BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • ijwfq atik 62
  • Ki sa yo fè nan maryaj Temwen Jewova yo?

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Ki sa yo fè nan maryaj Temwen Jewova yo?
  • Kesyon yo poze souvan sou Temwen Jewova yo
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • Ki jan yo fè seremoni maryaj yo?
  • Ki kote Temwen Jewova yo fè maryaj yo?
  • Ki moun ki ka al nan maryaj la?
  • Èske gen yon fason pou moun abiye pou y al nan maryaj sa yo?
  • Èske yo bay kado maryaj?
  • Èske yo toke vè oswa leve vè anlè?
  • Èske yo voye diri sou moun k ap marye yo?
  • Èske ap gen manje ak bwason?
  • Èske ap gen mizik oswa danse?
  • Èske Temwen Jewova yo fete anivèsè maryaj yo?
  • Maryaj ki onorab nan je Bondye e nan je lèzòm
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2006
  • Repons kesyon w yo
    Ministè Wayòm nan — 2008
  • Demontre nou gen lafwa nan fason n ap viv
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2006
  • Pa kite monn nan enfliyanse nou lè n ap prepare maryaj nou
    Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen — Pwogram reyinyon — 2019
Gade plis
Kesyon yo poze souvan sou Temwen Jewova yo
ijwfq atik 62
De moun k ap marye nan yon bèl lakou. Lemarye ap mete yon bag nan dwèt lamarye.

Ki sa yo fè nan maryaj Temwen Jewova yo?

An jeneral, maryaj Temwen Jewova yo se yon seremoni ki senp kote yo bay yon diskou ki pa twò long ki baze sou Bib la. Apre seremoni an konn gen yon fèt oswa yon resepsyon kote yo sèvi manjea. Jezi te asiste yon resepsyon konsa nan vil Kana, kote l t ap kòmanse travay predikasyon l lan. — Jan 2:1-11.

  • Ki jan yo fè seremoni maryaj yo?

  • Ki kote Temwen Jewova yo fè maryaj yo?

  • Ki moun ki ka al nan maryaj la?

  • Èske gen yon fason pou moun abiye pou y al nan maryaj sa yo?

  • Èske yo bay kado maryaj?

  • Èske yo toke vè oswa leve vè anlè?

  • Èske yo voye diri sou moun k ap marye yo?

  • Èske ap gen manje ak bwason?

  • Èske ap gen mizik oswa danse?

  • Èske Temwen Jewova yo fete anivèsè maryaj yo?

Ki jan yo fè seremoni maryaj yo?

Aspè ki pi enpòtan an se diskou maryaj la ki dire anviwon 30 minit. Se yon Temwen Jewova ki kalifye pou sa k ap fè l. Diskou a ankourajan e li mete aksan sou fason Bib la ka ede de moun k ap marye yo gen yon maryaj ki dire lontan, ki gen lanmou ladan l e ki bay kè kontan. — Efezyen 5:33.

Nan anpil peyi, gouvènman yo bay yon seri frè Temwen Jewova otorizasyon pou yo selebre maryaj. Nan ka sa a, nan fen diskou a, de moun k ap marye yo fè ve maryaj la. Epitou youn ka bay lòt yon bag. Apre sa, moun k ap selebre maryaj la ap anonse kounye a yo se mari ak madanm.

Gen lòt peyi kote Lalwa mande pou se nan yon biwo Leta pou moun yo marye. De moun k ap marye yo ap fè sa yon ti tan anvan diskou maryaj la. Si de moun k ap marye yo pa t fè ve maryaj la nan maryaj sivil la, yo ka fè l nan fen diskou maryaj la. Si yo te deja fè ve a, yo ka chwazi repete l men lè sa a, y ap repete ve a yon fason ki montre yo te deja fè yon ve. Y ap fini diskou maryaj la ak yon priyè pou mande Bondye beni de moun ki fèk marye yo.

Ki kote Temwen Jewova yo fè maryaj yo?

Anpil Temwen Jewova chwazi fè seremoni maryaj yo nan yon Sal Wayòm si gen youn ki disponib nan zòn yob. Si de moun k ap marye yo ap fè yon resepsyon apre maryaj la, y ap fè sa nan yon lòt lokal.

De moun k ap marye nan yon Sal Wayòm. Yon frè Temwen Jewova ki kalifye pou sa ap fè diskou maryaj la ki baze sou Bib la.

Ki moun ki ka al nan maryaj la?

Si maryaj la ap fèt nan yon Sal Wayòm, an jeneral, nenpòt moun ka asiste. Ni moun ki Temwen Jewova, ni moun ki pa Temwen Jewova. Si de moun marye yo ap fè yon resepsyon apre maryaj la, se yo menm k ap chwazi kiyès y ap envite.

Èske gen yon fason pou moun abiye pou y al nan maryaj sa yo?

Menm lè pa gen yon fason byen presi pou yon moun abiye pou l asiste yon maryaj nan Sal Wayòm nan, Temwen Jewova yo eseye suiv prensip Bib la bay pou yo abiye yon fason ki modès e ki montre respè. Yo apresye lè lòt moun fè sa tou (1 Timote 2:9). E sandout, si gen yon resepsyon, yo suiv menm prensip sa a tou.

Èske yo bay kado maryaj?

Bib la ankouraje n pou n renmen bay (Sòm 37:21). Temwen Jewova yo kontan bay kado maryaj e yo kontan resevwa yo (Lik 6:38). Men, Temwen yo evite mande kado oubyen anonse non moun ki te bay kado yo (Matye 6:3, 4; 2 Korentyen 9:7; 1 Pyè 3:8). Nonsèlman sa pa t ap ann amoni ak sa Bib la di, men tou lè yon moun fè sa, sa ka fè moun ki la yo santi yo malalèz.

Èske yo toke vè oswa leve vè anlè?

Non. Temwen Jewova yo pa toke vè oswa leve vè anlè pou yo swete moun k ap marye yo bòn chans. Paske sa soti nan koutim fo relijyonc. Temwen yo chèche lòt fason pou yo swete moun k ap marye yo jwenn kè kontan nan maryaj yo.

Èske yo voye diri sou moun k ap marye yo?

Non. Nan kèk zòn, yo voye diri oswa lòt bagay sou moun ki fèk marye yo. Yo panse lè yo fè sa, sa ap fè moun ki fèk marye yo gen chans, sa ap fè yo gen kè kontan e sa ap fè yo viv lontan. Men, Temwen Jewova yo evite pratik ki gen rapò ak sipèstisyon. Sa gen ladan l swete moun bòn chans, yon bagay ki pa ann amoni ak sa Bib la di. — Ezayi 65:11.

Èske ap gen manje ak bwason?

Pa gen manje ak bwason nan seremoni ki fèt nan Sal Wayòm nan. Gen moun marye ki chwazi fè yon resepsyon apre seremoni an kote gen manje ak bagay pou moun bwè (Eklezyas 9:7). Si moun k ap marye yo deside sèvi bwason ki gen alkòl, yo fè yon fason pou pa gen twòp e se sèl moun ki gen laj pou bwè yo ki jwenn. — Lik 21:34; Women 13:1, 13.

Èske ap gen mizik oswa danse?

Si moun k ap marye yo ap fè yon resepsyon, yo ka chwazi pase mizik e moun ka danse (Eklezyas 3:4). Yo ka chwazi pase mizik yo renmen, oubyen mizik moun nan peyi yo renmen, men yo sèvi ak bon jijman lè y ap chwazi mizik sa yo. Souvan, nan seremoni maryaj yo fè nan Sal Wayòm nan, yo jwe mizik ki gen rapò ak kèk vèsè nan Bib la.

De moun marye k ap danse nan resepsyon maryaj yo ansanm ak kèk nan moun yo te envite yo.

Èske Temwen Jewova yo fete anivèsè maryaj yo?

Piske pa gen okenn prensip nan Bib la ki kont yon moun selebre anivèsè maryaj, se chak mari ak madanm ki Temwen Jewova k ap deside si wi ou non y ap fete anivèsè maryaj yo. Si yo chwazi fete l, yo ka fè sa swa poukont yo swa ak kèk fanmi ak zanmi.

a Koutim yo, abitid yo oswa sa Lalwa mande konn diferan selon zòn nan.

b Temwen Jewova k ap selebre maryaj la pa mande lajan pou diskou maryaj la, e yo pa mande lajan pou yo sèvi ak Sal Wayòm nan.

c Pou nou jwenn plis enfòmasyon sou kote abitid toke vè oswa leve vè anlè a soti, gade “Kesyon lektè yo poze” ki nan Toudegad 15 fevriye 2007, fransè.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje