BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • ijwyp atik 82
  • Ki jan mwen ka jere tan m?

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Ki jan mwen ka jere tan m?
  • Kesyon jèn yo konn poze
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • Poukisa ou dwe jere tan w?
  • Sa w ka fè
  • Ki jan m ka jere tan m?
    Bonjan repons pou kesyon jèn yo konn poze, volim 1
  • Ki jan m ka sispann voye sa m dwe fè pou pita?
    Kesyon jèn yo konn poze
  • Ki jan m ka reyisi lekòl menm lè se lakay mwen m suiv kou yo?
    Kesyon jèn yo konn poze
  • Ki jan m ka evite krake?
    Kesyon jèn yo konn poze
Gade plis
Kesyon jèn yo konn poze
ijwyp atik 82
Yon jèn gason kontrarye poutèt li te mal jere tan l paske li te gade televizyon anvan li fè devwa l.

KESYON JÈN YO KONN POZE

Ki jan mwen ka jere tan m?

  • Poukisa ou dwe jere tan w?

  • Sa w ka fè

  • Sa lòt jèn di

Poukisa ou dwe jere tan w?

  • Yo di tan se lajan. Si w gaspiye tan w, lè w bezwen l, ou pap jwenn li. Yon lòt bò, si w byen jere tan w, w ap gen ase tan pou w fè sa w renmen!

    Prensip biblik: “Moun ki parese a anvi anpil bagay, poutan li pa gen anyen, men, moun ki renmen travay la ap gen tout sa l bezwen.” — Pwovèb 13:4.

    Sa w dwe sonje: Lè w jere tan w, sa pa retire nan libète w, okontrè, sa ba w plis libète.

  • Lè w konn jere tan w, sa ap ede w anpil lè w vin granmoun. Kapasite sa a kapab menm ede w kenbe travay ou, konsa yo pap revoke w. Sa nòmal, èske ou menm ou t ap kenbe yon anplwaye nan biznis ou si l ta toujou vin anreta nan travay la?

    Prensip biblik: “Moun ki fidèl nan bagay ki piti ap fidèl tou nan bagay ki gwo.” — Lik 16:10.

    Sa w dwe sonje: Fason ou jere tan w fè moun wè ki kalite moun ou ye.

Men nou admèt jere tan pa fasil. Nou pral egzamine kèk obstak nou konn jwenn.

Obstak #1: Zanmi

“Depi zanmi m mande m soti avèk yo, an jeneral, mwen toujou aksepte, menmsi m pa vrèman gen tan pou sa. M toujou ap di tèt mwen, ‘Ah, m ap ka fè sa m dwe fè a byen rapid lè m tounen lakay.’ Men, sa pa toujou mache e bagay yo konn vin gaye nan menm m.” — Cynthia.

Obstak #2: Detant

“Televizyon menm jan ak yon aspiratè. Emisyon ak fim ki nan televizyon yo ka souse tout ti tan w genyen, e sa vrèman difisil pou w reziste.” — Ivy.

“M ka gaspiye plizyè èdtan sou tablèt mwen an. Se lè batri a fin dechaje nèt m depoze l e sa fè m santi m koupab.” — Marie.

Obstak #3: Tandans pou n di n a gentan

“Mwen gen tandans pou m di m ap gentan fè devwa yo ban m fè nan lekòl la, e m fè menm jan ak tout lòt bagay m dwe fè. M gaspiye tan nan bagay ki pa itil anyen jiskaske lè pou m remèt devwa a rive sou mwen. M konnen, se pa pi bon fason pou m jere tan m.” — Beth.

Yon jèn gason ki kontan pou jan l te jere tan l, toudabò li te fè lekti, apresa li te fè devwa l yo e l te menm gen tan tou pou l jwe foutbòl.

Lè w jere tan w, sa pa retire nan libète w, okontrè, sa ba w plis libète.

Sa w ka fè

  1. Fè lis travay ou gen pou w fè. Pa egzanp ou ka fè yon lis travay ou gen pou w fè nan kay la ak leson lekòl la ba ou. Make konbyen tan w ap bezwen pou w fè chak travay sa yo pandan yon semèn.

    Prensip biblik: “Rekonèt bagay ki pi enpòtan yo.” — Filipyen 1:10.

  2. Fè yon lis aktivite ou ta renmen fè lè w gen tan lib. Lis sa a ka gen ladan l kèk aktivite tankou ale sou rezo sosyal yo ak gade televizyon. Fè menm bagay la ankò, make konbyen tan ou pase nan chak aktivite sa yo pandan yon semèn.

    Prensip biblik: “Kontinye mache avèk sajès [...] epi byen sèvi ak tan nou.” — Kolosyen 4:5.

  3. Fè yon pwogram. Gade de lis ou fè yo. Èske w rezève ase tan pou travay ki pi enpòtan yo? Èske w ta dwe retire nan tan w pase nan aktivite detant yo pou w gen plis tan pou sa ki pi enpòtan yo?

    Men yon ide: Fè yon lis ki gen bagay pou w fè yo pandan jounen an epi tcheke chak sa w fin fè yo youn apre lòt.

    Prensip biblik: “Moun ki konn travay byen an planifye sa l ap fè, e konsa bagay yo byen mache pou li.” — Pwovèb 21:5.

  4. Respekte pwogram ou an. Se vre, tanzantan, ou ka oblije refize yon envitasyon pou w ka konsantre sou sa ki pi enpòtan yo, men, apresa, w ap remake ou gen plis tan lib e w ap pi byen pwofite l.

    Prensip biblik: “Se pou nou travay di, pa trennen nan travay nou.” — Women 12:11, nòt.

  5. Fè tèt ou plezi, men pa fè sa twò vit. Men sa yon jèn dam ki rele Tara di: “Pafwa, lè m fin fè de twa bagay sou lis mwen genyen an, m di tèt mwen ‘OK Tara, ou ka gade televizyon pandan 15 minit epi apre w a retounen travay ankò.’ Ebyen, sa ki rive, 15 minit yo tounen 30, epi 30 minit yo tounen inèdtan e se konsa m sezi wè, m gaspiye dezèdtan devan televizyon an!”

    Ki jan w ka rezoud sa? Konsidere detant tankou yon ti plezi w ap bay tèt ou lè w fin fè travay ou nèt, men pa tankou yon plezi w ap pran tanzantan nan jounen an.

    Prensip biblik: “Pa gen anyen ki pi bon pase sa, pou yon moun [...] jwenn kè kontan nan travay di li fè.” — Eklezyas 2:24.

Sa lòt jèn di

Cheyenne

“Mwen toujou gen yon pwogram pou m suiv tout sa m gen pou m fè yo. M menm mete nan pwogram mwen an tan m bezwen pou m ka ‘rechaje batri m’. Lè m gen yon pwogram, sa ban m yon ide klè sou ki sa m dwe strik e sou ki sa m ka fleksib.” — Cheyenne.

Samuel

“M aprann di non lè mwen pa ka fè yon bagay. Li ka difisil pou w di non men, pa janm gen yon moun ki fache avè m poutèt sa. Paske mwen esplike yo l ap difisil pou m ede yo si m pa ka bay tout atansyon m dwe bay la.” — Samuel.

Brooklyn

“Lè pwogram mwen an te twò chaje, m te gen tandans neglije somèy mwen ak ti spò m. Men, lè m pase plis tan ap dòmi e lè m fè spò, mwen remake m travay pi byen epi m pi pozitif nan demen. Lè w pran swen sante w, sa enpòtan.” — Brooklyn.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje