BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • ijwyp atik 80
  • Ki sa m ka fè pou paran m fè m konfyans?

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Ki sa m ka fè pou paran m fè m konfyans?
  • Kesyon jèn yo konn poze
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • Sa w ta dwe konnen
  • Sa w ka fè
  • Ki jan m ka jwenn plis libète?
    Bonjan repons pou kesyon jèn yo konn poze, volim 1
  • 10 Moun yo fè konfyans
    Reveye n! — 2018
  • Poukisa tout règ sa yo?
    Bonjan repons pou kesyon jèn yo konn poze, volim 2
  • Poukisa paran m pa kite m pran detant?
    Kesyon jèn yo konn poze
Gade plis
Kesyon jèn yo konn poze
ijwyp atik 80
Yon jèn fi k ap mande paran l pèmisyon pou l soti ak zanmi l.

KESYON JÈN YO KONN POZE

Ki sa m ka fè pou paran m fè m konfyans?

  • Sa w ta dwe konnen

  • Sa w ka fè

  • Sa lòt jèn di

Sa w ta dwe konnen

Plis moun ka konte sou ou se plis y ap fè w konfyans. Lè w obeyi règ paran w ba ou, se tankou ou peye yon dèt. Ou dwe paran w obeyisans e plis ou serye nan peye ‘dèt’ sa a se plis ou gen chans pou yo fè w ‘kredi’ (oswa ba w libète). Yon lòt bò, si w paran w wè yo pa ka konte sou ou, pa sezi si w wè yo fè w mwens ‘kredi’.

Sa ap pran tan pou paran w fè w konfyans. Anvan paran w ba w plis libète, ou bezwen montre nan fason w aji, ou se yon moun ki responsab.

TEMWAYAJ: “Lè m te adolesan, mwen te konnen sa paran m te vle m fè, donk, mwen te konn fè kòmsi mwen t ap fè yo. Men, mwen te konn fè sa m vle an kachèt. Sa te fè l difisil pou paran m fè m konfyans. Apre yon ti tan, mwen te vin konprann pa gen wout pa bwa: ou pa ka twonpe yon moun pou l ba w plis libète. Fòk ou se yon moun yo ka konte sou li pou yo fè w konfyans.” — Craig.

Sa w ka fè

Toujou di laverite menmsi sa fè w mal. Tout moun fè erè, men lè w bay manti pou w kache sa w fè (oswa ou pa bay tout detay yon fason pou w kache laverite) sa ka kraze konfyans paran w te gen nan ou a. Yon lòt bò, lè w toujou montre w onèt, paran w ap wè lè w fè yon erè ou gen ase matirite pou w pran responsablite w. E se moun konsa yo ka fè konfyans.

“Se pa paske w fè erè ki oblije fè w pèdi konfyans lòt moun, men w ap pèdi konfyans lòt moun kanmenm si w kache erè w fè yo.” — Anna.

Men sa Bib la di: “Nou vle konpòte nou yon fason ki dwat nan tout bagay.” — Ebre 13:18.

  • Fè yon ti reflechi: Lè paran w mande w kote w prale oswa sa w pral fè, èske w ba yo tout laverite? Oswa lè paran w mande w kote w te ye oswa sa w te fè, èske w ba yo tout detay sou sa yo vle konnen an?

Pran responsablite w. Obeyi tout règ paran w bay. Fè tout travay ou gen pou w fè nan kay la san pèdi tan. Aprann respekte lè. Pran responsablite pou w etidye oswa fè devwa w. Respekte lè yo ba ou pou rantre.

“Si paran w kite w soti ak zanmi w men, yo di w pou w rantre a 9 è nan aswè pou pi ta, pa rantre lakay ou a 10 è edmi epi pou w atann y ap kite w soti ak zanmi w yo ankò!” — Ryan.

Men sa Bib la di: “Chak moun ap pote pwòp responsablite l.” — Galat 6:5, nòt.

  • Fè yon ti reflechi: Ki repitasyon ou genyen anrapò ak rive alè, fè travay nan kay la, ak obeyi règ paran w yo, menm règ ou pa renmen yo?

Aprann gen pasyans. Si w kraze konfyans paran w fè w, l ap pran tan pou yo refè w konfyans ankò. Se pou w aprann gen pasyans.

“Mwen te santi m fache lè paran m pa t vle ban m plis responsablite lè m te kòmanse gen plis laj. Mwen pa t konprann lefètke yon moun ap grandi sa pa vle di l gen matirite pou sa. Mwen te mande paran m pou yo ban m posiblite pou m montre yo yo ka fè m konfyans. Sa te pran tan, men alafen sa te mache. E mwen te aprann, se pa laj yon moun genyen ki fè y ap fè l konfyans, men se aksyon l fè.” — Rachel.

Men sa Bib la di: “Montre w fidèl nan tout sa w ap fè.” — 3 Jan 5.

  • Fè yon ti reflechi: Pou w gen konfyans paran w (oswa pou yo fè w konfyans ankò), ki kèk bagay ou ka fè pou w ‘montre w fidèl’?

MEN YON IDE: Fikse yon objektif swa pou w rive alè, pou fin fè tout travay ou gen pou w fè, respekte lè yo ba ou pou w rantre, oswa nenpòt lòt bagay. Fè paran w konnen detèminasyon w pran epi mande yo sa w ka fè pou yo ka fè w konfyans. Apre sa, travay pou w suiv konsèy ki nan Bib la: “Voye ansyen pèsonalite a jete, pèsonalite ki ann akò ak konduit nou te genyen anvan an.” (Efezyen 4:22). Rive yon lè, paran w ap wè pwogrè w fè!

Sa lòt jèn di

Phoebe

“Pa pran avantaj sou konfyans paran w fè w. Fè yo konnen sa k ap pase nan lavi w. Pran an konsiderasyon konsèy yo ba w anrapò ak fason pou w jere bagay yo. Si yo wè ou pran bon desizyon, y ap fè w plis konfyans.” — Phoebe.

Kyle

“Se travay pou w travay pou yo fè w konfyans. Si paran w pa fè w konfyans, an jeneral yo gen yon bon rezon pou sa. Lè yo fè w konfyans, yo pa fè l jis pou yo fè w plezi. Yo fè sa paske yo gen konviksyon w ap pran bon desizyon.” — Kyle.

Cortlan

“Toujou di paran w laverite epi byen kominike avèk yo. Ba yo tout detay pou yo pa oblije ap fouye w. Ba yo tout esplikasyon. Y ap pi anvi fè w konfyans si w ba yo tout detay.” — Cortlan.

Rachel

“Pran inisyativ. Fè sa w gen pou w fè nan kay la san yo pa rele dèyè w, e menm fè plis pase sa yo atann. Fè efò pou w rantre lakay ou anvan lè yo ba w pou w rantre a. Pi bon fason pou yo fè w konfyans se lè w montre yo yo ka konte sou ou.” — Rachel.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje