Rui Almeida Fotografia/Moment grasa Getty Images
KONTINYE VEYE!
Moun ap fè vyolans pou ka gen chanjman politik — Sa Bib la di?
Jounen jodi a, gen plis vyolans ki fèt sou ofisyèl nan gouvènman yo.
Poukisa gen tout vyolans sa yo pou gen chanjman politik? Èske yon lè pap gen bagay konsa ankò? Ki sa Bib la di?
Bib la te anonse politik t ap divize moun
Bib la te gentan fè konnen nan epòk nou an, li rele “dènye jou yo”, anpil moun t ap gen atitid ki lakòz vyolans ak boulvès.
“Nan dènye jou yo, tan yo pral di, yo pral difisil pou moun sipòte. Paske, moun yo [...] ap engra, yo pap fidèl, [...] yo pap dispoze antann yo, [...] y ap sovaj, [...] y ap trèt, y ap gen tèt di, y ap gonfle ak ògèy.” — 2 Timote 3:1-4.
Bib la te gentan fè konnen tou, pandan dènye jou yo, souvan t ap gen yon seri boulvès, tankou moun k ap fè soulèvman kont gouvènman ak twoub politik (Lik 21:9, nòt). Epoutan, vyolans pou lakòz chanjman politik ak divizyon pap la pou toutan.
Yon lè, moun pap fè vyolans ankò pou lakòz chanjman politik
Bib la fè konnen Bondye pral ranplase tout gouvènman lèzòm yo ak gouvènman pa l la li tabli nan syèl la.
Bondye nan syèl la pral tabli yon wayòm [k ap] kraze tout wayòm sa yo, l ap elimine yo, e se li menm sèl k ap rete pou toutan.” — Dànyèl 2:44.
Wayòm Bondye a pral vrèman ini moun epi tabli lapè sou tè a.
Yo rele Jezi, ki Chèf Wayòm nan, “Prens lapè”, e l ap asire l “lapè ap kontinye blayi nètale”. — Ezayi 9:6, 7.
Menm depi kounye a, moun k ap viv anba dominasyon Wayòm nan aprann fason pou yo viv nan lapè. Se sa k fè, Labib di: “Y ap bat epe yo pou yo fè yo tounen zouti pou raboure latè e y ap bat lans yo pou yo fè yo tounen sèpèt. Nasyon yo pap pran epe pou yo atake youn lòt ankò, e yo pap aprann fè lagè ankò.” — Ezayi 2:3, 4.
Pou w jwenn plis enfòmasyon, li atik “Ki sa Wayòm Bondye a pral fè?” epi gade videyo Ki sa Wayòm Bondye a ye?