DAYRELL SHARP | BYOGRAFI
Grasa fòs Jewova nou pap fè bak
“Li pap fè menm yon mwa!” Se sa kèk frè nan kongregasyon m te di lè m te aplike pou pyonye vakans nan ane 1956. Mwen te gen 16 an. Mwen te batize depi katran paske yon frè m te apresye te ankouraje m fè sa. Nan epòk sa a ansyen yo pa t konn egzamine kesyon ak moun ki vle batize yo pou yo wè si yo kalifye pou yo batize.
Frè yo te gen rezon panse m pa t ap rete nan sèvis pyonye a. M pa t yon moun ki te konsantre sou sèvis m ap bay Jewova a. M pa t renmen predikasyon e chak dimanch m te konn priye pou lapli tonbe pou m pa al preche. Lè m te resi al preche, mwen te konn annik bay peryodik. Mwen pa t janm sèvi ak Bib la pou m fè yon prezantasyon. Se peye manman m te konn peye m pou m fè lekti Labib nan kongregasyon an. M pa t renmen etidye Labib e m pa t gen objektif nan sèvis mwen pou Jewova.
Nan sezon ete nan menm ane sa a te gen yon kongrè distri (kounye a nou rele kongrè rejyonal) nan Cardiff, nan peyi Gal. Lè sa a, lavi m te chanje nèt. Gen youn nan oratè yo ki te poze kèk kesyon ki te ede m reflechi. Men kèk nan kesyon l te poze yo: “Èske w vwe lavi w bay Jewova e w batize?” M te di ‘wi’ nan kè m. “Èske w pwomèt pou w sèvi Jewova ak tout kè w, tout nanm ou, tout lespri w, ak tout fòs ou?” M te di ‘wi’. “Èske w gen pwoblèm sante oubyen èske w gen responsablite nan fanmi w ki ka anpeche w pou w vin pyonye?” M te di ‘non’. “Èske w gen yon bagay ki anpeche w vin pyonye?” M te di ‘non’. “Si repons ou te bay pou dènye kesyon an se non, ebyen, poukisa w pa pran sèvis pyonye?”
Mwen te vin wè klè. Mwen te di tèt mwen: ‘M ap gaspiye lavi m, m pa kenbe pwomès mwen te fè Jewova lè m t ap vwe lavi m ba li a. Mwen pap sèvi Jewova ak tout nanm mwen.’ Mwen te di tèt mwen: ‘Si m ta renmen Jewova kenbe pwomès li fè m yo, mwen menm mwen dwe kenbe pwomès mwen fè l la’. Donk, nan mwa oktòb 1956, mwen te kòmanse sèvis mwen antanke pyonye vakans, sa nou rele jodi a pyonye oksilyè.
An 1959, yo te asiye m Aberdeen kòm pyonye espesyal.
Nan ane ki vin apre a, mwen te vin pyonye pèmanan e m te deplase al nan yon kongregasyon ki gen 19 pwoklamatè. Lè m te rive nan kongregasyon sa a, yo te ban m fè diskou chak semèn. Gen yon seri frè ki pasyan ki te ede m amelyore sa m te di nan diskou m yo ak fason m te bay yo. Dezan apre sa, nan ane 1959, yo te asiyen m kòm pyonye espesyal nan vil Aberdeen, nan nò peyi Ekòs. Kèk mwa apre sa, yo te envite m pou m sèvi nan Betèl Lonn. Mwen te gen privilèj pou m travay nan enprimri pandan setan m te pase nan Betèl la.
M te renmen lavi nan Betèl, men nan moman an, m te santi m anvi patisipe nan yon fòm sèvis espesyal nan tèritwa a. Mwen te jèn, mwen te an sante e m te dispoze pou Jewova sèvi avè m nenpòt kote. Donk, ann avril 1965, mwen te aplike pou Lekòl Galaad pou m resevwa fòmasyon pou m vin misyonè.
Nan ane sa a, mwen menm ak konpayon chanm mwen te deside al Bèlen, nan peyi Almay, pou nou asiste yon kongrè e pou nou t al wè miray Bèlen an yo te fè kèk ane anvan sa.
Yon jou pandan kongrè a, nou te gen posiblite pou nou patisipe nan travay predikasyon an e yo te mete m ansanm avèk Susanne Bandrock. Nou te marye nan ane 1966, e dezan apre sa, yo te envite nou asiste 47yèm klas Galaad la. Se te yon benediksyon! Nou te santi senk mwa lekòl la te pase twò vit. Yo te asiyen nou pou nou al sèvi nan peyi Zayi, kounye a yo rele Repiblik Demokratik Kongo. Nou te sezi! Nou pa t konn anpil bagay sou peyi sa a. Nou te yon ti jan renka, men nou te aksepte asiyasyon an e nou te kite tout bagay nan men Jewova.
An 1969, mwen menm ak Susanne te gradye nan lekòl Galaad.
Apre nou te fin fè yon pakèt tan nan ayewopò ak nan avyon, nou te rive nan yon ti vil kote moun yo travay nan min ki rele Kolwezi. Nou t ap mande tèt nou poukisa pa gen okenn frè ki te vin akeyi nou. Se apre, nou vin aprann frè yo te resevwa mesaj ki fè konnen n ap vin nan peyi a de jou apre nou fin rive. Gen yon otorite nan ayewopò a ki te pwoche kote nou e ki te di nou yon bagay an fransè, yon lang nou potko menm konprann. Te gen yon dam devan nou, li te vire e li te tradui sa mesye a te di nou an: “Yo arete nou.”
Polisye ki te arete nou an te rete yon machin. Machin nan se te yon machin de plas, ki te kòmanse kraze e motè l te pa dèyè. Polisye a te fè yon jan pou nou toule kat antre nan machin de plas la. Se te li menm ak mèt machin nan epi mwen menm ak Susanne. Se te tankou yon sèn ki sot nan yon fim komik, paske toutpandan n ap avanse sou wout kraze a, kapo machin nan t ap ouvri fèmen e l te sanble ak bouch yon pwason k ap manje valiz nou yo.
Yo te kondui nou rive nan mezon misyonè a. Nou pa t konn kote l te ye, men, polisye a te konn kote l te ye. Pa t gen pèsonn nan kay la, tout pòt te fèmen. Misyonè yo te deplase, genyen ki t al nan kongrè entènasyonal e genyen ki t al an vakans. Nou te kanpe nan mitan solèy la e nou t ap mande tèt nou ki sa k pral pase. Finalman, gen yon frè nan zòn nan ki te vin parèt. Lè l te wè nou, li te ban nou yon bèl souri e sa te ede nou pou n santi nou byen. Li te konnen polisye a e sanble polisye a t ap chèche fè yon ti kòb avè nou. Apre frè a te fin rezone ak polisye a pandan yon ti tan, li vin ale epi nou antre nan kay la.
Nou devan yon kay misyonè nan peyi Zayi ansanm ak frè Nathan H. Knorr pandan l t ap vizite nou an 1971.
Se pa moman pou nou fè bak
Byen vit, nou te rann nou kont nou te pami yon seri moun ki gen kè kontan e ki gen lanmou e yo te andire anba anpil pwoblèm. Malerezman, nan dis ane ki te pase anvan yo, pwoblèm politik ak rebelyon te fè vyolans gaye nan tout peyi a. Epi, an 1971 gouvènman an te sispann rekonèt Temwen Jewova yo. Nou t ap mande tèt nou kòman nou t apral fè.
Frè ak sè yo te anba gwo presyon pou yo gen yon kat pati politik oubyen pou yo mete yon ensiy sou yo ki montre nan ki pati politik yo ye, sa ki te ka fè yo pèdi netralite yo antanke kretyen. Men, se pa t moman pou yo fè bak e pa t gen anpil frè ak sè ki te fè sa. Lefètke frè ak sè yo pa t mete ensiy lan, sa te fè yo pa t kapab jwenn sèvis gouvènman an bay yo, anmenmtan tou, sa te lakòz ni militè yo, ni lapolis te konn ap ba yo pwoblèm. Frè yo te pèdi travay yo e yo te mete timoun yo deyò nan lekòl yo. Yo te mete plizyè santèn frè nan prizon. Se te yon moman ki te difisil anpil. Malgre sa, Temwen yo te kontinye pataje bon nouvèl la avèk kouraj.
Nou te bezwen andirans
Nan ane sa yo, mwen menm ak Susanne te pase yon bon pati nan tan nou ap vwayaje nan zòn andeyò, swa nan travay sikonskripsyon an swa antanke siveyan distri. Lavi nan ti vilaj yo te mande pou nou adapte nou paske li te gen pwoblèm pa l. Te gen yon seri ti kay ki fèt an pay ki te apèn gen ase espas pou nou kouche. M pa ka sonje kantite fwa m te frape tèt mwen lè m ap pase nan ti pòt sa yo ki te tou ba. Nou te konn benyen ak dlo nou te pran nan kouran dlo oswa nan rivyè. Leswa nou te konn li nan balèn. Nou te konn kuit manje nou sou chabon. Men, pou nou menm, se sa lavi yon misyonè te ye. Se sa nou te vini pou n fè, e nou te santi nou nan kè travay predikasyon an.
Pandan nou t ap viv ansanm avèk fanmi ki te nan zòn nan, nou te aprann pou nou bay yon seri bagay senp enpòtans, tankou manje, dlo, rad ak kay pou n rete (1 Timote 6:8). Tout sa k vin anplis se yon kado. Jis kounye a, nou toujou sonje verite sa a.
Byenke nou pa t janm fè fas ak menm kalite eprèv ak apot Pòl, pafwa nou te konn santi vwayaj nou yo te konn teste lafwa nou ak mobil nou yo. Nou te konn oblije vwayaje sou wout ki te nan move kondisyon oubyen vwayaje kote ki pa menm gen wout. Lè n ap vwayaje nan wout wòch, se pa ti souke machin nan te konn souke. Pafwa, machin nan konn kole nan sab. Lè se sezon lapli, machin nan konn pran nan gwo labou e nou konn ret kole ladan l. Pa egzanp, yon fwa nou te fè tout yon jounen ap vwayaje, men se 70 kilomèt sèlman nou te reyisi fè e nou te oblije fouye pou nou dekole machin nan 12 fwa.
Byen souvan, nou te jwenn difikilte pandan nou nan asiyasyon nou.
Epòk nou te fè ap sèvi nan zòn andeyò yo, kote nou te jwenn anpil difikilte, se moman nan lavi nou kote nou te santi nou pi pwòch avèk Jewova. Nou te aprann avèk èd Jewova, nou kapab andire ak kè kontan, menm lè nou pa ka fè anyen pou nou chanje yon sitiyasyon difisil. Susanne pa yon moun ki renmen soti ni ki renmen vwayaje, men pandan tout eprèv nou yo e pandan tout difikilte yo li pa t janm plenyen. Nan lespri nou, nou sonje moman sa yo kòm moman kote nou te gen kè kontan, nou te jwenn benediksyon Jewova e nou te aprann anpil nan eksperyans nou te fè yo.
Pandan ane nou te fè nan Zayi yo, yo te arete m plizyè fwa. Yon fwa, yo te akize m kòmkwa mwen t ap fè trafik dyaman nan peyi a. Natirèlman nou te anba anpil strès, men nou te di tèt nou si Jewova te vle pou nou fè travay predikasyon li ban nou fè a, li t ap ede nou. E li te fè sa!
Nou kontinye sèvis nou pou Jewova
An 1981, yo te envite nou pou nou sèvi nan biwo filyal Kinchasa a. Anfèt, yon ane anvan sa, gouvènman an te rekonèt travay Temwen Jewova yo ap fè a yon lòt fwa ankò. Frè yo te achte yon teren pou yo te ka konstwi yon pi gwo filyal. Men, sanzatann, an mas 1986, prezidan peyi a te siyen yon dekrè pou entèdi travay Temwen Jewova yo ap fè a. Yo te kanpe travay konstriksyon yo e nan yon tikras tan, pifò misyonè yo te kite peyi a.
Nou te fè kèk ane ap sèvi nan biwo filyal peyi Zayi a.
Nou te rive ret nan peyi a pandan yon ti tan. Nou te fè tout sa n te kapab pou n te ka kontinye preche, menmsi nou te konnen yo t ap veye nou toutan. Malgre nou te pran prekosyon, yo te arete m pandan m t ap fè yon etid Labib. Yo te mete m nan yon gwo pyès ki tankou yon kacho ki te plen ak lòt prizonye. Li te fè cho, li te gen move sant, li te fè nwa e lè a te lou. Sèl ti limyè ak sèl ti lè ki te antre anndan an te soti nan yon ti fenèt ki te byen wo nan yon mi. Kèk prizonye te pran m e yo te mennen m bay chèf yo. Chèf la te di m: “Chante im nasyonal nou an!” Mwen te di: “M pa konnen l.” Epi yo di: “Ebyen chante im nasyonal pa w!” M te reponn: “M pa konnen l tou”. Lè sa a, li te mete m kanpe devan yon mi pou anviwon 45 minit. Finalman, frè nan zòn yo te chèche yon mwayen pou yo lage m.
An 1987, yon ti tan apre nou fin rive nan biwo filyal peyi Zanbi a.
Nou te ka wè bagay yo pa t apral amelyore nan peyi a, e se nan epòk sa a yo te ban nou yon nouvo asiyasyon nan peyi Zanbi. Pandan nou t ap travèse fwontyè a, nou te santi nou tris anmenmtan nou soulaje. Nou te panse ak 18 ane nou te pase nan asiyasyon nou ansanm ak misyonè yo e ak frè ak sè nan zòn nan ki fidèl. Se vre lavi nou te difisil pafwa men nou te santi Jewova beni nou. Nou te konnen li te avèk nou pandan tout tan sa a. Nou te aprann pale Swayili ak Fransè e Susanne te aprann enpe Lingala. Nou te pran plezi nan travay predikasyon an, e nou te ede plis pase 130 moun pwogrese jis yo batize. Mete sou sa, se pa ti kontan nou kontan dèske nou te fè travay ki t apral ede plis moun pou yo aprann laverite pi devan. E se pa ti akwasman ki te vin genyen apre sa! An 1993, pi gwo tribinal la te anile entèdiksyon yo te mete an 1986 la. Kounye a, gen plis pase 240 000 pwoklamatè Wayòm nan nan peyi Kongo.
Pandan nou nan peyi Zanbi, yo te konstwi yon nouvo filyal e pi devan yo te vin agrandi filyal la. Kounye a, gen plis pase twa fwa kantite pwoklamatè ki te genyen lè nou te rive an 1987.
Yon foto biwo filyal peyi Zanbi a yo fè pa anlè.
Ebyen, ki sa k rive jèn frè sa a ki pa t sanble l te ka fè yon mwa nan sèvis aplentan? Avèk benediksyon Jewova, e avèk èd madanm mwen, Susanne, kounye a mwen gen 65 bèl ane nan sèvis aplentan, paske m te goute e m te wè Jewova bon. — Sòm 34:8.
Nou konnen nou pa espesyal. Nou te sèlman fè tout sa nou kapab pou nou kenbe pwomès nou te fè Jewova lè nou t ap vwe lavi nou ba li a. Nou gen asirans Jewova ap kontinye ede nou pou nou pa janm “fè bak”, men pou nou kontinye gen plis lafwa “pou nou ka pa pèdi lavi nou”. — Ebre 10:39.
Mwen menm ak Susanne kontinye sèvi nan biwo filyal peyi Zanbi a.
Gade videyo ki gen tit Dayrell ak Susanne Sharp: Nou te pwomèt Jewova n ap sèvi l ak tout nanm nou.