JÒJI
Mwen t ap chèche direksyon Jewova
Tamazi Biblaia
NESANS: 1954
BATÈM: 1982
PWOFIL: Li te ede nan enprime piblikasyon an kachèt e li te youn nan premye siveyan itineran nan Jòji malgre l te gen kat pitit pou l leve.
MANMAN M te fache anpil paske mwen menm ak madanm mwen, Tsitso, te vin Temwen Jewova. Yon jou, li konvoke tout fanmi an nan espwa pou yo ta konvenk pou n koupe kontak ak Temwen yo. Yo te ban m de chwa: swa mwen pa Temwen ankò swa yo pap konsidere m fè pati fanmi an.
Mwen te pran desizyon pou m kite vil la. Kòm mwen te konn travay fè, mwen te panse ale nan dezyèm pi gwo vil nan Jòji, anpalan de Koutayis, kote m te ka pi fasil jwenn travay. Mwen te aprann tou yo te bezwen pwoklamatè nan vil sa a, se sa k fè mwen te chèche direksyon Jewova.
Yon ti tan annapre, mwen te rankontre youn nan etidyan Labib mwen yo ki t ap viv nan yon ti vil ki rele Jvari. Lè l tande mwen te vle ale Koutayis, li te sipliye m pou m vin ret nan vil kote l ye a pito. Li di m: “Nou gen yon kay. Mwen menm, madanm mwen ak timoun yo ap rete nan yon chanm. Ou menm ak madanm ou ka rete nan lòt chanm nan.”
Kòm mwen t ap chèche direksyon nan men Jewova, mwen te di etidyan m nan m ap aksepte òf li a pou kounye a men, fò m ta jwenn yon travay byen vit nan Jvari ak yon kay pou m lwe anvan lontan. Se pa ti sezi m te sezi lè l te tounen nan menm jou a ak yon lis kote k ap ofri moun travay.
Kèk jou apre, mwen menm ak fanmi m t al rete Jvari. Depi premye jou a, m te jwenn yon djòb ki te vrèman byen peye. Nouvo patwon m nan te ban m rete nan yon gwo kay konpayi an te posede. Yon ti tan apre, frè yo te mande m ede nan enprime piblikasyon an kachèt. Kòm nou te gen anpil espas nan nouvo kay nou an, madanm mwen avè m te ranje l yon fason pou n te ka fè travay sa a.
Pandan plizyè ane, yo te fè Memoryal ak yon seri lòt evènman espesyal nan gwo kay nou an. Gen plis pase 500 moun ki te batize lakay nou! Mwen vrèman kontan lefètke mwen te chèche direksyon Jewova e mwen te suiv direksyon sa a.