BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • ijwfq atik 19
  • Poukisa Temwen Jewova yo pa fete fèt Pak?

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Poukisa Temwen Jewova yo pa fete fèt Pak?
  • Kesyon yo poze souvan sou Temwen Jewova yo
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • Sa anpil moun panse men ki pa sa vre
  • Poukisa Temwen Jewova yo pa fete fèt Pak?
  • Ki sa Bib la di sou fèt Pak?
    Repons Bib la bay
  • Èske se vre fèt Pak se yon fèt kretyen dwe selebre?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2015
  • Kwayans ak koutim ki deplè Bondye
    Ki sa Bondye vle nou fè?
  • Èske nou dwe selebre fèt?
    Ki sa Labib anseye toutbonvre?
Kesyon yo poze souvan sou Temwen Jewova yo
ijwfq atik 19

Poukisa Temwen Jewova yo pa fete fèt Pak?

Sa anpil moun panse men ki pa sa vre

Sa moun yo di: Rezon ki fè Temwen Jewova yo pa selebre Pak se paske yo pa kretyen.

Sa ki verite: Nou kwè Jezi se sovè nou, e nou fè efò pou nou “suiv tras li pye pou pye.”— 1 Pyè 2:21; Lik 2:11.

Sa moun yo di: Nou pa kwè Jezi te resisite.

Sa ki verite: Nou kwè Jezi te resisite, nou konnen lafwa kretyen yo baze sou ansèyman sa a e nou ede moun konn sa lè n al preche yo.— 1 Korentyen 15:3, 4, 12-15.

Sa moun yo di: Sa pa di nou anyen si pitit nou yo pa pwofite tout lajwa yo ka jwenn lè yo fete fèt Pak la.

Sa ki verite: Nou renmen pitit nou, se sa k fè nou ba yo fòmasyon e nou fè tout sa nou kapab pou n ede yo viv ak kè kontan.— Tit 2:4.

Poukisa Temwen Jewova yo pa fete fèt Pak?

  • Nou pa jwenn yon kote nan Bib la ki di nou fete fèt Pak la.

  • Jezi te mande pou nou komemore lanmò l, li pa t di n pou n fè sa pou rezirèksyon l. Nou komemore lanmò l chak ane chak fwa dat la rive. Dat sa a ann amoni ak kalandriye Bib la ki baze sou lalin.— Lik 22:19, 20.

  • Nou kwè abitid moun yo genyen pou yo fete fèt Pak la soti nan yon ansyen seremoni yo te konn fè pou ede moun fè pitit. Se sa k fè Bondye pa dakò ak fèt sa a. Bondye vle pou nou ba li yon “adorasyon san pataj” e li rayi adorasyon moun ap ba li ki melanje ak yon seri pratik li kondane. — Egzòd 20:5; 1 Wa 18:21.

Nou konnen desizyon pou nou pa fete fèt Pak la ann amoni ak Bib la ki ankouraje nou montre nou gen ‘sajès ak bon konprann’ olye nou annik dakò ak tradisyon lèzòm yo (Pwovèb 3:21; Matye 15:3). Toutpandan n ap fè lòt moun konnen sa nou kwè anrapò ak fèt Pak la, nou respekte libète yo genyen pou yo deside sa yo vle.— 1 Pyè 3:15.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje