòs?

11 Reflechi sou jan esperans nou genyen an te konsole yon sè ki rele Joy ki gen gwo pwoblèm sante e ki jan sa te ba l fòs. Men sa l di: “Lè m santi m pa kapab ankò, mwen fè Jewova konn tout sa k ap trakase m paske m konnen li konprann mwen. Nan moman sa yo, Jewova ban m ‘yon pisans ki depase yon pisans nòmal’.” (2 Kor. 4:7). Epitou, Joy imajine li menm ki nan monn nouvo a, kote pap “gen yon moun nan peyi a k ap di: ‘Mwen malad.’” (Eza. 33:24). Nou menm tou, si nou vide kè nou bay Jewova e nou konsantre sou esperans nou genyen an, nou kapab repran fòs.

12. Ki rezon nou genyen pou n fè pwomès Jewova yo konfyans? (Gade foto a tou.)

12 Jewova ban n anpil rezon pou n kwè nan pwomès li fè yo, menm jan li te fè sa pou Juif ki te ann egzil yo. Panse ak pwofesi nou wè k ap reyalize yo. Pa egzanp, nou wè yon pisans mondyal ki gen “yon pati [ki] djanm e yon pati [ki] fèb”. (Dàn. 2:​42, 43.) Epitou, nou tande gen “tranblemanntè nan yon zòn apre yon lòt”, e nou preche moun “tout nasyon”. (Mat. 24:​7, 14.) Pwofesi sa yo ak anpil lòt ankò ranfòse lafwa nou nan pwomès Jewova fè ki konsole nou e ki gen pou reyalize yo.

Yon sè k ap li e k ap medite sou pwofesi ki nan Bib la. Foto ki ansanm: 1. Yon mari ak madanm ki kanpe bò kot yon charyo piblikasyon e k ap pale ak yon mesye. 2. Yon papa ansanm ak pitit gason l k ap gade dega yon katastwòf natirèl fè. 3. Yon wòch ki frape pye imaj Nebikadneza te wè nan rèv Dànyèl chapit 2 pale de li a. 4. Moun k ap jwi lavi a nan Paradi a sou tè a.

Pwofesi nou wè k ap reyalize jodi a ban nou rezon pou n fè pwomès Jewova yo konfyans. (Gade paragraf 12.)


JEWOVA EDE N POU N PA PÈ

13. a) Ki difikilte Juif yo t ap gen pou yo jwenn nan moman yo t ap libere yo a? b) Selon Ezayi 41:​10-13, ki jan Jewova te konsole Juif ki te ann egzil yo?

13 Menm lè Jewova te bay moun ki ann egzil yo yon bèl esperans pou konsole yo, li te konnen yo t ap jwenn difikilte nan moman yo t ap libere yo. Jewova te anonse nan dènye moman Juif yo t ap fè ann egzil la gen yon wa ki gen anpil pisans ki t ap vin ravaje nasyon ki ozalantou yo e ki t ap atake Babilòn (Eza. 41:​2-5). Èske Juif yo t ap bezwen bay tèt yo pwoblèm? Men sa Jewova te gentan di pèp li a pou konsole yo: “Ou pa bezwen pè, paske mwen avè w. Pa bay tèt ou pwoblèm, paske mwen se Bondye w.” (Li Ezayi 41:​10-13.) Lè Jewova te di “mwen se Bondye w”, ki sa l te vle di? Èske se sonje li t ap fè Juif yo sonje pou yo adore l? Yo te konnen yo bezwen fè sa. Okontrè, li t ap fè yo sonje li te toujou la pou ede yo. — Sòm 118:6.

14. Ki bagay ankò Jewova te fè pou l te ede Juif ki te ann egzil yo pou yo pa t pè?

14 Epitou, Jewova te ede Juif ki te ann egzil yo pou yo pa t pè ankò lè l te fè yo sonje pisans ak konesans li genyen an san limit. Li te mande Juif ki te ann egzil yo pou yo leve tèt yo gade zetwal yo ki nan syèl la. Li te fè yo konnen li pa sèlman kreye zetwal yo, men tou, li konn non yo tout (Eza. 40:​25-28). Si Jewova konn non chak zetwal, se sèten li konn non chak sèvitè l yo! E si Jewova gen pisans pou l kreye zetwal yo, se sèten li gen pisans pou l ede pèp li a. Vrèmanvre, Juif ki te ann egzil yo pa t gen okenn rezon pou yo te bay tèt yo pwoblèm oswa pou yo te pè.

15. Ki jan Bondye te prepare Juif ki te ann egzil yo pou sa k t apral rive?

15 Jewova te prepare pèp li a tou pou sa k t apral rive pi devan. Anvan sa, nan liv Ezayi a, Jewova te di pèp la: “Antre nan chanm nou epi, fèmen pòt nou. Kache pou yon ti tan jiskaske kòlè a pase.” (Eza. 26:20). Petèt, pwofesi sa a te reyalize yon premye fwa lè wa Siris te pot laviktwa sou Babilòn. Gen yon istoryen grèk nan tan lontan ki di lè Siris te antre Babilòn, “li te bay [sòlda l yo] lòd pou yo touye depi se moun yo te jwenn nan lari”. Imajine jan moun ki te abite Babilòn yo dwe te pè! Men, sanble se paske Juif ki te ann egzil yo te obeyi enstriksyon Jewova te bay yo ki fè yo pa t viktim.

16. Poukisa nou pa bezwen bay tèt nou twòp pwoblèm pou lavni? (Gade foto a tou.)

16 Ki sa nou aprann? Talè konsa, nou pral fè fas ak pi gwo tribilasyon ki potko janm rive nan istwa lèzòm. Lè tribilasyon sa a kòmanse, moun yo nan monn nan pap konn sa pou yo fè, e y ap pè anpil. Men, sa pap rive pèp Jewova a. Nou konnen Jewova se Bondye nou. N ap kanpe djanm, piske nou konnen “se delivrans nou k ap pwoche”. (Lik 21:28.) Menm lè nasyon yo pral met tèt yo ansanm pou yo atake nou, n ap rete djanm. Jewova pral sèvi ak zanj yo pou pwoteje nou e l ap ban nou enstriksyon k ap sove lavi nou. Ki jan n ap rive jwenn enstriksyon sa yo? N ap bezwen tann pou n wè. Sepandan, sanble n ap jwenn enstriksyon sa yo pa mwayen kongregasyon nou yo. Nan yon sans, kongregasyon nou yo kapab vin “chanm” nou, kote n ap jwenn sekirite. Ki jan n ka prepare n pou sa k pral rive pi devan? Nou dwe chèche vin pwòch ak frè n ak sè n yo, nou dwe dispoze obeyi enstriksyon òganizasyon Jewova a bay, e nou dwe gen konviksyon se Jewova k ap dirije òganizasyon nou an. — Ebre 10:​24, 25; 13:17.

Kèk frè ak sè k ap li Labib ansanm nan yon pyès kay pandan gwo tribilasyon an. Y ap gade nan yon fenèt pandan youn nan frè yo ap lonje dwèt li sou syèl la nan aswè.

Lè n reflechi sou pisans ak kapasite Jewova genyen pou l sove n, nou pap bezwen bay tèt nou twòp pwoblèm pandan gwo tribilasyon an. (Gade paragraf 16.)b


17. Ki jan n ka konte sou Jewova pou l konsole n?

17 Menm lè Juif ki te ann egzil yo t ap nan yon sitiyasyon ki difisil, Jewova te ba yo konsolasyon yo t ap bezwen. L ap fè menm bagay la pou nou. Donk, kèlkeswa sa demen ta pote, ann kontinye konte sou Jewova pou l konsole n. Nou bezwen gen konfyans li gen anpil mizèrikòd. Ann kontinye kenbe esperans nou genyen an byen djanm. Nou bezwen sonje, piske Jewova se Bondye nou, nou pa gen anyen pou n pè.

KI JAN VÈSÈ KI VIN ANNAPRE YO KONSOLE W?

  • Ezayi 55:7.

  • Ezayi 40:​29-31.

  • Ezayi 41:​10-13.

KANTIK 3 Ou se fòs nou, ou se espwa nou e nou kwè nan ou

a Gen kèk non yo chanje.

b ESPLIKASYON SOU FOTO: Kèk frè ak sè ki reyini ansanm. Yo gen konfyans Jewova gen pisans ak kapasite pou l pwoteje pèp li a kèlkeswa kote yo ye sou tè a.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje