BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • ijwbq atik 86
  • Èske Bondye konn chanje lide?

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Èske Bondye konn chanje lide?
  • Repons Bib la bay
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • Repons Bib la bay
  • Èske Labib pa di Bondye pa janm chanje?
  • Èske Bondye regrèt li te kreye lèzòm?
  • Èske w ta dwe chanje ide?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2014
  • Yon avètisman nan tan lontan
    Ou kapab vin zanmi Bondye!
  • Ann ranvèse tout rezònman ki kont konesans Bondye
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2019
Repons Bib la bay
ijwbq atik 86
Yon pano siyalizasyon ki montre yo kapab kase tèt tounen.

Èske Bondye konn chanje lide?

Repons Bib la bay

Wi, li konn chanje lide, nan sans li konn chanje fason l konsidere moun lè yo menm yo chanje fason yo aji. Pa egzanp, lè Bondye te voye yon mesaj jijman pou pèp Izrayèl tan lontan an, men sa l te di: “Petèt y ap koute w, y ap kase tèt tounen kite move chemen yo te pran an e m ap chanje lide konsènan malè mwen te prevwa lage sou yo akoz move bagay y ap fè yo.” — Jeremi 26:3.

Gen anpil tradiksyon Labib ki di Bondye te “regrèt” kalamite li gen entansyon lage sou yo a, sa ki ka fè moun konprann Bondye te fè yon erè. Men, mo ebre yo te mete a ka vle di “chanje lide oswa chanje entansyon”. Men sa yon biblis ekri: “Lè yon moun chanje fason l aji sa fè Bondye chanje sa l te gen entansyon fè a.”

Natirèlman, se pa paske Bondye kapab chanje lide ki fè l oblije chanje lide. Ann pran kèk sitiyasyon kote Bib la fè konnen Bondye pa t chanje lide:

  • Bondye pa t kite Balak fè L chanje lide pou L modi nasyon Izrayèl la. — Nonb 23:18-20.

  • Lè Sayil, wa Izrayèl la, te vin anrasinen nan fè sa ki mal, Bondye te rejte l antanke wa e L pa t chanje lide. — 1 Samyèl 15:28, 29.

  • Bondye pwomèt l ap fè Pitit Gason l lan prèt pou toutan, e l ap reyalize pwomès sa a. Li pap chanje lide. — Sòm 110:4.

Èske Labib pa di Bondye pa janm chanje?

Wi, Labib fè konnen Bondye di: “Mwen se Jewova. Mwen pa chanje.” ​(Malachi 3:6). Menm jan an tou, Bib la di Bondye “pa chanje, kontrèman ak lonbray k ap chanje pozisyon”. (Jak 1:17.) Men, sa pa depaman ak sa Bib la di konsènan Bondye ki chanje lide. Lè yo di Bondye pa chanje, sa vle di pèsonalite l ansanm ak prensip lanmou ak jistis li genyen yo pa janm chanje (Detewonòm 32:4; 1 Jan 4:8). Poutan, li ka bay de lòd ki diferan nan de moman diferan pou menm sitiyasyon an. Pa egzanp, lè wa David te gen pou l al nan yon batay, Bondye te ba l yon lòd alòske yon lòt fwa, nan menm sitiyasyon an, Bondye te ba l yon lòd ki diferan. Men, toule de metòd yo te mache. — 2 Samyèl 5:18-25.

Èske Bondye regrèt li te kreye lèzòm?

Non, byenke li regrèt dèske pifò moun pa enterese nan li oswa yo rejte l. Men sa Bib la di pou l pale de kondisyon ki te genyen anvan Delij nan epòk Noye a: “Jewova te regrèt li te fè lèzòm met sou tè a, e li te tris.” ​(Jenèz 6:6). Nan vèsè sa a, mo “regrèt” la soti nan yon mo ebre ki vle di “chanje lide”. Bondye te chanje lide anrapò ak pifò moun ki t ap viv anvan Delij la paske yo te vin mechan (Jenèz 6:5, 11). Menmsi l te tris paske yo te chwazi fè sa k pa bon, li pa t chanje fason l te konsidere lèzòm an jeneral. Dayè, li te pèmèt gen moun ki chape nan Delij la lè l te sove Noye ak fanmi l. — Jenèz 8:21; 2 Pyè 2:5, 9.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje