BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • ijwyp atik 75
  • E si yon zanmi m blese santiman m?

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • E si yon zanmi m blese santiman m?
  • Kesyon jèn yo konn poze
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • Sa w dwe konnen
  • Sa w ka fè
  • Poukisa zanmi m nan fè m sa?
    Bonjan repons pou kesyon jèn yo konn poze, volim 2
  • Sa sa vle di padone?
    Repons Bib la bay
  • Pa fè “tipiti sa yo” bite
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2021
  • 4 Padone
    Reveye n! — 2018
Gade plis
Kesyon jèn yo konn poze
ijwyp atik 75
Yon jèn fi k ap di yon lòt pawòl ki blese santiman l

KESYON JÈN YO KONN POZE

E si yon zanmi m blese santiman m?

  • Sa w dwe konnen

  • Sa w ka fè

  • Sa lòt jèn di

Sa w dwe konnen

  • Pa gen relasyon moun ak moun ki pa gen pwoblèm. Etandone bon zanmi w lan enpafè, li ka di oswa fè yon bagay ki blese santiman w, menmsi l se pi bon zanmi w. Natirèlman, ou menm tou ou enpafè. Lè w byen reflechi, èske w pa sonje gen yon lè ou te blese santiman yon moun tou? — Jak 3:2.

  • Entènèt ka lakòz yo blese santiman w byen fasil. Pa egzanp, men sa yon adolesan ki rele David di: “Ou konn sou Entènèt w ap gade foto zanmi w ki nan yon fèt, ou ka kòmanse mande tèt ou poukisa yo pa t envite w. Epi, ou ka kòmanse santi li trayi w e w vin tris.”

  • Ou ka aprann jere pwoblèm nan.

Sa w ka fè

Egzamine tèt ou. Bib la di: “Pa kouri fache, paske se mak fabrik moun sòt.” — Eklezyas 7:9, nòt anba paj.

“Pafwa, ou konn vin reyalize ou te fache pou yon bagay ki san enpòtans.” — Alyssa.

Fè yon ti reflechi: Èske w gen tandans fache fasil? Ou pa panse ou ta ka aprann tolere enpèfeksyon lòt moun pi plis? — Eklezyas 7:21, 22.

Reflechi sou byenfè ki genyen lè w padone. Bib la di: “Se yon bèl bagay lè yon moun padone bagay mal yo fè l.” — Pwovèb 19:11.

“Li bon pou w padone lòt moun san grate tèt, menmsi w ta gen rezon pou w plenyen. Sa vle di ou pa dwe chita ap raple moun nan bagay mal li te fè w la, e pou w atann pou l mande w padon chak fwa ou raple l sa. Yonfwa ou fin padone, pa pale de sa ankò.” — Mallory.

Fè yon ti reflechi: Èske se yon bagay ki vrèman enpòtan? Ou pa panse ou ta ka padone pou nou ka fè lapè? — Kolosyen 3:13.

Fè lè frèt antre nan yon chanm ki dwe rete cho

Lè yon moun toujou ap pale sou tout ti pwoblèm ki poze nan yon amitye, se tankou l ap plede ouvè pòt yon chanm pou l fè lè frèt antre alòske chanm nan dwe rete cho.

Wè lòt moun nan. Bib la di: “Pa chèche enterè pa nou sèlman, men [...] chèche enterè pa lòt moun tou.” — Filipyen 2:4.

“Lè gen lanmou ak respè nan yon amitye, ou gen yon bon rezon pou w rezoud pwoblèm yo byen vit paske ou pa vle pou amitye a kraze etandone ou deja envesti anpil ladan l.” — Nicole.

Fè yon ti reflechi: Sa w panse si w ta eseye wè omwen yon bon pwen nan fason lòt moun nan wè bagay yo? — Filipyen 2:3.

Sa w dwe sonje: Lè w konn fason pou w jere santiman w lè w fache, sa ap itil ou anpil lè w vin granmoun. Petèt li t ap bon pou w aprann fè sa depi kounye a, pa vre?

Sa lòt jèn di

Kiana

“Se pa tout pwoblèm ki mande pou m al pale ak lòt moun nan. Si m ka rezoud yon pwoblèm nan lespri m epi pase sou sa, mwen fè l. Sa plis kapab ede nou rete anpè pase pale sou tout ti bagay ki blese santiman nou.” — Kiana.

Treigh

“Nan chak sitiyasyon, m mande tèt mwen: ‘Èske pwoblèm sa a enpòtan nan pwen pou m ta pèdi amitye a?’ Nan prèske chak ka, repons lan se non.” — Treigh.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje