BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • w17 oktòb p. 31
  • Yon aksyon ki montre bonte kretyen yo genyen

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Yon aksyon ki montre bonte kretyen yo genyen
  • Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2017
  • Sou menm sijè a
  • Leson nou aprann nan men “disip Jezi te renmen an”
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2021
  • Èske Jan manke lafwa?
    Moun ki pi enpòtan ki pase sou tè a
  • Jan ta renmen konn sa Jezi di
    Jezi se chemen an, verite a, lavi a
  • Kiyès ki Jan ki te konn batize moun nan?
    Repons Bib la bay
Gade plis
Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova (etid) — 2017
w17 oktòb p. 31
John k ap resevwa bwochi “Bon nouvèl Wayòm nan” nan men yon Temwen Jewova.

Yon aksyon ki montre bonte kretyen yo genyen

NAN yon ti bouk nan Goujarat, nan peyi End, papa John te batize antanke Temwen Jewova nan fen ane 1950 yo. Ni John, ni senk frè ak sè l yo ansanm ak manman l te Katolik wouj, e konsa, yo tout te opoze ak kwayans papa a.

Yon jou, papa John te mande l pou l pot yon anvlòp bay yon zanmi nan kongregasyon an. Men, jou maten sa a, malerezman, John te blese nan dwèt pandan l t ap ouvri yon gwo bwat an metal. Aktout sa, piske l te vle obeyi papa l, li te mare dwèt la ak yon bout twal epi l te deplase apye pou l pot anvlòp la ale.

Lè John rive kote a, moun ki te resevwa anvlòp la se madanm mesye li te dwe remèt li a, e dam nan te yon Temwen Jewova. Pandan dam nan ap pran anvlòp la, li te remake John blese nan dwèt e l te ofri John pou l ede l. Li t al chèche kit premye sekou l la, li netwaye dwèt la ak yon antiseptik epi l panse dwèt la. Apre sa, li bay John yon tas te cho, e pandan tout tan sa a, dam nan t ap pale avè l sou Bib la avèk jantiyès.

Nan moman sa a, John te kòmanse gen mwens prejije kont Temwen yo, se sa k fè l te poze dam nan kesyon sou de sijè kote sa papa l kwè diferan ak sa l kwè: Èske Jezi se Bondye epitou, èske kretyen yo ta dwe priye Mari. Piske dam nan te aprann lang goujarati ki se lang manman John, li te sèvi ak Bib la pou l reponn John e l te ba li bwochi “Bon nouvèl Wayòm nan”.

Annapre, pandan John t ap li bwochi a, li te santi se premye fwa l te tande verite ki nan Bib la. Li t al kote prèt li a e l te poze l de kesyon l te poze dam nan. Menm kote a prèt la te pèdi metriz li, li voye Bib la sou John epi l di byen fò: “Ou tounen Satan! Montre m ki kote Bib la di Jezi pa Bondye. Montre m ki kote l di nou pa dwe adore Mari. Montre m!” Fason prèt la reyaji a te tèlman fè John sezi, li te di prèt la: “M pap janm met pye m nan Legliz katolik ankò.” E l pa t janm fè sa vre!

John te kòmanse etidye Labib ak Temwen yo, li te pran pozisyon pou vrè adorasyon an e l te kòmanse sèvi Jewova. Pi devan, plizyè lòt moun nan fanmi l te fè menm jan. Jodi a, John toujou gen yon sikatris nan endèks men dwat li kote l te blese sa gen anviwon 60 an. Li kontan sonje sèl aksyon ki montre bonte yo te fè anvè l ki atire l vin nan vrè adorasyon an. — 2 Kor. 6:4, 6.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje