ATIK ETID 31
KANTIK 111 Rezon pou n gen kè kontan
Èske w “aprann sekrè ki genyen” lè yon moun kontante l ak sa l genyen?
“Mwen aprann kontante m nan kèlkeswa sitiyasyon m ye.” — FLP. 4:11.
PWEN KLE
N ap aprann kontante n ak sa n genyen lè n fè efò pou n gen rekonesans, pou n gen imilite e lè n medite sou pwomès Jewova fè pou lavni.
1. Ki sa kontante n vle di, e ki sa l pa vle di?
ÈSKE W kontante w ak sa w genyen? Yon moun ki kontante l ak sa l genyen gen kè kontan ak lapè paske l gen rekonesans pou bon bagay Jewova ba li. Li pa vin egri oswa fache poutèt gen yon seri bagay li pa genyen. Sepandan, lè n kontante n ak sa n genyen, sa pa vle di nou pa bezwen fè okenn efò. Pa egzanp, se yon bon bagay lè yon kretyen vle fè plis nan sèvis li pou Jewova (Wom. 12:1; 1 Tim. 3:1). Sepandan, li kontinye gen kè kontan menmsi l poko jwenn yon asiyasyon l ta renmen genyen.
2. Ki sa k ka rive si n pa kontante n ak sa n genyen?
2 Si nou pa kontante n ak sa n genyen, sa kapab gen gwo konsekans. Moun ki pa janm satisfè ak sa l genyen ka fè yon pakèt tan ap travay pou l ka gen yon seri bagay li pa vrèman bezwen. Malerezman, gen kèk frè ak sè ki menm rive vòlè kòb ak lòt bagay yo ta renmen genyen. Yo ka di tèt yo: ‘Mwen merite sa’, ‘mwen gen lontan depi m ap tann’, oswa ‘m ap remèt kòb la apre’. Sepandan, tout vòlè se vòlè. Sa pa fè Jewova plezi e sa sal repitasyon l (Pwo. 30:9). Gen moun ki vin tèlman fache poutèt yo pa jwenn yon privilèj, yo tou sispann sèvi Jewova (Gal. 6:9). Ki jan yon moun k ap sèvi Jewova ka menm panse fè yon bagay konsa? Sa ka rive, si moun nan sispann kontante l ak sa l genyen.
3. Ki verite nou aprann nan Filipyen 4:11, 12 ki ankouraje n?
3 Nou tout kapab aprann kontante n. Apot Pòl te di li te “aprann kontante [l] nan kèlkeswa sitiyasyon [l] ye”. (Li Filipyen 4:11, 12.) Li te ekri pawòl sa yo pandan l te nan prizon. Aktout sa, li pa t sispann gen kè kontan. Li te “aprann sekrè” ki genyen lè yon moun kontante l ak sa l genyen. Si n ap fè efò pou n kontante n ak sa n genyen, pawòl Pòl yo ak eksperyans li te fè montre nou kapab aprann kontante n. Nou pa dwe atann l ap fasil pou n satisfè ak sitiyasyon n. Okontrè, nou dwe aprann kontante n. Ki jan n ka fè sa? Ann wè yon seri kalite k ap ede n aprann sekrè ki genyen lè yon moun kontante l ak sa l genyen.
MONTRE N GEN REKONESANS
4. Lè n gen rekonesans, ki jan sa ede n kontante n ak sa n genyen? (1 Tesalonisyen 5:18).
4 Li pi fasil pou yon moun ki gen rekonesans aprann kontante l. (Li 1 Tesalonisyen 5:18.) Pa egzanp, lè n vrèman gen rekonesans pou sa n genyen pou n viv, se sèten nou pa pral bay tèt nou twòp pwoblèm pou yon seri bagay nou ta renmen genyen. Lè n gen rekonesans pou privilèj nou genyen kounye a, n ap chèche fè tout sa n kapab pou n byen fè travay yo ban nou fè olye pou n toujou ap chèche jwenn lòt privilèj. Nou konprann rezon ki fè Bib la ankouraje nou pou n sonje di Jewova mèsi lè n ap priye l! Lè n gen rekonesans, sa ede n pou n gen “lapè Bondye, ki depase tout sa moun ka konprann”. — Flp. 4:6, 7.
5. Poukisa Izrayelit yo te dwe montre yo gen rekonesans? (Gade foto a tou.)
5 Ann reflechi sou sa k te rive Izrayelit yo. Nan plizyè okazyon, yo te plenyen bay Jewova lefètke yo pa t jwenn manje yo te abitye jwenn ann Ejip yo (Nonb 11:4-6). Se vre lavi a pa t fasil nan dezè a. Ki sa k t ap ede yo kontante yo ak sa yo te genyen? Yo te dwe reflechi sou sa Jewova te deja fè pou yo toutpandan yo t ap montre yo gen rekonesans. Yo te dwe sonje lè yo te esklav nan peyi Ejip e yo t ap maltrete yo, Jewova te voye dis flewo sou Ejipsyen yo pou l te delivre yo. Lè Jewova te fin libere Izrayelit yo, “yo te piye Ejipsyen yo”, yo te mande yo bagay ki fèt ann ajan ak bagay ki fèt annò e yo te mande yo rad (Egz. 12:35, 36). Lè Ejipsyen yo t ap kouri dèyè yo bò Lanmè Wouj, Jewova te fè yon mirak pou l fann lanmè a pou yo te ka pase. E pandan yo te nan dezè a, li te ba yo lamàn pou yo te manje chak jou. Ki pwoblèm Izrayelit yo te genyen menm? Yo pa t kontante yo ak sa yo te genyen. Menm lè Jewova te ba yo kantite manje yo te bezwen, yo pa t gen rekonesans pou sa l te ba yo.
Sa k fè Izrayelit yo te vin pa kontante yo ak sa yo te genyen? (Gade paragraf 5.)
6. Bay kèk fason nou ka montre nou gen rekonesans.
6 Donk, ki sa k ka ede w gen rekonesans? Premyèman, pran yon ti tan chak jou pou w reflechi ak bon bagay ou genyen. Ou ka menm ekri de oswa twa bagay ou gen rekonesans pou yo (Lam. 3:22, 23). Dezyèmman, montre w gen rekonesans. Di lòt moun mèsi pou sa yo fè pou ou. Sa k pi enpòtan an, di Jewova mèsi chak jou (Sòm 75:1). Twazyèmman, chèche vin bon zanmi moun ki gen rekonesans. Si zanmi w yo se moun ki pa gen rekonesans, oswa ki toujou ap plenyen, yo ka detenn sou ou. Men, si zanmi w yo se moun ki gen rekonesans, sa ka fè w vin gen rekonesans tou (Det. 1:26-28; 2 Tim. 3:1, 2, 5). Lè n chèche okazyon pou n montre nou gen rekonesans, sa ap ede n pou n pa vin egri oswa fache poutèt nou pa gen yon seri bagay nou ta renmen genyen.
7. Ki sa k te ede Aci vin gen rekonesans?
7 Ann wè sa k te rive Aci, yon sè k ap viv nan peyi Endonezi. Men sa l di: “Pandan pandemi COVID-19 la, mwen te kòmanse konpare sitiyasyon m ak sitiyasyon kwayan parèy mwen yo. Se sa k fè mwen te vin pa kontante m ak sa m genyen.” (Gal. 6:4). Ki sa k te ede l wè bagay yo yon lòt jan? Men sa l di: “Mwen te kòmanse konte kantite benediksyon mwen te jwenn chak jou e m te reflechi ak tout bon bagay mwen jwenn lefètke m fè pati òganizasyon Bondye a. Apre sa, mwen te di Jewova mèsi. Konsa, mwen te vin aprann kontante m ak sa m genyen.” Si w santi w pa satisfè ak sitiyasyon w, èske w ka suiv egzanp Aci pou w ka vin gen rekonesans?
KONSANTRE SOU FÈ VOLONTE JEWOVA, EPI KONTINYE GEN IMILITE
8. Nan ki pyèj Bawouk te pran?
8 Yon lè, Bawouk, sekretè pwofèt Jeremi an, te pran nan yon pyèj. Bawouk te gen yon travay ki te difisil. Li te gen pou l ede pwofèt Jeremi bay nasyon Izrayèl la ki te engra yon mesaj ki rèd. Rive yon lè, Bawouk te sispann konsantre sou travay Jewova te ba l fè a. Olye l te fè sa, sanble li te kòmanse panse twòp ak tèt li e ak sa l ta renmen fè. Sepandan, men sa Jewova te di Jeremi pou l di Bawouk: “W ap chèche gwo bagay pou tèt ou. Sispann chèche bagay sa yo.” (Jer. 45:3-5). Se yon fason pou Jewova te di Bawouk: “Kontante w ak sa w genyen kounye a.” Bawouk te aksepte koreksyon an e li te ret zanmi Jewova.
9. Selon 1 Korentyen 4:6, 7, lè n gen imilite ki sa sa ap pouse n rekonèt? (Gade foto yo tou.)
9 Pafwa, yon kretyen ka santi l merite jwenn yon privilèj. Li ka santi sa paske l gen anpil talan, li konn travay di oswa li gen lontan depi l ap sèvi Jewova. Sepandan, petèt se lòt moun ki jwenn privilèj li ta renmen genyen an. Ki sa l ka fè nan sitiyasyon sa a? Li ka reflechi ak pawòl apot Pòl te ekri nou jwenn nan 1 Korentyen 4:6, 7 la. (Li vèsè yo.) Kèlkeswa privilèj nou resevwa e kèlkeswa talan nou genyen, se Jewova ki ban nou yo. Se pa ak fòs pa nou nou vin genyen yo oswa se pa merite nou merite yo. Se favè san parèy Jewova fè nou ki fè l ban nou bagay sa yo. — Wom. 12:3, 6; Efe. 2:8, 9.
Kèlkeswa talan nou genyen se favè san parèy Jewova fè nou. (Gade paragraf 9.)b
10. Ki jan n ka vin gen imilite?
10 Nou kapab vin gen imilite lè n byen reflechi sou egzanp Jezi kite pou nou. Ann wè sa k te rive jou swa Jezi te lave pye apot li yo. Men sa apot Jan te ekri: “Jezi li menm te konnen [1] Papa a remèt li tout bagay, [2] e li te konnen se Bondye ki voye l [3] e se Bondye li pral jwenn. [...] Li kòmanse lave pye disip yo.” (Jan 13:3-5). Jezi te ka panse se apot yo ki ta dwe lave pye l. Men, pandan tout vi l sou tè a, li pa t janm santi l merite gen yon bèl kay ak anpil lajan e pou l t ap byen mennen (Lik 9:58). Jezi te gen imilite. Li te kontante l ak sa l te genyen. Li kite yon bèl egzanp pou nou. — Jan 13:15.
11. Lefètke Dennis te fè efò pou l gen imilite, ki jan sa te ede l kontante l ak sa l genyen?
11 Dennis k ap viv Peyiba te fè efò pou l gen imilite menm jan ak Jezi, men sa pa t fasil. Men sa l di: “Lè yon moun jwenn yon privilèj mwen ta renmen genyen, pafwa m konn santi m fache paske m santi se mwen ki ta dwe jwenn li. Lè sa rive, mwen fè etid pèsonèl mwen sou imilite. Nan aplikasyon JW Library® a, mwen make yon seri vèsè ki pale sou imilite pou m ka jwenn yo byen fasil e pou m ka reli yo ankò. Epitou, mwen telechaje kèk diskou ki pale sou imilite sou telefòn mwen e m koute yo souvana. Mwen te aprann tout travay nou fè se pou n ka bay Jewova glwa, se pa pou n atire atansyon sou tèt nou. Nou chak gen yon wòl toupiti nan sa Jewova ap reyalize.” Si w kòmanse santi w pa satisfè ak sitiyasyon w, fè efò pou w vin gen imilite. Sa ap ede w pou w vin pi pwòch ak Jewova e pou w kontante w ak sa w genyen. — Jak 4:6, 8.
MEDITE SOU PWOMÈS JEWOVA FÈ YO
12. Ki pwomès Bondye fè pou lavni ki ede n kontante n ak sa n genyen? (Ezayi 65:21-25).
12 Nou santi n pi satisfè ak sa n genyen lè n medite sou bèl pwomès Jewova fè pou lavni yo. Nan liv Ezayi a, Jewova montre li konprann pwoblèm nou yo. Men, li ban nou asirans l ap elimine yo. (Li Ezayi 65:21-25.) Nou pral viv nan bèl kay. Nou pral gen travay ki bay kè kontan e nou pral manje manje ki bon pou sante nou e ki gen bon gou. Nou pap janm bay tèt nou pwoblèm ankò pou bagay mal ki ta ka rive nou menm oswa pitit nou (Eza. 32:17, 18; Eze. 34:25). Nou gen yon bèl avni k ap tann nou.
13. Ki sitiyasyon ki ka mande pou n plis konsantre sou esperans nou genyen an?
13 Jodi a, plis pase nenpòt lòt lè, nou bezwen konsantre n sou esperans nou genyen an. Poukisa? Paske n ap viv nan “dènye jou yo” e nou tout gen pwoblèm ki “difisil pou [n] sipòte”. (2 Tim. 3:1.) Chak jou Jewova ede n andire lefètke li gide nou, li ban nou fòs ak èd nou bezwen (Sòm 145:14). Epitou, esperans nou genyen antanke kretyen an kapab ede n nan moman difisil yo. Petèt w ap lite pou w bay fanmi w sa yo bezwen pou yo viv. Èske sa vle di w ap toujou bezwen lite pou w jwenn sa w bezwen pou w viv? Jamè! Jewova pwomèt l ap ba w sa w ap bezwen nan Paradi a, e menm pi plis toujou (Sòm 9:18; 72:12-14). Petèt ou gen doulè chak jou, ou fè depresyon oswa w malad grav. Èske se konsa lavi w ap toujou ye, san w pa gen espwa w ap jwenn soulajman yon lè? Non. Maladi ak lanmò ap disparèt nèt nan monn nouvo Bondye a (Rev. 21:3, 4). Esperans sa a ede n pou n kontante n ak sa n genyen kounye a, pou n pa vin fache oswa egri. Nou ka santi n gen kè kontan e n ka santi n anpè menmsi yo fè n enjistis, nou gen yon moun pa nou ki mouri oswa n ap fè fas ak nenpòt lòt eprèv. Sa k fè sa? Paske kèlkeswa difikilte nou jwenn nan lavi nou kounye a, nou konnen “tribilasyon an la pou yon ti tan”, e talè konsa nan monn nouvo a nou pap janm soufri ankò. — 2 Kor. 4:17, 18.
14. Ki jan n ka fè esperans nou genyen an vin pi solid?
14 Piske esperans nou genyen an ede n kontante n ak sa n genyen, ki jan n ka fè l vin pi solid? Menm jan yon moun ka bezwen met linèt pou l wè yon seri bagay ki lwen pi klè, nou ka bezwen fè esperans nou genyen an vin pi solid pou Paradi a ka pi reyèl pou nou. Pa egzanp, lè n ap enkyete n poutèt nou pa gen ase kòb pou n viv, nou ka imajine jan lavi a pral ye lè lajan ak dèt pa la ankò e lè pap gen yon pòsyon moun ki rich ak yon pòsyon moun ki pòv ankò. Si n ap bay tèt nou pwoblèm pou privilèj nou poko genyen, nou ka reflechi sou jan tout traka n ap bay tèt nou yo se pou granmesi lè nou vin pafè e lè n gen plizyè milye ane depi n ap sèvi Jewova (1 Tim. 6:19). Nou tèlman gen bagay ki chaje tèt nou jodi a, sa ka fè l difisil pou n medite sou pwomès Jewova fè pou lavni. Men, plis nou medite sou bèl avni Jewova pwomèt la, se plis l ap fasil pou n konsantre n sou benediksyon nou pral jwenn olye n konsantre n sou pwoblèm nou yo.
15. Ki sa w aprann nan pawòl Christa te di yo?
15 Ann wè ki jan esperans nou genyen an te ede Christa, yon sè ki marye ak Dennis nou te pale de li pi wo a. Men sa l di: “Mwen gen yon maladi k ap atake mis nan kò m tikras pa tikras ki fè m oblije itilize yon chèz woulant e ki fè m fè prèske tout jounen m nan kabann. Mwen gen doulè chak jou. Pa gen lontan doktè m te fè m konnen mwen pap janm refè. Men, menm moman an m te reflechi, mwen te di: ‘Li pa wè lavni menm jan avè m.’ Mwen konsantre sou esperans mwen genyen an, e sa fè lespri m anpè. Jodi a, mwen ka oblije andire pandan m ap viv nan monn sa a, men, mwen pral viv san okenn pwoblèm nan monn nouvo a!”
“MOUN KI GEN LAKRENTIF POU LI YO PA MANKE ANYEN”
16. Sa k fè wa David te kapab di, moun ki gen lakrentif pou Jewova yo “pa manke anyen”?
16 Menm lè yon sèvitè Jewova kontante l ak sa l genyen, l ap jwenn pwoblèm kanmenm. Wa David te pèdi omwen twa nan pitit li yo. Moun te fè manti sou li, yo te trayi l, e l te fè plizyè ane nan mawon. Malgre tout pwoblèm sa yo, men sa l te di konsènan Jewova: “Moun ki gen lakrentif pou li yo pa manke anyen.” (Sòm 34:9, 10). Sa k fè l te ka di sa? Paske, byenke antanke sèvitè Jewova nou pa atann n ap viv san pwoblèm, nou sèten n ap toujou jwenn sa nou vrèman bezwen (Sòm 145:16). Epitou, nou kapab konte sou Jewova pou l ede n nan tout eprèv nou yo. Nou kapab kontante n ak sa n genyen.
17. Poukisa w detèmine pou w aprann sekrè ki genyen lè yon moun kontante l ak sa l genyen?
17 Jewova vle w kontante w ak sa w genyen (Sòm 131:1, 2). Kidonk, fè tout sa w kapab pou w aprann sekrè ki genyen lè yon moun kontante l ak sa l genyen. Si w fè efò pou w montre w gen rekonesans, pou w konsantre sou fè volonte Jewova, pou w gen imilite e pou w medite sou pwomès Jewova fè yo, w ap kapab di: “Mwen aprann kontante m nan kèlkeswa sitiyasyon m ye.” — Flp. 4:11.
KANTIK 118 “Ban nou plis lafwa”
a Pa egzanp, gade pwogram adorasyon nan maten ki gen tit Jewova gen sousi pou moun ki gen imilite yo ak Ògèy lakòz moun tonbe ki sou jw.org.
b ESPLIKASYON SOU FOTO: Yon frè k ap fè antretyen nan yon lokal òganizasyon an genyen, yon frè k ap fè entèvyou nan yon asanble sikonskripsyon ak yon sè ki aprann lang siy, epi yon frè k ap fè yon diskou piblik.