BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • yb17 p. 128-129
  • Mari m pa t ka sispann li!

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Mari m pa t ka sispann li!
  • Liv aktivite Temwen Jewova yo — 2017
  • Sou menm sijè a
  • Ki sa w ka fè pou sa w li nan Bib la pi itil ou?
    Ou kapab viv ak kè kontan pou toutan! — Yon liv k ap ede w konn Bib la
  • Yon trezò ki te kache pandan plizyè syèk
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2013
  • Sa k fè l enpòtan pou timoun yo li — 1ye pati: Li oswa gade videyo?
    Èd pou fanmi
  • Konsantre w sou lekti w ap fè
    Byen pwofite Lekòl ministè teyokratik la
Gade plis
Liv aktivite Temwen Jewova yo — 2017
yb17 p. 128-129

JÒJI

Mari m pa t ka sispann li!

Marina Kopaliani

  • NESANS: 1957

  • BATÈM: 1990

  • PWOFIL: Marina ansanm ak mari l, Badri, te vin pwoklamatè zele toutpandan yo t ap leve de pitit gason. Annapre, Badri te sèvi nan Komite pou peyi a e li te rete fidèl pou jis li mouri an 2010.

Marina Kopaliani

NAN ane 1989, mwen menm ak mari m te rankontre Temwen Jewova yo lakay yon vwazen nou. Frè Givi Barnadze, ki t ap etidye Labib avèk vwazen nou an, pa t gen bib paske nan epòk la li te difisil pou moun jwenn bib nan Jòji.

Nou te renmen sa nou te tande yo e nou te anvi gen yon bib. Lè mari m te rankontre ak gran frè l, li te di frè l la li t ap chèche yon bib. Li te sezi lè frè l la di l li fèk achte yon bib an jòjyen e l ap byen kontan fè l kado l.

Lè Badri tounen lakay, li te chita bò tab la e l te kòmanse li Labib pou jis li aswè. Nan demen, li leve e li kontinye li. Lè m tounen sot travay, m te jwenn li chita bò tab la, li t ap li Labib toujou. Li pa t ka sispann li! Mwen te di l pou I pran kèk jou konje pou l fini lekti a. Yon ti tan annapre li te rive fin li tout Bib la.

Annapre, lè nou te kòmanse etidye liv Laverite k ap mennen nan lavi etènèl la avèk frè Barnadze, nou te byen kontan gen bib nou. Sa te byen tonbe paske nou pa t gen liv Laverite a e frè a pa t gen bib. Anviwon ennan apre, Badri avè m te batize.

Marina ak Badri Kopaliani
    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje