ATIK ETID 29
KANTIK 87 Vini, w ap rejwenn fòs!
Fason pou n bay konsèy
“M ap ba w konsèy toutpandan m ap fikse je m sou ou.” — SÒM 32:8.
PWEN KLE
Atik sa a pral ede n wè fason pou n bay konsèy k ap itil.
1. Kiyès ki bezwen bay konsèy? Esplike.
ÈSKE W renmen bay konsèy? Gen moun ki renmen fè sa. Gen lòt moun ki yon ti jan renka pou yo bay konsèy e ki pa santi yo alèz pou yo fè sa. Kèlkeswa jan sa ye, tanzantan nou tout oblije bay konsèy. Poukisa? Paske Jezi te di se lanmou vrè disip li yo gen youn pou lòt k ap fè yo rekonèt yo (Jan 13:35). E youn nan fason nou montre nou renmen frè n ak sè n yo se lè n ba yo konsèy lè yo bezwen sa. Pawòl Bondye a di lè nou bay “konsèy ki sensè” nou vin gen “bon zanmi”. — Pwo. 27:9.
2. Ki sa ansyen yo dwe kapab fè, e poukisa? (Gade kare ki gen tit “Konsèy yo bay nan reyinyon lasemèn nan”.)
2 Ansyen yo bezwen konnen fason pou yo bay bon konsèy. Jewova ak Jezi bay mesye sa yo pran swen kongregasyon an (1 Pyè 5:2, 3). Youn nan fason ansyen yo fè sa, se lè yo bay kongregasyon an konsèy ki baze sou Bib la nan diskou y ap fè. Epitou, yo dwe bay chak mouton yo konsèy, san wete sila yo ki kite twoupo a. Ki jan ansyen yo ka bay bon konsèy, e ki jan nou tout ka fè sa?
3. a) Ki jan n ka aprann bay lòt moun bon konsèy? (Ezayi 9:6; Gade kare ki gen tit “Suiv egzanp Jezi lè n ap bay konsèy”.) b) Ki sa n pral wè nan atik sa a?
3 Nou ka aprann anpil bagay sou fason pou n bay bon konsèy lè n egzamine egzanp yon seri moun nan Bib la, sitou egzanp Jezi. Youn nan tit Jezi genyen nan Bib la se “gran Konseye”. (Li Ezayi 9:6.) Nan atik sa a, nou pral wè sa n ka fè lè yo mande n bay konsèy ak sa n ka fè lè n gen pou n bay konsèy san yo pa mande n. Epitou, nou pral wè enpòtans pou n bay konsèy nan bon moman ak bon fason pou n fè sa.
LÈ YON MOUN MANDE N KONSÈY
4-5. Lè yon moun mande n konsèy, ki kesyon nou ta dwe poze tèt nou anvan n ba l konsèy? Bay yon egzanp.
4 Lè yon moun mande n konsèy, ki sa n ta dwe fè toudabò? Nou ka santi n oblije ede l tousuit. Men, toudabò, nou ta dwe mande tèt nou: ‘Èske m kalifye pou m bay konsèy nan domèn sa a?’ Pafwa, pi bon fason nou ka ede yon moun se lè n pa kouri ba l konsèy, men okontrè, nou fè l jwenn yon moun ki kapab ba l konsèy li bezwen an.
5 Ann sipoze ou ta gen yon bon zanmi w ki fè yon maladi grav. Li fè w konnen li kòmanse fè rechèch sou divès tretman ki ta ka ede l, epi l mande w ki tretman ou panse k ap pi bon. Byenke ka gen yon tretman ou pi renmen, men w pa doktè oubyen w pa gen fòmasyon nan domèn nan. Nan ka sa a, pi bon fason w ka ede zanmi w lan se lè w ede l jwenn yon moun ki kapab ede l.
6. Ki sa l ta bon pou n fè anvan n bay yon moun konsèy?
6 Menmsi nou santi nou kalifye pou n bay konsèy sou yon sijè, nou ka chwazi tann yon ti tan anvan n reponn yon moun ki mande n konsèy. Poukisa? Pwovèb 15:28 di: “Yon moun ki dwat byen reflechi nan kè l anvan l reponn.” Ki sa n ta dwe fè si n panse nou konn repons lan? Li ta bon pou n pran yon ti tan pou n fè rechèch, pou n priye e pou n medite. Lè sa a, n ap gen plis asirans repons nou bay la ann amoni ak panse Jewova.
7. Ki sa w aprann nan egzanp pwofèt Natan?
7 Ann pran egzanp pwofèt Natan. Pandan wa David t ap pale ak pwofèt Natan, li te di l li vle bati yon tanp pou Jewova. Tousuit, Natan te ankouraje l fè sa. Men, anvan sa, Natan te dwe pran yon ti tan pou l mande Jewova sa l panse. Poukisa? Paske Jewova pa t vle David konstwi tanp lan (1 Kwo. 17:1-4). Jan egzanp sa a montre, lè yo mande n konsèy, n ap montre nou gen sajès lè n “pa [...] prese pale”. — Jak 1:19.
8. Bay yon lòt rezon ki fè n bezwen pran prekosyon lè n ap bay konsèy.
8 Ann wè yon lòt rezon ki fè n dwe pridan lè n ap bay lòt moun konsèy. Si n bay yon moun yon konsèy epi l pran yon desizyon ki fè l tonbe nan pwoblèm, nan yon sans nou responsab sa k rive l la tou. Donk, nou gen bonjan rezon pou n byen reflechi anvan n bay konsèy.
FASON POU N BAY YON MOUN KONSÈY SAN L PA MANDE NOU
9. Anvan ansyen yo bay konsèy, ki sa yo dwe chèche konnen? (Galat 6:1).
9 Pafwa, ansyen yo bezwen bay yon frè oswa yon sè ki fè “yon fo pa” konsèy. (Li Galat 6:1.) Yon moun ka fè move chwa ki ka fè l fè yon peche grav pi devan. Objektif ansyen yo se ede moun sa a ret sou wout k ap mennen nan lavi ki pap janm fini an (Jak 5:19, 20). Men, pou konsèy ansyen yo bay frè a oswa sè a itil li, toudabò, yo bezwen sèten li te fè yon fo pa vre. Jewova kite nou chak pran desizyon toutpandan n ap kite konsyans nou gide nou (Wom. 14:1-4). Si ansyen yo rann yo kont moun nan fè yon bagay ki ta ka fè l pèdi bon relasyon l ak Jewova, ki jan yo ka ba l konsèy?
10-12. Lè ansyen yo ap bay konsèy san yo pa mande yo, ki sa yo bezwen fè? Bay yon egzanp. (Gade foto yo tou.)
10 Li pa fasil pou ansyen yo bay lòt moun konsèy san yo pa mande yo. Sa k fè sa? Apot Pòl te di yon moun ka fè yon fo pa san l pa rann li kont. Donk, si ansyen yo bay moun sa a konsèy, li ka pa konprann poukisa yo ba l konsèy la. Se sa k fè ansyen yo bezwen prepare lespri moun nan toudabò pou l ka aksepte konsèy la.
11 Lè n ap bay konsèy san yo pa mande n, se tankou n ap eseye fè jaden nan yon tè ki di. Anvan yon kiltivatè kòmanse simen semans, li vire tè a. Sa fè tè a vin lejè e l pare pou l resevwa semans lan. Apre sa, li plante semans lan. Finalman, li wouze l pou ede l pouse. Menm jan an tou, anvan yon ansyen bay konsèy san yo pa mande l, li ta bon pou l prepare lespri moun nan. Pa egzanp, l ap veye yon bon moman pou l fè frè a oswa sè a konnen li gen sousi pou li e gen yon bagay li ta renmen di l. Si moun k ap bay konsèy la se yon moun ki renmen moun e ki janti, l ap pi fasil pou yo aksepte konsèy la.
12 Pandan konvèsasyon an, ansyen an ka fè l pi fasil pou moun nan aksepte konsèy la lè l fè l sonje tout moun konn fè erè e yo bezwen konsèy pafwa (Wom. 3:23). Ansyen an ap sèvi ak vèsè nan Bib la pou l fè moun nan konnen li fè yon fo pa, men l ap bezwen fè sa ak yon vwa kalm e ak anpil respè. Yon fwa frè a oswa sè a rekonèt li fè yon erè, ansyen an ap esplike l aklè ki chanjman l bezwen fè. Nan fen konvèsasyon an, ansyen an kapab fè l pi fasil pou frè a oswa sè a aksepte konsèy la lè l felisite l ak tout kè l pou bon bagay li konn fè e lè l priye avè l. — Jak 5:15.
Lè n ap bay konsèy san yo pa mande n, nou bezwen demontre lanmou e n bezwen fè sa avèk ladrès. (Gade paragraf 10-12.)
13. Ki jan ansyen yo ka asire yo moun y ap bay konsèy la konprann konsèy y ap ba l la?
13 Pafwa, moun ki bay konsèy la di yon bagay, men se pa sa moun ki resevwa konsèy la konprann. Ki sa ansyen yo ka fè pou sa pa rive? Yo ka poze kesyon avèk jantiyès pou yo wè si moun nan konprann konsèy la e si l konnen sa l ka fè pou l aplike l (Ekl. 12:11). Repons moun nan bay ap ede moun k ap bay konsèy la wè si moun nan konprann konsèy li ba l la.
BON MOMAN POU N BAY KONSÈY AK BON FASON NOU KAPAB FÈ SA
14. Èske n ta dwe bay konsèy lè n an kòlè? Esplike.
14 Nou tout nou enpafè, se sa k fè pafwa n ap fè oswa n ap di yon seri bagay ki ka fè lòt moun fache (Kol. 3:13). Pawòl Bondye a fè konnen pafwa nou ka menm fè lòt moun fè kòlè (Efe. 4:26). Men, nou pa dwe prese bay konsèy lè n an kòlè. Poukisa? Paske “kòlè lèzòm pa reyalize sa jistis Bondye mande”. (Jak 1:20.) Si n bay konsèy lè n an kòlè, nou ka fè sitiyasyon an vin pi mal. Sa pa vle di nou pa dwe janm fè moun ki fè n fache konnen sa n panse ak sa n santi. Sepandan, li t ap pi bon pou n tann lè nou kalm pou n pale ak moun nan. Ann wè bèl egzanp Eliyou ki te bay Jòb bon konsèy kite pou nou.
15. Ki sa n aprann nan egzanp Eliyou? (Gade foto a tou.)
15 Eliyou te fè plizyè jou ap koute fason Jòb t ap defann tèt li devan akizasyon fo zanmi l yo t ap lage sou do l. Eliyou te gen konpasyon pou Jòb. Men, li te vin fache paske Jòb pa t di laverite sou Jewova e l te plis wè tèt li. Sepandan, Eliyou te tann anvan l bay Jòb konsèy, e l te fè sa avèk jantiyès e avèk anpil respè (Jòb 32:2; 33:1-7). Egzanp Eliyou aprann nou yon verite enpòtan: Li pi bon pou n bay konsèy lè nou kalm e pou n fè sa avèk respè ak lanmou. — Ekl. 3:1, 7.
Menm lè Eliyou te fache anpil okòmansman, li te bay Jòb konsèy avèk jantiyès e avèk anpil respè. (Gade paragraf 15.)
ANN KONTINYE BAY KONSÈY E ANN KONTINYE AKSEPTE KONSÈY
16. Ki leson w aprann nan Sòm 32:8?
16 Vèsè atik la baze sou li a di: ‘Jewova ap ban nou konsèy toutpandan l ap fikse je l sou nou.’ (Li Sòm 32:8.) Sa vle di l ap kontinye ede n. Nonsèlman li ban nou konsèy, men tou, li ede n pou n aplike yo. Ala yon bèl egzanp li ban nou! Lè n gen pou n bay lòt moun konsèy, ann suiv egzanp Jewova lè n fè tout sa n kapab pou n ede yo pou yo pran bon desizyon.
17. Lè ansyen yo bay konsèy ki baze sou Bib la, ak ki sa nou ka konpare yo? (Ezayi 32:1, 2).
17 Kounye a, plis pase nenpòt lòt lè, nou bezwen bay bon konsèy e n bezwen aksepte bon konsèy (2 Tim. 3:1). Ansyen ki bay konsèy ki baze sou Bib la “tankou rivyè dlo k ap koule nan yon tè ki sèk”. (Li Ezayi 32:1, 2.) Zanmi ki konn sa n ta renmen tande men ki di n sa n bezwen tande ban n yon kado ki gen anpil valè tankou “pòm annò nan kabare ki fèt ann ajan”. (Pwo. 25:11.) Annou tout kontinye aprann fason pou n bay bon konsèy e pou n aksepte bon konsèy.
KANTIK 109 Nou dwe renmen lòt moun ak tout kè nou