Kesyon lektè yo poze
Èske yon Temwen Jewova ka asiste maryaj yon moun nan fanmi l ki pa Temwen oswa maryaj yon lòt moun ki pa Temwen ?
Maryaj se yon moman ki bay kè kontan. Donk, yon kretyen gendwa ta renmen la pou l pataje moman kè kontan sa a ak moun k ap marye a. Nòmalman, lè se yon jèn yo envite, li ta dwe obeyi paran l oswa moun ki responsab li yo, piske se yo menm ki gen pou pran desizyon final la (Efezyen 6:1-3). Men, ki sa yon madanm ki kretyèn ka fè si mari l ki pa Temwen Jewova mande l pou l asiste yon maryaj avè l nan yon legliz ? Konsyans li ka pèmèt li ale tou senpleman antanke yon moun k ap obsève seremoni an san l pa patisipe nan okenn bagay y ap fè nan sèvis la.
An reyalite, asiste yon maryaj oswa pa asiste l, se yon desizyon pèsonèl. Men, chak kretyen dwe konnen yo gen kont pou yo rann Jewova e yo ta dwe egzamine prensip biblik yo lè y ap pran desizyon pou yo asiste maryaj yon moun ki pa Temwen.
Avantou, sa ki dwe nan lespri yon kretyen se gen apwobasyon Bondye. Men sa Jezi te di : “ Bondye se yon Espri, e moun k ap adore l yo dwe adore l avèk lespri ak laverite. ” (Jan 4:24). Se sa k fè, Temwen Jewova yo pa patisipe nan yon seri aktivite lòt relijyon yo ap fè, tankou priyè, sèvis, oswa lòt seremoni ki an kontradiksyon ak verite ki nan Bib la. — 2 Korentyen 6:14-17.
Kretyen yo rekonèt desizyon y ap pran ka gen efè sou lòt moun tou. Si w deside asiste yon seremoni maryaj, èske gen moun nan fanmi w k ap santi yo ofanse si w pa patisipe nan tout sa k ap fèt nan maryaj la ? Yon kretyen dwe pran an konsiderasyon tou efè sa ka genyen sou kwayan parèy li (Women 14:13). Menmsi ou menm ak fanmi w pa panse gen pwoblèm si yon moun al nan maryaj yon moun ki pa kretyen, èske sa pap afekte frè ak sè yo ? Èske sa pap twouble konsyans kèk moun ?
Lè nou asiste seremoni maryaj manm fanmi nou ki pa Temwen, sa ka mete nou nan sitiyasyon difisil. Ki sa w ap fè si yo mande w pou w fè pati kòtèj maryaj la ? Oubyen ki sa w ap fè si konjwen w ki pa Temwen Jewova vle patisipe totalman nan aktivite k ap fèt yo ? Si maryaj la se yon maryaj sivil, sa vle di se yon jij oswa yon moun Leta bay dwa pou sa k ap selebre l, gendwa pa gen pwoblèm pou w asiste l, paske nan ka sa a se yon pwosedi legal.
Sepandan, lè se nan yon legliz y ap fè yon seremoni maryaj oswa se yon manm klèje a k ap fè l, sa poze lòt pwoblèm. Pou w ka suiv konsyans ou ki fòme grasa Labib e pou w pa fè konpwomi ak kwayans ou oswa pou w pa aji yon fason k ap ofanse lòt moun k ap nan maryaj la, ou ka deside pa al asiste seremoni an (Pwovèb 22:3). Men, ou kapab evite ni ou menm ni fanmi w gen strès si w esplike yo kwayans ou ki chita sou Bib la anvan, e si w esplike yo nan ki degre ou dispoze patisipe nan seremoni an oswa si w pwopoze yo yon lòt bagay.
Gen kèk kretyen, apre yo fin egzamine tout aspè ki gen nan kesyon an, ki kapab panse li pap mal pou yo asiste maryaj yon moun ki pa Temwen antanke senp obsèvatè. Men, yon kretyen ka panse si l la nan maryaj la, sa ka fè l fè konpwomi ak prensip Bondye yo. Konsa, li kapab rann li kont gen twòp danje si l ta ale. Si l deside pou l pa asiste maryaj la, men li deside pou l al nan resepsyon an, li dwe detèmine pou l “ fè tout bagay pou glwa Bondye ”. (1 Korentyen 10:31.) “ Chak moun ap pote pwòp chay pa l ” pou desizyon l pran (Galat 6:5). Kidonk, kèlkeswa desizyon n ap pran, nou bezwen sonje li trèzenpòtan pou nou chèche toujou gen yon bon konsyans devan Jewova Dye.