Lèt Kolèj santral la
Frè ak sè nou yo,
Avèk imilite, pwofèt Ezayi te rann li kont se sèlman paske Jewova te beni wayòm Jida a ki fè bagay yo te mache byen nan wayòm nan e l te reyisi. Men sa pwofèt la te di nan Ezayi 26:12: “O Jewova, [...] se ou ki ban nou fòs pou nou fè tout sa n ap fè.” Lè n reflechi ak tout sa n te rive fè pandan ane sèvis ki sot pase a, sa fè n di menm pawòl sa yo. Vrèmanvre, Jewova ap fè “yon seri bagay estrawòdinè devan je nou, yon seri bagay ki poko janm fèt” anvan sa (Egz. 34:10). Ann fè yon ti reflechi ak kèk nan benediksyon li te fè n jwenn.
Nou te sèvi ak sit Entènèt ofisyèl nou an, jw.org, yon fason estrawòdinè. Kounye a, sit la disponib nan plis pase 600 lang e moun yo ka li piblikasyon nou yo epi telechaje yo nan plis pase 750 lang. Jis nan ki pwen sit Entènèt nou an pèmèt moun ki gen kè sensè yo jwenn laverite? Ann pran yon egzanp: Gen de moun marye ki te vin pèdi konfyans nan relijyon akoz ipokrizi yo te wè ki gen nan relijyon yo. Pandan yo t ap chèche enfòmasyon nan domèn espirityèl, yo te tonbe sou sit Entènèt nou an. Yo te kòmanse al sou sit la regilyèman pou yo li atik nan piblikasyon nou yo e pou yo gade videyo nou yo. Yo te menm telechaje bwochi Ann egzamine Ekriti yo chak jou a e yo te kòmanse li tèks pou jounen an ansanm ak de timoun adolesan yo genyen yo. Anfèt, se sa yo t ap fè jou maten Temwen Jewova yo te vin frape pòt kay yo a. Temwen yo te vin aprann tout chanjman fanmi sa a te fè nan lavi yo lefètke yo t al sou sit la. Yo te retire tatwaj ak zanno yo te gen sou kò yo, yo te jete imaj relijye yo te genyen yo, yo te sispann selebre fèt popilè e yo te sispann gade fim ki pa apwopriye. Yo te fè tout bagay sa yo anvan menm yo te rankontre Temwen yo! Nan moman n ap ekri lèt sa a, toule de paran yo ak youn nan timoun yo ap sèvi kòm pwoklamatè e paran yo ap planifye pou yo batize talè konsa.
Gen anpil moun ki te ekri pou di jan yo rekonesan pou yon lòt bèl dispozisyon nou te pran, anpalan de Tele JW a. Kounye a, pwogram ki parèt chak mwa a disponib nan plis pase 70 lang e l ap disponib nan plis lang toujou pi devan. Gen anpil fanmi ki konn gade pwogram nan pandan sware adorasyon an fanmi an. Men sa yon frè te di: “Tank òganizasyon Jewova a ap grandi se tank n ap vin pi pre syèj mondyal la.”
Kongrè yo se yon seri evènman ki toujou enpòtan pou pèp Jewova a e se konsa sa te ye pou seri kongrè ki te fèt pandan ane sèvis 2015 lan. Nan pwogram kongrè sa a, te gen 42 videyo, yon pakèt bèl prezantasyon ansanm ak sis anrejistreman mizik yo pase nan kòmansman chak sesyon yo. Men sa yon frè ki gen eksperyans te di konsènan pwogram nan: “Sanble pèsonn nan asistans lan pa t vle kite plas yo pandan pwogram nan paske yo pa t vle rate anyen.” Men ki remak yon misyonè te fè konsènan kongrè ki te fèt ane ki sot pase a: “Videyo yo fè m pi byen konprann laverite e yo fè Wayòm nan vin pi reyèl pou mwen.”
Pakèt nouvo kantik Wayòm nou te vin genyen pandan ane ki pase a se yon lòt benediksyon Jewova ban nou. Men sa de moun marye fè konnen: “Nouvo kantik yo tankou yon akolad Jewova ban nou. Yo pote limyè pou nou nan moman difisil yo.” Kongrè nou yo fè n sonje travay òkès ak koral Watchtower a fè ak tout kè yo pou nou e yo fè tout sa pou ede n fè plis louwanj pou Jewova.
Nou ankouraje nou tout pou n imite Jewova lè n akeyi moun k ap retounen yo ak tout kè nou.
Èske moun nan kongregasyon w lan byen itilize charyo pou bay temwayaj an piblik yo? Se pa ti benediksyon fòm temwayaj sa a ye! Gen kèk moun k ap viv nan yon seri vilaj ki fèmen oswa nan apatman ki gen anpil sekirite ki rive tande verite a pou premye fwa, e gen anpil lòt moun, san wete kèk Temwen ki te inaktif, ki rive jwenn èd nan domèn espirityèl grasa mwayen sa a. Nan mwa janvye 2015 lan, gen yon mesye nan Kore disid ki te pwoche bò kot yon charyo. Li te fè konnen li pa gen lontan depi l te kòmanse reflechi seryezman sou bagay espirityèl yo. Li te aksepte yon etid Labib. Nan mwa fevriye, li te asiste reyinyon nan yon kongregasyon pou premye fwa. Nan mwa mas, li te kite fimen. Nan mwa avril, li te vizite biwo filyal Kore disid la e l te kontinye fè anpil bèl pwogrè nan domèn espirityèl. Sa se sèlman youn nan pakèt eksperyans nou te resevwa isit la nan syèj mondyal la.
N ap priye pou enfòmasyon nou te resevwa nan kongrè a pouse anpil moun ki inaktif kounye a retounen vin nan bra Jewova anvan l twò ta! Nou ankouraje nou tout pou n imite Jewova lè n akeyi moun k ap retounen yo ak tout kè nou. — Eze. 34:16.
Vrèmanvre, Jewova te beni pèp li a pandan ane sèvis ki sot pase a. Ki lòt bagay ankò nou ka atann? Nou dwe ret tann pou n wè. Pandan n ap tann nan, tanpri, sonje nou menm, nan Kolèj santral la, nou renmen nou tout anpil e n toujou ap priye pou nou.
Nou swete pou tout bagay ale byen pou nou.
Frè nou yo,
Kolèj santral Temwen Jewova yo