JÒJI
Mwen te panse mwen te reyisi lavi m
Madona Kankia
NESANS: 1962
BATÈM: 1990
PWOFIL: Yon ansyen manm pati kominis, li te ede anpil moun aprann laverite. An 2015, li te gradye nan premye klas Lekòl pou evanjelizatè Wayòm nan ki te fèt Tibilisi.
NAN ane 1989, lè m te tande laverite ki nan Bib la, mwen te yon gwo manm nan pati kominis nan Senaki, vil kote m soti a, e mwen te konn chita regilyèman nan sa yo rele palman jodi a (yo te rele l sovyèt siprèm nan epòk la). Mete sou sa, mwen te fiyanse ak yon jèn gason. Mwen te panse mwen te reyisi lavi m.
Manman m ak papa m te fè m renmen Bondye. Se sa k fè, malgre mwen te kominis, mwen te kwè nan Bondye. Lè m te kòmanse etidye Labib, mwen te jwenn bonjan repons pou tout kesyon mwen te genyen yo. Kidonk, mwen te deside vwe lavi m bay Jewova. Men, ni fanmi m ni zanmi m ni kòlèg mwen yo ni fiyanse m nan pa t dakò ak desizyon m nan.
Kwayans mwen te vin genyen an te lakòz fanmi m nye m e li pa t mache ak karyè mwen te genyen nan politik la nonplis. Mwen te vin wè mwen pa gen lòt chwa, m te dwe kite lakay mwen, kraze fiyansay la epi kite travay mwen san wete pati kominis la ak sovyèt siprèm nan. Apre m te fin batize, fanmi m ak zanmi m te vin fè plis presyon sou mwen toujou. Kòm anpil moun te konnen m nan vil kote m soti a, mwen te bwote al rete nan vil Koutaysi, e m te kòmanse sèvi kòm pyonye tousuit.
Lè moun mande m si kwayans mwen te merite pou m pase tout mizè sa yo, mwen reponn san ezite m pa regrèt okenn nan desizyon m te pran yo. Byenke paran m pa t konprann chwa m te fè yo, m genyen yo rekonesans poutèt yo te anseye m pou m renmen Bondye ak pwochen m. Sa te ede m anpil nan lavi a.