BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • ijwyp atik 61
  • Ki jan m ka jwenn yon ti moman prive?

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Ki jan m ka jwenn yon ti moman prive?
  • Kesyon jèn yo konn poze
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • Poukisa paran w vle antre nan vi prive w?
  • Sa w ka fè
  • Èske l mal pou m bezwen ti moman prive?
    Bonjan repons pou kesyon jèn yo konn poze, volim 1
  • Ede pitit ou ki adolesan pou l devlope
    Sekrè pou gen kè kontan nan yon fanmi
  • Ki sa m ka fè pou paran m fè m konfyans?
    Kesyon jèn yo konn poze
  • Ki sa pou m fè si paran m nan gwo diskisyon?
    Bonjan repons pou kesyon jèn yo konn poze, volim 2
Gade plis
Kesyon jèn yo konn poze
ijwyp atik 61
Yon papa k ap fouye telefòn pitit gason l e pitit la fache.

KESYON JÈN YO KONN POZE

Ki jan m ka jwenn yon ti moman prive?

  • Poukisa paran w vle antre nan vi prive w?

  • Sa w ka fè

  • Sa lòt jèn di

Poukisa paran w vle antre nan vi prive w?

Paran w yo fè konnen yo jis enkyè. Men ou menm, ou wè se antre y ap antre nan vi prive w. Pa egzanp:

  • Gen yon jèn fi ki rele Erin ki di: “Papa m konn pran telefòn mwen, li mande m modpas la epi l gade tout mesaj mwen yo. Si m anpeche l fè sa, l ap panse m ap kache l yon bagay.”

  • Denise, ki nan kòmansman ventèn li kounye a, sonje jan manman l te konn fouye telefòn li. Men sa l di: “Li te konn gade chak nimewo epi l mande m nimewo kiyès e de kisa m konn ap pale ak moun sa a.”

  • Gen yon jèn ki rele Kayla ki di manman l te li youn nan jounal entim li yo. Men sa l di: “M te ekri tout sa m santi nan jounal la, menm kèk bagay sou li! M te sispann ekri nan yon jounal apre sa.”

Sa w dwe sonje: Paran w gen responsablite pou yo veye sou ou e w pa ka konn jis nan ki pwen y ap strik nan fason yo ranpli responsablite sa a. Èske y ap rive twò lwen pafwa? Petèt. Bon nouvèl la sèke gen kèk bagay ou ka fè pou w redui santiman kòmkwa y ap antre nan vi prive w la.

Sa w ka fè

Pa kache anyen. Bib la ankouraje n pou n “konpòte nou yon fason ki dwat nan tout bagay”. (Ebre 13:18.) Fè efò pou w aji konsa ak paran w. Plis ou montre w onèt ak yo se plis y ap anvi respekte vi prive w.

Fè yon ti reflechi: Ki abitid ou genyen lè yo fè w konfyans? Èske w pa bay lè yo di w rantre regle anyen pou ou? Èske w kache kiyès ki zanmi w? Èske yo pa ka konn sa w ap regle?

“M aprann fè konsesyon pou paran m. M pa kache yo anyen konsènan sa k ap pase nan lavi m. M di yo tout sa yo vle konnen. Kòm rezilta, yo fè m konfyans e yo respekte vi prive m.” — Delia.

Demontre pasyans. Bib la di: “Kontinye teste sa nou menm nou ye.” (2 Korentyen 13:5). Sa mande tan pou w vin gen yon konpòtman yo ka fè konfyans, men, sa vo lapenn.

Fè yon ti reflechi: Paran w yo te jèn yon lè tou. Ki efè w panse sa genyen sou fason yo enterese nan lavi w?

“M panse paran yo sonje erè yo te fè e yo pa vle jèn yo fè menm erè sa yo.” — Daniel.

Mete w nan plas yo. Eseye wè bagay yo selon pwennvi paran w. Bib la fè konnen yon bon madanm “veye sou sa k ap fèt lakay li” epi yon bon papa ‘leve pitit li nan disiplin ak nan konsèy Jewova bay’. (Pwovèb 31:27; Efezyen 6:4, nòt.) Pa gen okenn mwayen fasil pou sa: Yo dwe enplike nan lavi w.

Fè yon ti reflechi: Si w te yon paran, toutpandan w konn sa w konnen sou jèn yo, èske w t ap kite pitit gason w oswa pitit fi w mennen vi prive yo san w pa poze okenn kesyon?

“Lè w adolesan, ou gen enpresyon paran w pa respekte vi prive w ditou. Men, kounye a, piske m vin grandi, m ka wè rezon ki fè paran yo fè sa. Se yon fason pou yo demontre lanmou yo.” — James.

Sa lòt jèn di

Makenzie

“Paran m yo ban m ti moman prive m, men tou, yo ede m konprann se travay yo pou yo voye je sou mwen. Piske m pa yon adolesan kounye a, m kontan aksepte èd ak fòmasyon yo ban m. Enkyetid paran w pa yon bagay ou ka inyore toutpandan w ap grandi.” — Makenzie.

Lauren

“Lè m te adolesan, manman m te toujou konn antre nan chanm mwen epi l mande m ki jan jounen an ye oswa ki jan m santi m. Nan moman sa yo, m te konn santi l ap anvayi vi prive m. Kounye a, lè m reflechi, m panse sa te vrèman byen lefètke l te sousye l ase pou mwen pou l pase ti tan sa a avè m.” — Lauren.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje