BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • ijwwd chap. 11
  • Likid glise kalmason yo bay la

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Likid glise kalmason yo bay la
  • Ki kote mèvèy sa a soti?
  • Sou menm sijè a
  • Likid glise pwason yo rele miksin nan bay la
    Ki kote mèvèy sa a soti?
  • Lakòl zuit yo rele pekou a
    Ki kote mèvèy sa a soti?
Ki kote mèvèy sa a soti?
ijwwd chap. 11
Yon kalmason k ap bay likid glise a.

KI KOTE MÈVÈY SA A SOTI?

Likid glise kalmason yo bay la

Sa gen lontan depi chirijyen yo rann yo kont yo bezwen yon lakòl yo kapab sèvi avè l nan domèn medikal pou ede ògàn yo geri. Anpil nan lakòl ki genyen jodi a pa ka sèvi anndan kò moun. Se pwazon yo ye pou kò a, epitou yo vin rèd lè yo sèch, donk yo pa ret kole ak pati nan kò a ki mouye yo. Apre syantifik yo fin etidye likid glise kalmason yo bay laa, yo vin jwenn yon fason pou yo rezoud pwoblèm sa yo.

Fè yon ti reflechi: Lè kalmason an santi l an danje, li bay yon likid glise ki tankou yon lakòl ki fò ase pou kole bèt la sou yon fèy pyebwa ki mouye. Sa pwoteje kalmason an toutpandan li toujou gen kapasite pou l fè mouvman ak kò l.

Moun k ap fè rechèch yo egzamine likid glise sa a e yo wè gen plizyè rezon ki fè l ka sèvi kòm yon lakòl natirèl. Pa egzanp, nonsèlman likid glise a gen yon pwodui ladan l ki fè de bagay kole youn ak lòt, men tou, li gen kapasite pou l rale lòt bagay sou li. Likid sa a antre anndan kèlkeswa sa kalmason an kole avè l la e lè yo rale l, li tankou yon elastik. Lefètke syantifik yo fè yon likid ki tankou likid glise kalmason an bay la, yo rive fè yon lakòl ki pi fò pase tout lòt lakòl ki deja egziste pou kole yon ògàn nan kò moun. Syantifik yo di ‘menm jan pati nan kò a ki rele katilaj la byen kole de zo ansanm, se konsa lakòl sa a byen kole ògàn yo’.

Espè yo panse lakòl sa a ka vin youn nan zouti tout chirijyen ta dwe genyen, konsa yo pa t ap bezwen koud ògàn yo ankò. Yo ka sèvi ak lakòl sa a pou yo repare katilaj oswa pou yo kole aparèy medikal anndan kò moun. Yo deja fè tès ak lakòl sa a ki bay bon rezilta pou yo repare yon twou nan kè yon kochon e pou yo repare yon twou nan fwa yon rat.

Souvan, syantifik yo jwenn bonjan solisyon pou pwoblèm yo rankontre lè yo etidye bagay natirèl ki toutotou nou. Men sa Donald Ingber, direktè enstiti ki fè lakòl atifisyèl sa a, di: “Nou jis bezwen konnen ki kote pou n chèche bon ide yo epi rive rekonèt yo lè n jwenn yo.”

Ki sa w panse? Èske lakòl natirèl sa a kalmason an bay la egziste grasa evolisyon? Oswa se fè yo te fè l?

a Non syantifik li se Arion subfuscus.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje