BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • ijwyp atik 81
  • Ki sa m ka fè si m santi m raz?

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Ki sa m ka fè si m santi m raz?
  • Kesyon jèn yo konn poze
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • Sa w dwe konnen
  • Sa w ka fè
  • Èske w ta renmen viv pou toutan ?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2004
  • Ki sa m dwe konnen sou jwèt videyo?
    Kesyon jèn yo konn poze
Kesyon jèn yo konn poze
ijwyp atik 81
Yon jèn adolesan ki gen plizyè aparèy elektwonik bò kote l men, li kouche sou kabann li e l ap fikse plafon an.

KESYON JÈN YO KONN POZE

Ki sa m ka fè si m santi m raz?

Pou kèk moun, pa gen anyen ki pi rèd pase lè yo oblije rete lakay yo yon aprèmidi kote lapli ap tonbe e yo pa gen anyen pou yo fè ni okenn kote pou yo ale. Men sa Robert, yon jèn gason, te di: “Nan moman sa yo, mwen jis rete chita san m pa konn sa pou m fè ak tèt mwen.”

Èske w deja santi w konsa? Si se wi, atik sa a kapab ede w!

  • Sa w dwe konnen

  • Sa w ka fè

  • Sa lòt jèn di

Sa w dwe konnen

  • Itilize teknoloji nan moman sa a gen dwa pa pi bon solisyon an.

    Plede navige sou Entènèt kapab yon mwayen pou fè tan pase men, li kapab anpeche w devlope imajinasyon w e konsa l ap fè w santi w pi raz toujou. Jeremi ki gen 21 an di: “Je w kole sou yon ekran tankou yon egare e lespri w pap travay vrèman”.

    Yon jèn fi ki rele Elena dakò ak sa. Men sa l di: “Se vre gen anpil bagay ou kapab fè ak aparèy elektwonik yo. Men yo gen limit”. E men sa li di ankò: “Se vre li kapab distrè w pou yon ti tan men, kou w depoze aparèy la, ou santi w pi raz toujou!”

  • Se jan w reflechi a ki pi enpòtan.

    Lefètke ou gen anpil bagay pou w fè, èske sa ap anpeche w santi w raz? Sa depann nan ki pwen ou enterese nan sa w ap fè a. Pa egzanp, men sa yon jèn fi ki rele Karen te di: “Menm lè m te gen anpil travay pou m fè pandan tout jounen an, m te vrèman santi m raz lekòl la. Si w vle pou w pa raz, lespri w dwe rete konsantre sou sa w ap fè a.”

Èske w te konnen? “Lè w pa gen anyen pou w fè, se pa yon pwoblèm sa ye, men se yon okazyon pou w kreye yon bagay pou w fè, menm jan yon bon tè pèmèt yon ti plant byen grandi.

Yon plant nan yon po ki parèt gen yon gita, yon plim ak yon fèy papye ak yon tablèt atis yo konn mete penti sou yo k ap soti nan branch li.

Menm jan yon bon tè pèmèt yon ti plant byen grandi, tan lib ou genyen an ba w okazyon pou w kreye yon bagay pou w fè.

Sa w ka fè

Elaji w plis. Chèche fè nouvo zanmi. Chèche fè yon nouvo aktivite ki enterese w. Fè rechèch sou sijè ou pa konnen. Moun ki renmen fè plizyè aktivite rann yo kont yo pa santi yo raz lè yo poukont yo e sitou lòt moun pa santi yo raz lè yo ansanm avèk yo!

Prensip biblik: “Tout sa w jwenn fè ak men w, fè l ak tout fòs ou.” — Eklezyas 9:10.

“Dènyèman, m te kòmanse aprann lang chinwa mandaren an e toutpandan m t ap pratike chak jou, m reyalize m te swaf aprann fason sa a. M renmen lè m ap travay sou yon pwojè. Li fè lespri m ret konsantre sou sa m ap fè a e li ede m byen sèvi ak tan m.” — Melinda.

Konsantre sou objektif ou. Depi w wè sa w ap fè a itil, w ap plis enterese fè l. Menm leson lekòl la ba ou ka plis enterese w lè w konn rezon ki fè w ap aprann yo.

Prensip biblik: “Pa gen anyen ki pi bon pase sa, pou yon moun [...] jwenn kè kontan nan travay di li fè.” — Eklezyas 2:24.

“Lè m te rive nan dènye ane lekòl mwen, m te etidye uit èdtan pa jou pou m ratrape sa m pa t etidye anvan yo. Èske sa te raz? Non, m pat janm santi m raz depi m te fin mete lespri m sou sa. Sa k te enterese m, se te jwenn diplòm mwen an. Lide sa a te pouse m travay.” — Hannah.

Aksepte sa w pa ka chanje. Menm aktivite ki pi enteresan yo ka genyen kèk aspè ladan yo ki annuiyan. Epi sa ka rive, menm moun ki pi bon zanmi w lan ka anile yon aktivite nou te gen ansanm, e konsa ou ka vin pa gen anyen pou w fè. Donk, olye pou w santi w kraze e pou w kite yon sitiyasyon konsa dekouraje w, eseye kenbe yon atitid pozitif.

Prensip biblik: “Yon moun ki gen kè kontan toujou ap fete.” — Pwovèb 15:15.

“Gen yon zanmi ki te di m li bon pou m apresye moman lè m poukont mwen. Li di m se yon bagay ki bon lè yon moun jwenn ekilib ant moman l ap pase poukont li ak moman l ap pase ak lòt moun e sa se yon bagay tout moun ta dwe aprann fè.” — Ivy.

Sa lòt jèn di

Hannah

“Anvan, m te konn santi m jalou lè m te wè moun ki gen yon vi byen ranpli. Men, m te vin reyalize se moun nòmal yo ye. Yo jis gen anpil aktivite pou yo fè. Donk, mwen te kòmanse fè kèk aktivite. M te chèche gen kèk pastan epi m te fè rechèch sou kèk lòt sijè enteresan. Plis w ap aprann sou sa k ap pase nan monn n ap viv la se plis w ap anvi aprann, konsa ou pap gentan pou w santi w raz.” — Hannah.

Caleb

“Lè m te jèn adolesan, m te konn pase anpil tan ap jwe jwèt videyo pou m pa t santi m raz. Men, toutpandan m t ap grandi, m vin wè jwèt videyo pap ede m reyalize anyen vre. Jwèt sa yo ba w enpresyon w ap fè yon bagay men, lè w fin jwe, ou pa ka montre pèsòn sa w regle toutbon. Finalman, m jwenn yon pi bon fason pou m okipe tan m.” — Caleb.

Micaela

“M te konn santi m raz tout lajounen e jounen yo te long men, m te vin konprann si m vle pou moun renmen pase tan avè m, se pou m fè efò pase tan avèk yo. M te kòmanse fè sa e sa te ede m. Kounye a, m apresye ti moman sa yo kote m ka ‘santi m poukont mwen’, paske yo pa rive fasil!” — Micaela.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje