BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • yb17 p. 105
  • Mwen te vle chanje fason m ap viv

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Mwen te vle chanje fason m ap viv
  • Liv aktivite Temwen Jewova yo — 2017
  • Sou menm sijè a
  • Mwen te panse mwen te reyisi lavi m
    Liv aktivite Temwen Jewova yo — 2017
  • Mwen soti byen ba pou m monte byen wo
    Byografi Temwen Jewova
  • Labib chanje lavi moun
    “Mwen te brital, mwen te awogan e m te agresif.” — Dennis O’Beirne
  • Labib chanje lavi moun
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2012
Gade plis
Liv aktivite Temwen Jewova yo — 2017
yb17 p. 105

JÒJI

Mwen te vle chanje fason m ap viv

Davit Samkharadze

  • NESANS: 1967

  • BATÈM: 1989

  • PWOFIL: Li te siveyan itineran. Depi 2013, l ap anseye nan lekòl biblik yo.

Davit Samkharadze k ap anseye nan yon lekòl biblik.

NAN ane 1985, m te gen 18 an e otorite sovyetik yo te ban m lòd pou m fè sèvis militè. Enjistis ak abi ki te konn fèt nan lame a te tèlman ban m pwoblèm, m te konn di tèt mwen: ‘M pa vle vin menm jan ak yo. M vle yon lòt moun.’ Poutan, m te santi m pa t ap ka toujou aji janm ta vle a. Mwen te vle chanje fason m ap viv.

Lè sèvis mwen te fini nan lame a, mwen te tounen lakay mwen. Yon jou swa, apre m te sot nan yon fèt, mwen te priye Bondye, m te mande l ede m fè chanjman nan lavi m. Nan demen, pandan m t apral travay, mwen te pase wè matant mwen ki te Temwen Jewova. Lè m te antre nan kay la, mwen te jwenn yon ti gwoup Temwen ki te la pou yon reyinyon. Yo te byen akeyi m, donk mwen te deside rete pou m suiv reyinyon an.

Mwen te aksepte fè yon etid Labib e sis mwa apre, mwen te batize. Jewova te ede m vin yon pi bon moun, yon bagay mwen pa t ap ka fè poukont mwen.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje