Poukisa Temwen Jewova yo pa rele kote yo reyini an legliz?
Nan Bib la, mo grèk lè yo tradui l yo mete “legliz” pafwa pou li a fè referans ak yon gwoup moun k ap adore Bondye, li pa fè referans ak kote moun yo reyini an.
Pa egzanp, lè apot Pòl te ekri kretyen ki t ap viv Wòm yo, li te voye salye Akila ak Priska ki se mari ak madanm. Men sa l te di apre sa: “Di legliz ki sanble lakay yo a bonjou tou.” (Women 16:5, Bib la). Se pa t kote moun yo te konn reyini an Pòl te voye salye, men se moun yo, sètadi legliz ki te konn reyini nan kay sa aa, Pòl te voye salye.
Donk, olye Temwen Jewova yo rele kote yo reyini an legliz, yo pito rele kote yo reyini an “Sal Wayòm”.
Poukisa nou rele l “Sal Wayòm Temwen Jewova”?
Gen plizyè rezon ki fè li apwopriye pou nou ba l non sa a:
Batiman nou itilize a se yon sal oswa yon kote pou moun reyini.
Nou reyini pou nou adore Jewova, Bondye Bib la pale de li a, e nou reyini pou nou pale de Bondye sa a. — Sòm 83:18; Izayi 43:12.
Anplis de sa, nou reyini pou nou aprann konnen Wayòm Bondye a, Wayòm Jezi te souvan pale de li a. — Matye 6:9, 10; 24:14; Lik 4:43.
Nou envite w al vizite Sal Wayòm ki toupre lakay ou a pou w ka wè kòman Temwen Jewova yo fè reyinyon yo.
a Yo itilize menm ekspresyon sa a nan 1 Korentyen 16:19, Kolosyen 4:15 ak Filemon 2.