BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • ijwyp atik 79
  • Èske m pare pou m kite kay la?

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Èske m pare pou m kite kay la?
  • Kesyon jèn yo konn poze
  • Soutit
  • Sou menm sijè a
  • Byen egzamine rezon w yo
  • Kalkile depans yo
  • Èske m pare pou m kite kay paran m?
    Bonjan repons pou kesyon jèn yo konn poze, volim 1
  • Renmen — Premye pati: Èske m pare pou m renmen?
    Kesyon jèn yo konn poze
  • Ki jan m ka kontwole depans mwen?
    Kesyon jèn yo konn poze
  • Poukisa paran m pa kite m pran detant?
    Bonjan repons pou kesyon jèn yo konn poze, volim 1
Gade plis
Kesyon jèn yo konn poze
ijwyp atik 79
Yon jèn gason ki mare pakèt li e ki pare pou l kite kay paran l

KESYON JÈN YO KONN POZE

Èske m pare pou m kite kay la?

Ou ka chofe pou w kite kay paran w men anmenmtan ou ka pè. Ki jan w ka konnen si w pare pou w responsab tèt ou?

  • Byen egzamine rezon w yo

  • Kalkile konbyen sa ap koute w

  • Sa lòt jèn di

Byen egzamine rezon w yo

Gen plizyè rezon ki ka ba w anvi pou w kite kay paran w, men gen ladan yo ki pa fin rezonab. Pa egzanp, men sa yon jèn gason ki rele Mario te admèt: “M te vle kite kay la paske m pa t vle kontinye fè travay m te gen pou m fè yo.”

An reyalite, w ap gen mwens libète si w kite kay paran w. Men ki sa Onya, ki gen 18 an, di: “Si w kite kay paran w, w ap gen pou w netwaye kote w rete a, pou w prepare manje w poukont ou, pou w peye sa w bezwen ak kòb ou e w pap gen paran w avè w pou ede w!”

Sa w dwe sonje: Ou bezwen byen konprann poukisa w vle kite kay paran w pou w ka konnen si ou vrèman pare pou w fè sa.

Kalkile depans yo

Men sa Jezi te di: “Pa egzanp, kiyès nan nou la a ki vle bati yon fò ki pap chita anvan pou l kalkile konbyen sa ap koute l, dekwa pou l ka wè si l gen ase lajan pou l fini l?” (Lik 14:28). Ki jan w ka “kalkile konbyen sa ap koute w” si w kite kay paran w? Egzamine tèt ou nan domèn sa yo.

ÈSKE W KONN BYEN JERE LAJAN W?

Men sa Bib la di: “Lajan se yon pwoteksyon.” — Eklezyas 7:12.

  • Èske l difisil pou w fè ekonomi?

  • Èske w toujou ap depanse kòb ou san kontwòl?

  • Èske w gen abitid prete kòb nan men moun?

Si w reponn wi pou nenpòt nan kesyon sa yo, ou ka tonbe nan gwo tètchaje si w al viv sou kont tèt ou!

“Frè m nan te kite kay la lè l te gen 19 an. Nan yon sèl ane, tout kòb li te fini, labank te sezi machin li an, yo pa t vle prete l lajan ankò paske kredi l pa t bon menm, e l te oblije sipliye paran m pou l tounen nan kay la.” — Danielle.

Sa w ka fè kounye a: Mande paran w ki sa depans yo ye an jeneral pou yon mwa. Ki depans yo gen pou yo fè, e ki jan yo planifye bidjè yo pou yo ka peye yo? Ki jan yo fè ekonomi?

Sa w dwe sonje: Lè w aprann jere lajan kounye a pandan w kay paran w, sa ap prepare w pou w viv ak reyalite difisil ki mache ak jesyon lajan lè w pral viv sou kont tèt ou.

ÈSKE W GEN LÒD?

Bib la di: “Paske, chak moun ap pote pwòp chay pa l.” — Galat 6:5.

  • Èske w se yon moun ki toujou ap voye travay ou dwe fè pou pita?

  • Èske se paran w ki pou fè w sonje travay ou gen pou w fè nan kay la?

  • Èske sa rive souvan ou pa respekte lè paran w fikse pou w rantre nan kay la?

Si w reponn wi pou nenpòt nan kesyon sa yo, li ka pi difisil pou w pran responsablite w lè w vin ap viv poukont ou.

“Lè w ap viv poukont ou, gen kèk bagay ou ka pa renmen fè, men ou dwe pran tan pou w fè yo. Pa gen moun ki pral di w fè yo, donk ou bezwen motive tèt ou epi kenbe yon bon pwogram pou w ka fè bagay sa yo.” — Jessica.

Sa w ka fè kounye a: Pandan yon mwa, eseye pran tout responsablite w ka pran nan kay la. Pa egzanp, netwaye kay la, lave rad ou yo, ale nan mache, fè yon manje chak jou, epi lèfini, lave asyèt yo. Konsa, w ap gen yon ide sou sa k ap tann ou lè w pral viv poukont ou.

Sa pou w sonje: Li enpòtan anpil pou w gen lòd lè w ap viv poukont ou.

Yon jèn gason ki vole sot nan yon avyon epi ki kenbe yon valiz ki gen yon parachit ladan l

Kite kay paran w san w pa t prepare pou sa se tankou w te vole sot nan yon avyon san w pa t aprann sèvi ak yon parachit anvan sa a

ÈSKE W BYEN JERE EMOSYON W?

Men sa Bib la di: “Kanta pou kòlè, raj, mechanste, jouman, voye tout bagay sa yo jete lwen nou nèt.” — Kolosyen 3:8.

  • Èske l difisil pou w antann ou ak lòt moun?

  • Èske l difisil pou w kontwole tanperaman w?

  • Èske w toujou vle pou bagay yo fèt jan ou menm ou vle a?

Si w reponn wi pou nenpòt nan kesyon sa yo, li ka difisil pou w abite ak yon lòt moun e li ka menm difisil, lè w marye, pou w viv ak moun nan.

“Se lè m te vin abite ak lòt moun mwen te vin wè defo m genyen yo. M te aprann mwen pa dwe atann lòt moun tolere move san m yo, menmsi se strès ki lakòz yo. Mwen te oblije jwenn yon pi bon fason pou m jere strès mwen.” — Helena.

Sa w ka fè kounye a: Aprann antann ou ak paran w, ansanm ak frè ak sè w yo. Paske, fason w jere defo moun w ap viv avèk yo kounye a ap montre fason w pral jere defo moun ou pral viv avèk yo a pi devan.

Sa w dwe sonje: Pou w viv poukò w ou bezwen fè bonjan preparasyon paske sa pap retire sou responsablite w yo. Sa w panse si w ta pale ak moun ki te reyisi fè sa? Ou ka mande yo, lè yo fè yon ti reflechi, ki bagay yo t ap fè yon lòt jan si yo te konnen sa yo konnen kounye a. Li bon pou n chèche enfòmasyon pou tout gwo dezisyon n ap pran!

Sa lòt jèn di

Dapo

“Anpil jèn souzestime jan sa ka difisil pou yo achte ak pwòp lajan yo tout sa yo gen bezwen. Li difisil pou yon moun jwenn yon bon kote pou l rete! San yo pa panse ak sa, anpil jèn kouri kite lakay yo [...] E alafen, se retounen yo oblije retounen kay paran yo.” — Dapo.

Ashley

“Lè yon jèn ap viv kay paran l sa ba l posiblite pran responsablite l tikras pa tikras. Gen kèk jèn ki ka kòmanse fè plis travay nan kay la oswa peye kèk depans oswa fè manje pou fanmi an. Chak ti etap sa yo ap prepare w pou w responsab tèt ou pi devan.” — Ashley.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje