BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • ijwbq atik 49
  • Ki kote Dyab la rete?

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Ki kote Dyab la rete?
  • Repons Bib la bay
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • Repons Bib la bay
  • Annou “ pran pozisyon kont Satan ” menm jan ak Jezi
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2008
  • Kenbe tèt ak Satan, e l ap kouri !
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2006
  • Ki aparans Dyab la genyen?
    Repons Bib la bay
  • Ki sa Bib la di?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (piblik) — 2016
Gade plis
Repons Bib la bay
ijwbq atik 49

Ki kote Dyab la rete?

Repons Bib la bay

Piske Dyab la se yon zanj, l ap viv yon kote moun pa ka wè ak je. Men, li pa rete nan yon lanfè kote l ap fè moun ki mechan soufri jan sa parèt nan foto ki mache ak atik sa a.

“Yon lagè nan syèl la”

Te gen yon lè, Satan Ledyab te konn al fè vire won nan syèl la e l te konn parèt dirèkteman devan Bondye ansanm ak zanj fidèl yo (Jòb 1:6). Men, Bib la te anonse t apral gen “lagè nan syèl la”, yo t ap met Satan deyò nan syèl la e “yo [t ap] pimpe l sou latè”. (Revelasyon 12:7-9, Bib Kreyòl la.) Dat evènman Bib la rapòte yo ak dat yon seri evènman ki te pase nan monn nan montre byen klè gè sa a deja fèt nan syèl la. Kounye a, Dyab la pa ka retounen nan syèl la, men, li ret ozalantou tè a.

Èske sa vle di Dyab la rete yon kote fiks sou tè a? Pa egzanp, Labib pale de ansyen vil Pègam kòm “kote twòn Satan an ye a” ak “kote Satan abite a”. (Revelasyon 2:13.) An reyalite, li klè ekspresyon sa yo montre te gen anpil aktivite ki gen rapò ak adorasyon moun bay Satan ki t ap fèt nan vil sa a. Bib la di se Dyab la k ap dirije “tout wayòm ki sou tè a”. Kidonk, li pa abite yon kote fiks sou tè a, men li ret ozalantou tè a e l pa ka retounen nan syèl la. — Lik 4:5, 6.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje