BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • w25 jiyè p. 2-7
  • Poukisa nou bezwen mande konsèy?

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Poukisa nou bezwen mande konsèy?
  • Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2025
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • KI KALITE MWEN DWE GENYEN?
  • KIYÈS KI KA BAN M BON KONSÈY?
  • KI JAN M KA MONTRE MWEN VRÈMAN VLE YO BAN M KONSÈY?
  • ÈSKE M TA DWE MANDE LÒT MOUN PRAN DESIZYON POU MWEN?
  • KONTINYE MANDE KONSÈY
  • Fason pou n bay konsèy
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2025
  • Fason nou ka montre nou konte sou Jewova nan desizyon n ap pran yo
    Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen — Pwogram reyinyon — 2023
  • Sa n ka aprann nan dènye pawòl yon seri mesye ki te fidèl te di
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2024
  • Ann montre n konn limit noulè n aksepte gen bagay nou pa konnen
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2025
Gade plis
Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2025
w25 jiyè p. 2-7

ATIK ETID 28

KANTIK 88 Ede m konn chemen w yo

Poukisa nou bezwen mande konsèy?

“Moun k ap chèche konsèy gen sajès.” — PWO. 13:10.

PWEN KLE

Sa nou dwe fè pou konsèy nou jwenn ka vrèman itil nou.

1. Ki jan n ka pran bon desizyon k ap fè n jwenn bon rezilta? (Pwovèb 13:10; 15:22).

NOU tout ta renmen pran bon desizyon ki bay bon rezilta. Pawòl Bondye a fè nou konnen sa k ka ede n. — Li Pwovèb 13:10; 15:22.

2. Ki sa Jewova pwomèt l ap fè pou nou?

2 Nòmalman, se Jewova, Papa nou ki nan syèl la, ki kapab ban nou pi bon konsèy. Li pwomèt l ap ede n. Men sa l di: “M ap ba w konsèy toutpandan m ap fikse je m sou ou.” (Sòm 32:8). Pawòl sa a montre Jewova pa annik ban nou konsèy, li montre l enterese nan nou e l ede n pou n aplike konsèy li bay.

3. Ki sa nou pral wè nan atik sa a?

3 Nan atik sa a, nou pral sèvi ak Pawòl Bondye a pou n reponn kat kesyon: 1) Ki kalite mwen dwe genyen pou bon konsèy yo ban m ka itil mwen? 2) Kiyès ki ka ban m bon konsèy? 3) Ki jan m ka montre mwen vrèman vle yo ban m konsèy? 4) Poukisa mwen pa dwe mande lòt moun pran desizyon pou mwen?

KI KALITE MWEN DWE GENYEN?

4. Ki kalite nou dwe genyen pou bon konsèy yo ban nou ka itil nou?

4 Nou dwe gen imilite e nou dwe rekonèt limit nou pou bon konsèy yo ban nou ka itil nou. Nou bezwen rekonèt nou ka pa gen eksperyans oswa konesans nan yon domèn pou n pran bon desizyon poukont nou. Si n pa gen imilite e n pa rekonèt limit nou, Jewova pap ede n. Se sa k fè, kèlkeswa konsèy nou jwenn lè n li Pawòl Bondye a, yo ka pa itil nou anyen (Miche 6:8; 1 Pyè 5:5). Sepandan, si n gen imilite e nou rekonèt limit nou, lè n jwenn konsèy ki baze sou Bib la, n ap dispoze pran yo e n ap aplike yo san pèdi tan.

5. Ki sa wa David te reyalize ki te kapab fè l vin gen ògèy?

5 Ann wè sa n ka aprann nan egzanp wa David. Sa l te reyalize yo te kapab fè l vin gen ògèy. Plizyè ane anvan l vin wa, yo te konnen l kòm yon gwo mizisyen. Yo te menm mande l pou l vin jwe mizik pou wa a (1 Sam. 16:​18, 19). Apre Jewova te fin chwazi David pou l vin wa, lespri sen te aji sou li (1 Sam. 16:​11-13). Moun nan pèp la te renmen l anpil paske l te konn touye ènmi yo, pa egzanp, Golyat, yon sòlda ki te yon jeyan, ki te moun peyi Filisti (1 Sam. 17:​37, 50; 18:7). Yon moun ki gen ògèy ki ta reyalize yon seri gwo bagay konsa te ka panse li pa bezwen moun ba l konsèy. Men, David pa t konsa.

6. Kòman nou fè konnen David te aksepte yo ba l konsèy? (Gade foto a tou.)

6 Lè David te vin wa, li te kontinye fè zanmi ak yon seri mesye ki te ka ba l konsèy (1 Kwo. 27:​32-34). Sa pa fè n sezi, paske David te toujou renmen koute bon konsèy. Nonsèlman li te aksepte konsèy gason te ba li, men tou, li te aksepte konsèy yon fi ki te rele Abigayil te ba li. Abigayil se te madanm Nabal, yon mesye ki te derespektan, ki te engra e ki te egoyis. Avèk imilite, David te aplike bon konsèy Abigayil te ba li, e konsa, li te evite fè yon gwo erè. — 1 Sam. 25:​2, 3, 21-25, 32-34.

Wa David ki pran san l pou l koute Abigayil ki chita atè k ap sipliye l.

Avèk imilite, wa David te aksepte konsèy Abigayil te ba li, e l te suiv konsèy la. (Gade paragraf 6.)


7. Ki leson nou ka aprann nan egzanp David? (Eklezyas 4:13). (Gade foto yo tou.)

7 Nou ka aprann kèk leson nan egzanp David. Pa egzanp, nou ka konn fason pou n fè yon bagay byen oswa nou ka gen kèk otorite. Aktout sa, nou pa ta dwe janm panse nou konn tout bagay e nou pa bezwen konsèy. Menm jan ak David, nou bezwen dispoze koute bon konsèy, kèlkeswa moun ki ban nou l. (Li Eklezyas 4:13.) Lè n aji konsa, nou ka evite fè gwo erè ki ka fè ni nou menm ni lòt moun soufri.

Foto ki ansanm: 1. Kat ansyen k ap fè yon reyinyon. Youn nan yo ap pale di. 2. Annapre, yon jèn ansyen ki te nan reyinyon an k ap pale apa ak frè ki te pale di a nan yon machin.

Nou bezwen dispoze koute bon konsèy nou jwenn, kèlkeswa moun ki ban nou l. (Gade paragraf 7.)c


KIYÈS KI KA BAN M BON KONSÈY?

8. Sa k fè Jonatan te kapab bay David konsèy?

8 Ann wè yon lòt leson nou ka aprann nan egzanp David. Li te koute konsèy moun ki te gen bon relasyon ak Jewova e ki te byen konprann sitiyasyon l. Pa egzanp, lè David te vle konnen si l te ka vin gen bon relasyon ak wa Sayil ankò, li te koute konsèy Jonatan, pitit gason Sayil, te ba li. Poukisa Jonatan te ka bay David bon konsèy? Paske, nonsèlman Jonatan te gen bon relasyon ak Jewova, men tou, li te konn Sayil byen (1 Sam. 20:​9-13). Ki sa sa ka aprann nou?

9. Kiyès nou ta dwe mande konsèy? Bay yon egzanp. (Pwovèb 13:20).

9 Lè n bezwen konsèy, li bon pou n pale ak moun ki gen bon relasyon ak Jewova e ki gen eksperyans nan domèn nou bezwen èd laa. (Li Pwovèb 13:20.) Pa egzanp, ann sipoze yon jèn frè ta renmen jwenn yon bon sè pou l marye. Kiyès ki ka ba l bon konsèy? Yon zanmi l ki pa marye ka ede l si zanmi sa a baze konsèy l ap ba l la sou prensip ki nan Bib la. Men, jèn frè a ap ka jwenn konsèy k ap pi itil li si l pale ak yon mari ak madanm ki gen matirite, ki renmen Jewova, ki konnen l byen, ki gen kèk tan depi yo marye e ki gen kè kontan nan maryaj yo.

10. Ki sa nou pral egzamine kounye a?

10 Nou sot wè de kalite nou dwe genyen e n sot wè tou kiyès ki kapab ban nou bon konsèy. Kounye a, ann wè poukisa nou dwe montre nou vrèman vle yo ban n konsèy e si n ta dwe mande lòt moun pran desizyon pou nou.

KI JAN M KA MONTRE MWEN VRÈMAN VLE YO BAN M KONSÈY?

11-12. a) Ki sa nou ka fè pafwa? b) Ki sa wa Wobowam te fè lè l te gen yon desizyon enpòtan pou l pran?

11 Pafwa, yon moun ka sanble ap chèche konsèy, men an reyalite, li jis vle lòt moun dakò ak yon desizyon li deja pran. Yon moun konsa pa vrèman vle yo ba l konsèy. Li ta dwe reflechi sou sa k te rive wa Wobowam.

12 Wobowam te vin wa Izrayèl nan plas wa Salomon. Lè Wobowam te vin wa, nasyon an te gen anpil richès. Men, pèp la te santi Salomon te fè yo travay twò di. Yo t al kot Wobowam pou yo te mande l soulaje yo. Wobowam te mande yo pou yo ba l tan pou l reflechi sou desizyon li ta dwe pran an. Toudabò, Wobowam te mande granmoun ki te konn sèvi Salomon yo konsèy, e sa l te fè a te bon (1 Wa 12:​2-7). Men, li pa t koute konsèy granmoun yo te ba l la. Poukisa l te aji konsa? Èske Wobowam te deja deside sa l pral fè e l te jis bezwen wè si gen moun ki t ap dakò avè l? Si se sa l t ap chèche, jèn menm jan avè l ki te zanmi l yo te ba l konsèy li te vle a (1 Wa 12:​8-14). Wobowam te di pèp la egzakteman sa zanmi l yo te di l la. Se sa k fè nasyon an te vin divize, e depi lè sa a, Wobowam pa t sispann jwenn pwoblèm. — 1 Wa 12:​16-19.

13. Ki jan n ka konnen nou vrèman vle yo ban n konsèy?

13 Ki sa n ka aprann nan istwa Wobowam nan? Lè n mande konsèy, nou dwe montre nou vrèman vle yo ban n konsèy. Ki jan n ap fè konnen si n vrèman vle yo ban n konsèy? Nou ka mande tèt nou: ‘Lè m mande konsèy, èske m vag sou konsèy yo ban m nan tousuit paske se pa konsèy sa a mwen te vle tande?’

14. Lè yo ban nou konsèy, ki sa n dwe sonje? Bay yon egzanp. (Gade foto a tou.)

14 Ann pran yon egzanp. Imajine yo ofri yon frè yon bèl djòb. Anvan l aksepte travay la, li mande yon ansyen konsèy. Frè a fè konnen, si l aksepte travay la, byen souvan l ap oblije pase plizyè semèn lwen fanmi l. Ansyen an fè frè a sonje prensip nan Bib la ki fè konnen pi gwo responsablite l genyen se ede fanmi l rete pwòch ak Jewova (Efe. 6:4; 1 Tim. 5:8). Ann sipoze frè a pa renmen konsèy ansyen an ba li a epi l al mande lòt frè konsèy jiskaske l jwenn konsèy li ta renmen tande a. Èske frè a t ap chèche konsèy vre, oswa èske l te gentan deside sa l pral fè e l te jis bezwen yon moun dakò avè l? Nou dwe sonje kè nou trèt (Jer. 17:9). Pafwa, konsèy nou plis bezwen an se li nou pi pa ta renmen tande.

Yon sè k ap mande plizyè frè ak sè konsèy. Li sot kot youn l al kot yon lòt, li pa satisfè ak sa yo youn di l.

Èske nou vrèman ap chèche bon konsèy oswa nou jis ap chèche pou moun dakò avè n? (Gade paragraf 14.)


ÈSKE M TA DWE MANDE LÒT MOUN PRAN DESIZYON POU MWEN?

15. Ki sa n dwe veye pou n pa fè, e poukisa?

15 Nou chak gen responsablite pou n pran pwòp desizyon pa nou (Gal. 6:​4, 5). Jan nou sot wè sa, yon moun ki gen sajès ap chèche konsèy nan Pawòl Bondye a e l ap mande kretyen ki gen matirite konsèy anvan l pran yon desizyon. Sepandan, nou dwe veye pou n pa mande lòt moun pran desizyon pou nou. Gen moun ki konn fè sa lè yo mande yon moun yo gen anpil respè pou li: “Ki sa w t ap fè si w te nan plas mwen?” Gen lòt moun ki konn fè sa anba anba lè yo pran menm desizyon ak lòt moun san yo pa byen reflechi.

16. Ki sitiyasyon ki te vin gen nan kongregasyon Korent anrapò ak vyann moun te sakrifye bay zidòl, e kiyès ki te gen responsablite pou yo deside si y ap manje yon vyann konsa? (1 Korentyen 8:7; 10:​25, 26).

16 Ann egzamine yon sitiyasyon ki te vin gen nan kongregasyon Korent nan premye syèk la konsènan vyann sanble moun te sakrifye bay zidòl. Men sa Pòl te ekri kretyen sa yo: “Nou konnen yon zidòl pa anyen ditou, e nou konnen se yon sèl Bondye ki genyen.” (1 Kor. 8:4). Lefètke Pòl te di pawòl sa yo, gen kèk moun nan kongregasyon an ki te deside yo ka manje vyann yo achte nan mache, menmsi se vyann moun te ofri kòm sakrifis bay zidòl. Gen lòt kretyen ki te panse si yo ta manje yon vyann konsa, konsyans yo t ap kale yo. (Li 1 Korentyen 8:7; 10:​25, 26.) Se te yon desizyon pèsonèl. Pòl pa t janm mande kretyen Korent yo pou yo pran desizyon pou lòt moun oswa pou yo fè sa lòt moun fè. Yo chak t ap gen pou yo “rann Bondye kont pou tèt [yo]”. — Wom. 14:​10-12.

17. Ki sa k ka rive si nou jis fè sa lòt moun fè? Bay yon egzanp. (Gade foto yo tou.)

17 Ki jan yon sitiyasyon konsa ka rive jodi a? Ann egzamine kesyon fraksyon san an. Se chak kretyen ki dwe deside poukont li si l ap aksepte fraksyon sa yo oswa si l pap aksepte yob. Nou ka twouve l difisil pou n byen konprann kesyon sa a. Men, desizyon konsa fè pati chay nou chak dwe pote (Wom. 14:4). Si n fè sa lòt moun deside fè, konsyans nou ka vin fèb. Nou kapab fòme konsyans nou lè n fè l travay (Ebre 5:14). Donk, ki lè pou n mande yon kretyen ki gen matirite konsèy? Se lè n fin fè pwòp rechèch pa nou e n wè nou toujou bezwen èd pou n konprann fason pou n aplike prensip ki nan Bib la.

Foto ki ansanm: 1. Yon frè k ap sèvi ak Bib la, k ap egzamine leson 39 nan liv “Ou kapab viv ak kè kontan pou toutan” an ak videyo “Ki jan pou m pran bonjan desizyon pou sante m anrapò ak kesyon san an?” pou ede l ranpli dokiman medikal legal li. 2. Annapre, l ap koute yon frè ki gen matirite k ap egzamine yon vèsè avè l.

Se apre nou fin fè pwòp rechèch pa nou pou n chèche konsèy. (Gade paragraf 17.)


KONTINYE MANDE KONSÈY

18. Ki sa Jewova fè pou nou?

18 Lefètke Jewova kite n pran pwòp desizyon pa nou, li montre li fè n anpil konfyans. Li ban nou Labib, Pawòl li a. Epitou, li ban nou zanmi ki gen sajès ki ka ede n rezone sou prensip ki nan Bib la. Sa montre Jewova gen sousi pou nou antanke Papa nou (Pwo. 3:​21-23). Ki sa n ka fè pou n montre l nou genyen l rekonesans?

19. Ki jan n ka kontinye fè kè Jewova kontan?

19 Paran yo kontan anpil lè yo wè pitit yo vin gran e yo vin gen sajès antanke sèvitè Jewova. Menm jan an tou, Jewova kontan lè l wè nou kontinye fè pwogrè nan sèvis li, nou kontinye chèche konsèy e nou kontinye pran desizyon ki fè l plezi.

POU BON KONSÈY YO BAN M KA ITIL MWEN, POUKISA MWEN DWE...

  • gen imilite epi rekonèt limit mwen?

  • montre mwen vrèman vle yo ban m konsèy?

  • pran pwòp desizyon pa m?

KANTIK 127 Kalite moun mwen dwe ye a

a Pafwa, li konn bon pou kretyen yo mande moun ki pap sèvi Jewova konsèy sou kesyon lajan, kesyon lasante oswa lòt bagay ankò.

b Pou n jwenn plis enfòmasyon sou kesyon sa a, gade pwen 5 ak seksyon “Aprann plis” nan leson 39 liv Ou kapab viv ak kè kontan pou toutan! an.

c ESPLIKASYON SOU FOTO: Yon ansyen k ap bay yon lòt ansyen ki pi gran pase l konsèy sou fason li te pale nan yon reyinyon yo sot genyen.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje