BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • ijwyp atik 97
  • Poukisa m ta dwe mande padon?

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Poukisa m ta dwe mande padon?
  • Kesyon jèn yo konn poze
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • Poukisa w ta dwe mande padon?
  • Fason w ka mande padon
  • Pou w gen kè kontan nan maryaj ou: Mande padon
    Èd pou fanmi
  • Poukisa li difisil konsa pou moun mande eskiz ?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2002
  • Mande eskiz : yon mwayen esansyèl pou fè lapè
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2002
  • 8 Egzanp
    Reveye n! — 2018
Gade plis
Kesyon jèn yo konn poze
ijwyp atik 97
Yon elèv ki chita nan yon klas e yon pwofesè ap reprimande l.

KESYON JÈN YO KONN POZE

Poukisa m ta dwe mande padon?

Ki jan w t ap reyaji nan sitiyasyon sa yo?

  1. Pwofesè w ap repwoche w, li di w ap bay pwoblèm nan klas la.

    Èske w pa ta dwe mande pwofesè a eskiz, menmsi w panse li egzajere nan sa l di a?

  2. Yon zanmi w aprann ou te pale l mal.

    Èske w pa ta dwe mande zanmi w lan eskiz, menmsi w panse sa w te di a se laverite?

  3. Ou fache ak papa w e ou pale avè l yon fason ki manke respè.

    Èske w pa ta dwe mande papa w eskiz, menmsi w panse se li ki te fè w fache?

Repons toule twa kesyon sa yo se wi. Men, ou ka mande tèt ou sa k fè ou ta dwe mande padon, alòske w te gen bonjan rezon ki fè w te reyaji konsa?

  • Poukisa w ta dwe mande padon?

  • Fason w ka mande padon

  • Sa lòt jèn di

Poukisa w ta dwe mande padon?

  • Lè w mande padon, sa montre w gen matirite. Lè w pran responsablite pou sa w di ak sa w fè, w ap vin gen kalite k ap itil ou pi devan.

    “Lè yon moun gen imilite ak pasyans, sa ede l mande padon pi fasil e sa ede l koute sa lòt moun ap di l.” — Rachel.

  • Lè w mande padon, sa pèmèt ou rete anpè ak lòt moun. Moun ki pa gen pwoblèm pou yo mande padon montre sa k pi enpòtan pou yo se chèche gen lapè, se pa chèche gen rezon oswa montre lòt moun antò.

    “Menm lè w panse ou gen rezon, fè lapè pi enpòtan. Sa pa koute anyen pou w di: ‘Padon’. Men, sa kapab fè de moun rete zanmi.” — Miriam.

  • Lè w mande padon, sa fè w santi w pi byen. Lè w regrèt ou te blese yon moun akoz yon pawòl ou te di oswa yon bagay ou te fè l, men ou poko mande l padon, se yon gwo pwa lou sa ye pou ou. Men, lè w mande padon, ou retire chay lou sa a sou do w.a

    “Pafwa, lè m te pale di ak manman m oswa ak papa m, m te santi m mal. Malgre sa, m te wè l difisil pou m mande yo eskiz. Lè m te mande eskiz, m te toujou santi m pi byen, paske sa te pèmèt vin gen lapè ankò nan fanmi an.” — Nia.

    Yon jèn gason k ap pote yon gwo wòch sou do l.

    Lè w regrèt yon pawòl ou te di oswa yon bagay ou te fè, men ou poko mande padon, se yon gwo pwa lou sa ye pou ou. Men, lè w mande padon, ou retire chay sa a sou do w.

Èske sa mande efò pou n mande padon? Wi! Men sa Dena, yon jèn dam ki te oblije mande manman l padon plizyè fwa paske l te konn pale rèd ak li, admèt: “Sa pa fasil pou m mande padon. M santi mo yo pa ka soti nan bouch mwen!”

Fason w ka mande padon

  • Si sa posib, mande padon fasafas. Lè w fasafas ak moun nan, sa pèmèt li wè si w regrèt vre. Si se yon mesaj tèks ou voye ba li, li ka pa kwè w. Menmsi w ajoute yon smayli ki montre w tris, ou ka pa parèt sensè e mesaj la ka pa touche moun nan.

    Konsèy: Si w pa ka mande eskiz fasafas, pito w rele moun nan nan telefòn oswa ou ekri l yon ti kat. Kèlkeswa jan w deside fè sa, byen chwazi mo w ap di yo.

    Prensip Bib la bay: “Yon moun ki dwat byen reflechi nan kè l anvan l reponn.” — Pwovèb 15:28.

  • Pa pran tan pou w mande padon. Plis ou pran tan pou w rezoud pwoblèm nan, se plis l ap parèt pi grav, e se plis w ap santi w malalèz avèk moun ou te blese a.

    Konsèy: Fikse yon lè pou w rezoud pwoblèm nan. Pa egzanp, ou ka di: ‘M ap mande padon jodi a.’ Deside ki lè k ap pi bon pou w fè sa, epi fè l.

    Prensip Bib la bay: “Regle bagay yo byen vit.” — Matye 5:25.

  • Mande padon ak tout kè w. Lè w di moun nan: ‘M regrèt se konsa ou santi w’, se pa padon w mande. Men sa yon jèn fi ki rele Janelle di: “An jeneral, moun ki viktim nan ap respekte w si l wè w rekonèt sa w te fè a.”

    Konsèy: Mande padon san kondisyon. Pa di: “M ap mande w padon si w mande m padon anvan.”

    Prensip Bib la bay: “Annou kontinye chèche bagay k ap fè nou viv anpè.” — Women 14:19.

Sa lòt jèn di

Valerie.

“Sa mande imilite pou m mande eskiz, sitou lè m santi se pa sèl mwen menm ki antò. Menm lè se pa mwen sèl ki antò, mwen vle pou m di pawòl ki pozitif e ki ankourajan. Objektif mwen se pou m rezoud pwoblèm nan, men se pa pou m met luil sou dife a.” — Valerie.

Philip.

“Lè w pare pou w mande padon, sa montre w enterese nan lòt moun plis pase tèt ou. Mande eskiz kapab fè w santi w jennen, men lè w fè sa, sa fè w vin yon pi bon zanmi, e sa kapab menm fè amitye w ak lòt moun vin pi sere.” — Philip.

Kendall.

“Pafwa, yon moun ki fache ka reyaji trè mal. Men, sa pa vle di mwen gen rezon e lòt moun nan antò. L ap pi bon pou m reflechi sou jan moun nan te santi l. Si yon moun choke akoz sa m di oswa sa m fè, mwen dwe mande l padon.” — Kendall.

Revizyon: Poukisa m ta dwe mande padon?

  • Lè w mande padon, sa montre w gen matirite.

  • Lè w mande padon, sa pèmèt ou rete anpè ak lòt moun.

  • Lè w mande padon, sa fè w santi w pi byen.

Fason w ka fè sa:

  • Si sa posib, mande padon fasafas.

  • Pa pran tan pou w mande padon.

  • Mande padon ak tout kè w.

a Si w ta pèdi oswa ou ta kraze bagay yon moun, li t ap saj pou w remèt li oswa repare l pou w montre ou regrèt toutbonvre.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje