BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • ijwyp atik 62
  • Poukisa pou m aprann yon lòt lang?

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Poukisa pou m aprann yon lòt lang?
  • Kesyon jèn yo konn poze
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • Poukisa pou w fè l?
  • Ki difikilte ki genyen?
  • Ki byenfè w ap jwenn?
  • Èske w pale “ lang pwòp ” la byen ?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2008
  • Ann chèche preche moun ki pale lòt lang yo
    Ministè Wayòm nan — 2009
  • Ann ede pitit “moun k ap viv kòm etranje” yo
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2017
  • “Tout tè a te pale yon sèl lang”
    Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen — Pwogram reyinyon — 2020
Gade plis
Kesyon jèn yo konn poze
ijwyp atik 62
Yon moun k ap ranpli yon leson vokabilè.

KESYON JÈN YO KONN POZE

Poukisa pou m aprann yon lòt lang?

Lè w aprann yon lòt lang sa ka ede w disipline tèt ou e sa ka teste imilite w. Èske sa vo lapenn pou w fè efò pou sa? Anpil jèn t ap reponn wi! Atik sa a ap esplike rezon ki fè yo fè l.

  • Poukisa pou w fè l?

  • Ki difikilte ki genyen?

  • Ki byenfè w ap jwenn?

  • Sa lòt jèn di

Poukisa pou w fè l?

Gen anpil moun ki aprann yon lòt lang paske lekòl yo egzije yo sa. Gen lòt ki fè l akoz yon dezi pèsonèl. Pa egzanp:

  • Anna, yon jèn fi k ap viv ann Ostrali, te deside aprann lang leton ki se lang peyi manman l. Men sa Anna di: “Fanmi m t ap planifye pou y al vizite Letoni e m te vle santi m alèz pou m pale ak manm fanmi m ki nan peyi sa a lè m rive.”

  • Gina, yon Temwen Jewova Ozetazini, te aprann lang siy ameriken (ASL) e l t al nan peyi Beliz pou l te ka fè plis nan travay predikasyon an. Men sa l esplike: “Yon moun soud ka jwenn kèk grenn moun sèlman pou pale avè l. Yo apresye sa anpil lè m di yo m te aprann ASL pou m ka anseye Labib nan lang yo!”

Èske w te konnen? Bib la te fè konnen moun ki soti nan “tout nasyon, tout tribi, tout lang ak tout pèp” t ap gen pou yo tande bon nouvèl konsènan Wayòm Bondye a (Revelasyon 14:6). Nan akonplisman pwofesi sa a, gen anpil jèn pami Temwen Jewova yo ki aprann yon lòt lang pou yo ka patisipe plis nan travay predikasyon an nan peyi yo oswa nan lòt peyi.

Ki difikilte ki genyen?

Aprann yon lòt lang pa fasil. Men sa yon jèn fi, ki rele Corrina, fè konnen: “M te panse sa jis vle di pou m aprann kèk nouvo mo, men, m te vin konprann sa vle di tou pou m aprann yon nouvo kilti e pou m panse yon lòt fason. Aprann yon lang mande anpil tan.”

Sa mande pou w gen imilite tou. Men sa James, yon jèn gason ki te aprann espayòl, di: “Ou gen pou w aprann ri tèt ou paske w pral tèlman fè erè. Men, sa antre nan kesyon aprann nan.”

Sa w dwe sonje: Si w ka jere pwoblèm yo ansanm ak erè w ap fè detanzantan ki ka fè w wònt, l ap pi fasil pou w rive aprann yon lòt lang.

Konsèy: Pa pèdi espwa si lòt moun sanble ap fè pwogrè pi vit pase w. Bib la di: “Se pou chak moun egzamine sa l fè, e lè sa a l ap gen rezon pou l rejwi parapò ak tèt li sèlman, men se pa nan konparezon ak yon lòt moun.” — Galat 6:4.

Ki byenfè w ap jwenn?

W ap jwenn anpil byenfè lè w aprann yon lòt lang. Pa egzanp, gen yon jèn fi ki rele Olivia ki di: “Lè w aprann yon lòt lang, sa pèmèt ou elaji w e w vin gen lòt zanmi.”

Gen yon jèn ki rele Mary ki rann li kont aprann yon lòt lang kapab fè l vin gen plis konfyans nan tèt li. Men sa l di: “Li difisil pou m fyè pou nenpòt bagay mwen fè, men, kounye a piske m ap aprann yon lang, m santi m kontan anpil chak fwa m fin aprann yon nouvo mo. Sa fè m santi m pi byen nan po m.”

Gina, nou te pale de li pi wo a, rann li kont lè l anseye lòt moun Labib nan lang siy, sa fè l jwenn plis lajwa nan travay predikasyon an. Men sa l di: “Pi gwo byenfè a se lè w wè jan vizaj moun yo klere lè w kòmanse pale ak yo nan pwòp lang yo!”

Sa w dwe sonje: Aprann yon lòt lang ka ede w fè nouvo zanmi, li ka fè w vin gen plis konfyans nan tèt ou e l ka fè travay predikasyon an vin gen plis sans pou ou. Se yon fason enpòtan pou w rive fè moun “ki soti nan tout nasyon, nan tout tribi, nan tout pèp ak nan tout lang” tande bon nouvèl la. — Revelasyon 7:9.

Sa lòt jèn di

Monica

“Si w gen atitid negatif pandan w ap aprann yon lòt lang, sa ka sanble ak lè w gen yon kawotchou plat. Si w pa chanje l, ou pap janm al okenn kote. Li enpòtan pou w rete pozitif menm lè w jwenn difikilte.” — Monica.

Ethan

“Aprann yon lang menm jan ak fouye twou pou w jwenn trezò ki kache. Ou ka fè plizyè èdtan ap travay san okenn rezilta, men, chak kout pèl ap fè w vin pi pre objektif la. Si w kontinye fè efò pou w aprann yon lang, w ap rive jwenn trezò a.” — Ethan.

Jessica

“Pi gwo byenfè a se lè w resi ka kominike ak moun ki pale lang ou t ap aprann nan. Se lè sa a w ap rann ou kont sa te vo lapenn pou w fè tout tan sa a ak tout efò sa a pou w etidye epi pratike lang lan!” — Jessica.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje