BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • w25 jen p. 26-31
  • Nou fè tout vi nou ap aprann nan men Gran Pwofesè nou an

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Nou fè tout vi nou ap aprann nan men Gran Pwofesè nou an
  • Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2025
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • BÈL EGZANP PARAN M YO TE BAY
  • LÈ M TE KÒMANSE NAN SÈVIS APLENTAN
  • LAVI NOU ANTANKE MISYONÈ
  • NOU TE ANN EWÒP, APRE SA NOU T AL ANN AFRIK
  • NOU T AL NAN MWAYENN ORYAN
  • NOU TE RETOUNEN ANN AFRIK
  • Mwen te detèmine pou m pa t kite men m tonbe
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2018
  • Jewova beni m plis pase sa mwen te atann
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2019
  • Jewova “fè tout bagay mache byen nan lavi” m
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2021
  • M te jwenn anpil bèl sipriz e m te aprann anpil bèl leson nan sèvis Jewova
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2023
Gade plis
Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2025
w25 jen p. 26-31
Franco Dagostini.

BYOGRAFI

Nou fè tout vi nou ap aprann nan men Gran Pwofesè nou an

DAPRE FRANCO DAGOSTINI

NOU te wè militè k ap fè tchèk nan lari, barikad ki gen dife, siklòn, gè sivil, e nou te oblije kouri kite kay nou. Se kèk nan bagay mwen menm ak madanm mwen te viv nan sèvis pyonye ak nan sèvis misyonè. Aktout sa, nou pa t ap chanje vi n ap mennen an pou anyen! Nan tout difikilte sa yo, Jewova te ede nou e l te beni nou. Epitou, antanke Gran Pwofesè nou, li te aprann nou yon seri leson enpòtan tou. — Jòb 36:22; Eza. 30:20.

BÈL EGZANP PARAN M YO TE BAY

Nan fen ane 1950 yo, paran m yo te kite peyi Itali pou yo t al viv Kindèsli, nan Saskatchewan, nan peyi Kanada. Yon ti tan apre sa, yo te aprann laverite, e se sa k te vin pi enpòtan nan lavi nou. Mwen sonje lè m te timoun, mwen te konn fè tout yon jounen ap preche ansanm ak fanmi m. Se sa k fè, pafwa pou fè blag, mwen konn di mwen te “pyonye oksilyè” lè m te gen uitan!

Franco ki ansanm ak paran l ak frè l ak sè l yo lè l te timoun.

Mwen menm ak fanmi m, ozanviwon ane 1966.

Paran m yo te pòv. Men, yo te bay bèl egzanp nan kesyon fè sakrifis pou Jewova. Pa egzanp, an 1963, yo te vann anpil nan bagay yo te genyen pou yo te ka jwenn kòb pou yo t al asiste kongrè entènasyonal ki t ap fèt Pasadena, nan Kalifòni, Ozetazini. An 1972, nou t al viv Trel, nan Kolonbi Britanik, nan peyi Kanada, nan yon distans anviwon 1000 kilomèt pou n te ede nan tèritwa italyen. Papa m te konn travay nan yon magazen, li te konn fè netwayaj. Li te refize plizyè pwomosyon pou l te ka ret konsantre sou sèvis Jewova a.

Mwen gen rekonesans pou bèl egzanp paran m yo te bay mwen menm ak twa frè m ak sè m yo. Sa te ede m anpil nan fòmasyon mwen jwenn nan sèvis Jewova a. Yo te aprann mwen yon bagay ki te make m pandan tout vi m: Si m chèche Wayòm nan an premye, Jewova ap pran swen m. — Mat. 6:33.

LÈ M TE KÒMANSE NAN SÈVIS APLENTAN

An 1980, mwen te marye ak Debbie, yon bèl sè ki te vle reyalize yon seri objektif nan sèvis Jewova a. Nou te vle antre nan sèvis aplentan. Donk, Debbie te kòmanse sèvis pyonye twa mwa apre maryaj nou. Apre ennan maryaj, nou t al ede yon ti kongregasyon ki te bezwen plis pwoklamatè e m te vin pyonye tou.

Franco ak Debbie, jou maryaj yo.

Jou maryaj nou, nan ane 1980.

Rive yon lè, nou te dekouraje e n te deside al viv yon lòt kote. Men, anvan sa, nou te pale ak siveyan sikonskripsyon an. Li te onèt avè n e l te di nou avèk jantiyès: “N ap fè sitiyasyon nou vin pi difisil. Nou konsantre sou bagay ki negatif yo. Men, si n chèche sa ki pozitif, n ap jwenn.” Se egzakteman konsèy sa a nou te bezwen (Sòm 141:5). Nou te aplike l tousuit, e n pa t pran tan pou n te rann nou kont, an reyalite, gen anpil bagay pozitif ki te rive. Plizyè moun nan kongregasyon an te vle fè plis pou Jewova san wete timoun yo ak kèk moun ki gen mari yo oswa madanm yo ki pap sèvi Jewova. Nou te aprann yon gwo leson. Nou te aprann wè bagay yo yon fason pozitif, epi tann Jewova korije yon sitiyasyon ki ka parèt difisil (Miche 7:7). Nou te vin gen kè kontan ankò, e bagay yo te vin amelyore.

Frè ki te anseye nou nan premye lekòl pyonye nou te asiste a te deja sèvi nan lòt peyi. Lè yo t ap montre yon seri foto e yo te pale sou difikilte ak benediksyon yo te jwenn, sa te fè n anvi vin misyonè. Donk, nou te di tèt nou nou vle antre nan sèvis sa a. 

Yon pakin Sal Wayòm yo netwaye apre yon pakèt nèj fin tonbe.

Nan yon Sal Wayòm nan Kolonbi Britanik, nan ane 1983.

Pou n te reyalize objektif sa a, nou t al viv Kebèk an 1984, nan pati ki pale fransè a ki nan yon distans plis pase 4000 kilomèt parapò ak Kolonbi Britanik. Nou te oblije aprann yon lòt kilti ak yon lòt lang. Yon lòt difikilte nou te konn jwenn, sèke byen souvan nou te konn razè. Yon lè, pou n te kontinye viv, nou te oblije al ranmase pòmdetè ki te konn rete nan jaden yon kiltivatè. Debbie te konn fè tèt li travay pou l prepare bon ti manje ak pòmdetè yo. Malgre difikilte sa yo, nou te fè tout sa n kapab pou n kontinye gen kè kontan. Epitou, nou te wè Jewova t ap pran swen nou. — Sòm 64:10.

Yon jou, nou te resevwa yon kout fil sanzatann. Yo te envite n al sèvi nan Betèl Kanada. Men, piske nou te aplike pou Lekòl Galaad, nou pa t konn si pou n kontan si pou n pa t kontan. Sepandan, nou te aksepte envitasyon an. Lè nou te rive, nou te mande frè Kenneth Little, yon manm Komite filyal: “Ki sa n ap fè si yo envite n nan lekòl Galaad?” Li te reponn nou: “Si sa ta rive n ap konn sa pou n fè.”

Vrèmanvre, yon semèn annapre, yo te envite mwen menm ak Debbie nan Lekòl Galaad. Donk, nou te dwe pran yon desizyon. Men sa frè Little te di nou: “Kèlkeswa chwa nou ta fè a, gen jou nou ka di tèt nou pito nou te fè lòt chwa a. Pa gen youn ki pi bon pase lòt, Jewova ka beni nenpòt nan yo. Nou te aksepte envitasyon pou n t al Lekòl Galaad la, e tank ane yo t ap pase, nou te wè pawòl frè Little te di yo se laverite. Souvan, nou te konn di moun ki gen pou yo chwazi ki asiyasyon y ap aksepte nan sèvis Jewova a menm pawòl li te di nou yo.

LAVI NOU ANTANKE MISYONÈ

(Agoch) Ulysses Glass

(Adwat) Jack Redford

Nou te kontan anpil pou n te pami 24 elèv ki te nan 83yèm klas Lekòl Galaad la ki te fèt Bwouklin, nan Nouyòk, ann avril 1987. Se frè Ulysses Glass ak frè Jack Redford ki te prensipal enstriktè nou te genyen. Senk mwa yo te pase byen vit e nou te gradye nan dat 6 septanm 1987. Yo te voye n al sèvi Ayiti ansanm ak John ak Marie Goode.

Franco ak Debbie k ap preche sou yon plaj ann Ayiti.

Ann Ayiti, nan ane 1988.

Depi lè yo te mete dènye misyonè yo deyò nan peyi a nan ane 1962, yo pa t voye misyonè ki sot Galaad ankò. Twa semèn apre gradyasyon an, nou te kòmanse sèvis nou ann Ayiti nan yon zòn andeyò ki gen mòn, nan yon ti kongregasyon ki gen 35 pwoklamatè. Nou te jèn, nou pa t gen eksperyans e nou te poukont nou nan kay misyonè kote nou te ye a. Moun nan zòn nan te pòv e pifò nan yo pa t konn li. Lè n te fèk kòmanse sèvis nou antanke misyonè, te konn gen manifestasyon, koudeta, barikad ki gen dife e te konn gen siklòn.

Nou te aprann anpil bagay nan men frè n ak sè n yo ann Ayiti ki kontinye vanse ak kè kontan malgre tout sa yo viv. Lavi a pa t fasil pou anpil nan yo, men yo te renmen Jewova ak travay fè disip la. Te gen yon sè ki granmoun e ki pa t konn li. Epoutan, li te konn anviwon 150 vèsè pakè. Pwoblèm ki te genyen yo te fè nou pi detèmine pou n kontinye preche mesaj Wayòm nan kòm sèl solisyon pou pwoblèm lèzòm yo. Nou te kontan wè kèk nan premye etidyan Labib nou yo te vin pyonye pèmanan, pyonye espesyal e genyen ki te vin ansyen.

Pandan m te Ayiti, mwen te rankontre Trevor, yon jèn misyonè Mòmon, e nou te gen posiblite pale sou Bib la plizyè fwa. Kèk ane annapre, sanzatann, mwen te resevwa yon lèt li te ekri m. Men sa l te ekri: “ M ap batize nan pwochen asanble a! M ta renmen retounen Ayiti pou m al sèvi antanke pyonye espesyal nan menm zòn mwen te misyonè Mòmon an.” Li te fè sa vre pandan plizyè ane ansanm ak madanm li.

NOU TE ANN EWÒP, APRE SA NOU T AL ANN AFRIK

Franco k ap travay nan biwo l.

Pandan m t ap travay nan peyi Sloveni, nan ane 1994.

Yo te voye n al sèvi nan yon zòn ann Ewòp kote travay Wayòm nan te fèk ap kòmanse. An 1992, nou te rive Joubjana, nan peyi Sloveni, toupre kote paran m yo te grandi anvan yo t al nan peyi Itali. Nan epòk sa a, te toujou gen lagè nan zòn ansyen tèritwa Yougoslavi a. Filyal ki nan Vyèn nan, nan peyi Otrich, ansanm ak biwo ki nan Zagrèb la, nan peyi Kwowasi, ak biwo ki nan Bèlgrad la, nan peyi Sèbi, te konn sipèvize travay predikasyon an nan zòn nan. Kounye a, chak repiblik sa yo ki endepandan t ap vin gen pwòp Betèl pa yo.

Donk, nou te bezwen aprann yon lòt lang ak yon lòt kilti. Moun nan zòn nan te konn di: “Jezik je težek”, sa vle di “Lang nan difisil”. E l te difisil vre! Nou te kontan wè jan frè ak sè sa yo ki fidèl te dispoze aksepte chanjman òganizasyon an fè e nou te wè jan Jewova te beni yo. Yon lòt fwa ankò, nou te wè fason Jewova te toujou korije bagay yo, e l te fè sa nan bon moman e avèk lanmou. Nou te aprann anpil leson lè n te nan peyi Sloveni, e anpil nan leson nou te aprann anvan yo te ede n andire difikilte nou te jwenn nan peyi sa a.

Men, t apral gen plis chanjman toujou. Nan ane 2000, yo te voye n al sèvi nan peyi Kotdivwa, ann Afrik delwès. Epi, an novanm 2002, akoz gè sivil ki te vin genyen, yo te voye n Syera Leyòn. Gen yon gè sivil ki te la depi 11 an nan peyi Syera Leyòn ki te apèn fini. Li te difisil pou n kite peyi Kotdivwa bridsoukou. Epoutan, leson nou te aprann yo te ede n kontinye gen kè kontan.

Nou te konsantre n sou moun yo nan tèritwa a ki te vle aprann laverite ak sou frè n ak sè n yo nou renmen anpil ki te andire gè a pandan plizyè ane. Yo te pòv, men, yo te vle pataje sa yo te genyen. Gen yon sè ki te vle bay Debbie kèk rad. Lè l wè Debbie te yon jan renka pou l aksepte yo, li te ensiste epi l te di: “Pandan gè a, frè ak sè nan lòt peyi te ede nou. Kounye a, se nou menm ki pou bay èd pa nou.” Se sa k fè nou te vin gen objektif pou n suiv egzanp yo.

Rive yon lè, nou te retounen Kotdivwa. Men, yon lòt fwa ankò, te vin gen pwoblèm politik ki te vin fè bagay yo tèt anba. Donk, nan mwa novanm 2004, nou te kite peyi a nan elikoptè, e nou chak te gen sèlman yon valiz ki te peze 22 liv. Nou te dòmi atè nan yon baz militè fransè. Epi, nan demen, nou t al nan peyi Lasuis. Lè n te rive nan filyal la nan zòn minui konsa, Komite filyal la ak enstriktè Lekòl fòmasyon ministeryèl yo ansanm ak madanm yo te ban nou bèl akèy ak anpil akolad. Yo te ban nou manje byen cho ak anpil chokola suis. Sa te touche nou anpil.

Franco k ap fè yon diskou sou estrad nan yon Sal Wayòm nan peyi Kotdivwa.

L ap pale ak yon seri moun ki vin pran refij nan peyi Kotdivwa, nan ane 2005.

Yo te voye n al sèvi nan peyi Gana pou yon ti tan, e apre sa yo te voye n nan peyi Kotdivwa ankò lè te vin gen mwens dezòd. Fason frè n ak sè n yo te byen aji avè n te ede n pandan n t ap kouri kite zòn nan anba anpil strès ak nan asiyasyon nou te resevwa pou yon ti tan. Mwen menm ak Debbie konnen se toutan frè n ak sè n yo demontre lanmou youn pou lòt nan òganizasyon Jewova a, men n ap toujou bay sa anpil enpòtans. An reyalite, nou te vin rann nou kont menm moman difisil sa yo te jwe yon gwo wòl nan fòmasyon nou.

NOU T AL NAN MWAYENN ORYAN

Franco ak Debbie k ap vizite kèk ansyen konstriksyon nan Mwayenn Oryan.

Nan Mwayenn Oryan, nan ane 2007.

An 2006, syèj mondyal la te ekri n pou fè n konnen nou pral sèvi nan Mwayenn Oryan. Yon lòt fwa ankò, sa te vle di nou t apral fè lòt eksperyans, nou t ap jwenn lòt difikilte e nou t apral aprann lòt lang ak lòt kilti. Nou te gen anpil bagay pou n aprann nan zòn sa a ki te gen anpil pwoblèm politik ak pwoblèm relijyon. Sa te touche n pou n wè byenke frè ak sè yo nan kongregasyon yo te pale divès lang, te gen tèt ansanm lè nou suiv direksyon òganizasyon Jewova a bay. Nou te gen anpil respè pou frè n ak sè n yo, paske pifò nan yo te mete kouraj sou yo pou yo fè fas ak opozisyon yo te jwenn nan fanmi yo, nan lekòl yo, nan travay yo ak nan vwazinaj yo.

Nan ane 2012, nou te asiste kongrè espesyal ki te fèt nan Tel Aviv, ann Izrayèl. Se premye fwa depi Pannkòt ane 33 epòk nou an pèp Jewova a nan zòn sa a te gen yon kongrè ki te gen tout moun sa yo. Se yon moman nou pap janm bliye!

Pandan ane sa yo, yo te voye n al vizite yon peyi kote yo met restriksyon sou travay nou an. Nou te pote kèk nan piblikasyon nou yo, nou te patisipe nan travay predikasyon an e nou te asiste kèk asanble ki pa t gen anpil moun. Toupatou, te gen sòlda ak zam nan men yo ak plizyè pòs kontwòl. Men, nou te santi n an sekirite lè n t ap preche ak pwoklamatè yo ki pa t anpil toutpandan nou t ap pran prekosyon.

NOU TE RETOUNEN ANN AFRIK

Franco k ap tape sou laptòp li.

L ap prepare yon diskou nan peyi Kongo, nan ane 2014

An 2013, nou te resevwa yon lòt asiyasyon ki te diferan nèt. Nou t al sèvi nan filyal Kinchasa a, nan peyi Kongo, yon peyi ki gwo e ki bèl anpil, men ki gen anpil moun ki pòv e ki te konn gen lagè souvan. Okòmansman, nou te di: “Nou konn Afrik. Nou pare.” Men, nou te gen anpil bagay pou n aprann toujou, sitou lè n t ap vwayaje kote ki pa t gen wout e ki pa t gen pon. Nou te jwenn anpil bagay pozitif pou n konsantre sou yo. Sa gen ladan l pèseverans ak kè kontan frè n ak sè n yo te genyen malgre yo te gen pwoblèm ekonomik, fason yo te renmen travay predikasyon an ak efò yo te fè pou yo asiste reyinyon yo ak asanble yo. Nou te kapab wè anpil moun t ap aprann laverite paske Jewova te beni travay la. Nou te aprann anpil leson enpòtan pandan plizyè ane nou te fè ap sèvi aplentan nan peyi sa a e n te vin gen zanmi ki te tankou fanmi pou nou.

Franco ki nan travay predikasyon an, l ap mache ansanm ak yon gwoup frè ak sè pou y al nan yon bouk.

L ap preche ann Afrik disid, nan ane 2023.

Nan fen ane 2017, yo te voye n al sèvi ann Afrik disid. Se premye fwa nou te nan yon Betèl ki te gwo konsa, e yo te ban n fè yon seri travay nou potko janm fè anvan. Yon lòt fwa ankò, nou te gen anpil bagay pou n aprann, men, leson nou te aprann anvan yo te ede nou. Nou renmen frè n ak sè n yo ki gen plizyè dizèn ane depi y ap andire. E sa vrèman bèl pou n wè fanmi Betèl la k ap travay ansanm byenke yo soti nan divès ras ak divès kilti. Li fasil pou n wè jan Jewova fè pèp li a gen lapè lè yo abiye ak nouvo pèsonalite a e lè yo aplike prensip ki nan Bib la.

Tank ane yo t ap pase, mwen menm ak Debbie te resevwa yon seri bèl asiyasyon, nou te adapte nou ak divès kilti e nou te aprann lòt lang. Bagay yo pa t toujou fasil, men, nou te toujou santi Jewova k ap itilize òganizasyon l lan ansanm ak frè n ak sè n yo pou l demontre lanmou fidèl pou nou (Sòm 144:2). Nou gen konfyans fòmasyon nou te resevwa nan sèvis aplentan fè n vin pi bon sèvitè Jewova.

Mwen gen anpil rekonesans pou fason paran m yo te leve m, pou èd Debbie, madanm mwen mwen renmen anpil, ban mwen e pou bèl egzanp frè n ak sè n yo toupatou sou tè a ban mwen. Pandan mwen menm ak madanm mwen ap reflechi ak lavni, nou detèmine pou n kontinye aprann leson Gran Pwofesè nou an ap ban nou.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje