Repons kesyon w yo
◼ Si de moun ki pral marye ta renmen itilize Sal Wayòm nan pou maryaj yo, sou ki sa yo bezwen pale ak ansyen yo ?
Yon maryaj yo planifye ann amoni ak prensip ki nan Bib la, se yon maryaj ki onore Jewova. Sa sitou vre pou maryaj k ap fèt nan Sal Wayòm nan, etandone moun ki nan zòn nan konsidere tout aktivite ki fèt nan Sal la kòm bagay ki reflete imaj òganizasyon nou an. Pou “ tout bagay fèt yon fason ki konvnab e nan lòd ” li apwopriye pou ansyen nan kongregasyon an pale ak moun ki pral marye yo lè moun yo mande pou yo itilize Sal Wayòm nan pou maryaj yo. — 1 Kor. 14:40.
De moun ki ta renmen itilize Sal Wayòm nan pou maryaj yo dwe ekri yon lèt voye bay komite sèvis kongregasyon ki reyini nan Sal Wayòm nan pou yo mande l sa. Yo dwe voye lèt la byen alavans e nan lèt la yo dwe di ki dat yo ta swete itilize Sal Wayòm nan e a ki lè. Yo dwe sonje ansyen yo pap chanje pwogram reyinyon yo pou maryaj la. Anplis de sa, ni lemarye ni lamarye dwe gen bon repitasyon, yo dwe ap viv ann amoni ak prensip biblik yo e ak prensip jistis wo nivo Jewova etabli yo.
Pou komite sèvis la ka sèten maryaj la ap byen reflete diyite Bondye nou an, de moun ki pral marye yo dwe pale ak komite a sou sa yo konte fè nan seremoni maryaj la anvan yo pran yon desizyon final. Byenke ansyen yo pap eseye fòse moun ki pral marye yo pou yo fè bagay yo jan yo menm yo ta prefere, si gen bagay moun yo prevwa fè ki pa konvnab, yo dwe fè chanjman ladan yo. Se sèl mizik yo pran nan Melodi Wayòm yo oubyen mizik ki nan liv kantik la yo dwe pase. Si yo prevwa fè dekorasyon nan Sal Wayòm nan oubyen si yo prevwa chanje fason chèz yo ranje, yo dwe gen apwobasyon ansyen yo anvan. Si y ap fè foto e si y ap fè videyo, sa dwe fèt yon fason ki pap diminye sou diyite evènman an. Ansyen yo ka kite yo fè repetisyon nan Sal Wayòm nan, depi sa pap fèt menm lè ak lòt aktivite kongregasyon an. Yo pa dwe mete okenn envitasyon sou tablo afichaj la. Sepandan, ansyen yo ka fè yon anons tou kout pandan Reyinyon sèvis la pou yo fè kongregasyon an konnen gen yon maryaj ki pral fèt nan Sal Wayòm nan.
Menmsi se pa yon obligasyon pou tout moun ki nan kòtèj la se moun ki batize, li pa t ap apwopriye pou yo mete moun k ap mennen yon vi ki toutafè kontrè ak prensip biblik yo nan kòtèj la, ni pou yo ta mete moun ki gen yon konduit ki ka fè envite yo poze tèt yo kesyon sou yo. Se yon ansyen ki ofisyan ki dwe fè maryaj la. Ansyen yo kalifye pou yo anseye Pawòl Bondye a, konsa, yo pi byen kalifye pou yo atire atansyon moun yo sou prensip biblik ki aplikab nan okazyon enpòtan sa a. — 1 Tim. 3:2.
Etandone maryaj la gen efè sou repitasyon ansyen ki pral fè l la tou, moun ki pral marye yo dwe mete l okouran sou tout sa yo pral fè nan seremoni maryaj la. Ansyen an dwe rankontre ak de moun ki pral marye yo pou l konnen ki konduit yo te genyen pandan peryòd yo t ap frekante a. Moun yo dwe fran e yo dwe onèt ak ansyen an. Si youn nan de moun ki pral marye yo te marye deja, l ap bezwen pwouve li lib pou l remarye ni selon Labib ni selon lalwa (Mat. 19:9). Sa vle di, l ap bezwen montre ansyen an yon kopi ak divòs li.
Lè moun ki pral marye yo pale ak ansyen yo san yo pa jennen e lè yo byen kowopere ak ansyen yo, maryaj la ap yon okazyon ki bay tout moun kè kontan. — Pwo. 15:22 ; Ebre 13:17.