BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • Anons
    Ministè Wayòm — 1999 | janvye
    • Anons

      ◼ Piblikasyon n ap ofri an janvye : Nenpòt liv 192 paj ki te parèt anvan 1985 e ki nan estòk kongregasyon an. Kongregasyon ki pa gen liv sa yo nan estòk yo kapab ofri La paix et la sécurité véritables : comment est-ce possible ? oubyen Vous pouvez vivre éternellement sur une terre qui deviendra un paradis. Fevriye : Le secret du bonheur familial. Mas : La connaissance qui mène à la vie éternelle. Yon efò espesyal pral fèt pou kòmanse etid biblik. Avril : La Tour de Garde ak Réveillez-vous!. Toujou genyen bwochi Sa Bondye Vle a avèk nou, pou moun ki enterese yo, e fè efò pou nou kòmanse etid biblik.

      ◼ Paj mitan Ministè Wayòm sa a konsène kongrè distri 1999 la. Y ap egzamine li nan reyinyon sèvis semèn 28 desanm 1998.

      ◼ Tout pwoklamatè batize ki nan reyinyon sèvis semèn 4 janvye a ap resevwa kat “ Instructions médicales/pas de sang ” avèk “ Cartes d’identité ” pou pitit yo.

      ◼ Apati mwa fevriye oswa premye mas, pou pita, siveyan sikonskripsyon yo ap prezante nouvo diskou piblik : “ Dieu est-il bien réel pour vous ? ”

      ◼ Pou ane sa a, kongregasyon yo dwe pran dispozisyon pou yo selebre Memoryal la jedi premye avril apre solèy fin kouche. Kwak diskou a ka kòmanse pi bonè, yo dwe pase anblèm yo apre solèy fin kouche. Verifye akilè solèy kouche nan zòn nou ye a. Kwak li swetab pou chak kongregasyon selebre Memoryal la apa, sa pa toujou posib. Kote ki gen plizyè kongregasyon ki abitye itilize menm Sal Wayòm, petèt youn oswa plizyè nan yo ka jwenn lòt lokal pou sware sa a. Kote sa posib, nou sijere pou gen omwen 40 minit ant seremoni yo, pou pèmèt nou salye vizitè yo, ankouraje nouvo yo epi pwofite o maksimòm de okazyon an. Epitou, nou dwe egzamine pwoblèm ki kapab genyen pou machin paking oubyen pwoblèm blokis sa kapab bay nan monte oswa desann machin. Kolèj ansyen yo ta dwe deside ki dispozisyon k ap pi bon nan zòn nan.

      ◼ Y ap bay diskou piblik espesyal pou epòk Memoryal 1999 la dimanch 18 avril. Tèm nan se : “ L’amitié véritable avec Dieu et notre prochain ”. Y ap voye yon chema. Kongregasyon ki gen vizit siveyan sikonskripsyon, asanble sikonskripsyon oubyen jounen asanble espesyal nan wikenn sa a, ap genyen diskou espesyal la semèn apre a. Okenn kongregasyon pa dwe fè diskou espesyal la anvan 18 avril 1999.

      ◼ Leta ayisyen mande pou tout moun ki gen 18 an fè kat didantite yo. Tout kretyen ki gentan rive nan laj sa a dwe regle kesyon sa a prese prese. Se yon fason pou nou montre nou soumèt anba otorite siperyè yo. Kou yon jèn rive nan laj 18 an, ansyen yo ap fè li sonje pou li fè sa. Ansyen yo ap dispoze reponn kesyon li te ka genyen anrapò ak reskonsablite jèn kretyen yo.

      ◼ Nouvo piblikasyon ki disponib :

      Pourquoi adorer Dieu en amour et en vérité ? — fransè

      Calendrier des Témoins de Jéhovah — anglè, espayòl

      ◼ Nouvo kasèt ki disponib :

      Le secret du bonheur familial — espayòl

      ◼ Nouvo disk konpak ki disponib :

      CD-ROM Bibliothèque de la Société Watchtower — Édition 1997 — espayòl

  • Ajisteman nan kantite lè pou pyonye yo bay
    Ministè Wayòm — 1999 | janvye
    • Ajisteman nan kantite lè pou pyonye yo bay

      1 Nou tout nou apresye lè gen pyonye pèmanan ak pyonye oksilyè k ap travay di nan kongregasyon an. Menm kote teritwa a pa anpil e yo preche li souvan, pyonye yo bay yon bèl egzanp nan sèvis zele yo fè pou Wayòm nan. Yo ankouraje tout pwoklamatè pou yo rete okipe nan chèche moun ki “ nan bonjan dispozisyon ”. — Ak 13:48.

      2 Lasosyete remake pwoblèm pyonye yo ap rankontre vin pi plis, sitou nan kesyon jwenn yon travay ki pa a plen tan, pou pèmèt yo satisfè bezwen yo kòrèkteman, pou yo rete nan sèvis a plen tan an. Mete sou sa, nan anpil peyi, sitiyasyon ekonomik la fè li vin pi difisil pou lòt moun pran sèvis pyonye, menm si yo anvi fè sa ak tout kè yo. Diran mwa ki sot pase yo, Lasosyete te egzamine kesyon sa yo ak lòt pwen ankò ak anpil atansyon.

      3 Kidonk, fas ak sa nou sot di yo, Lasosyete diminye kantite lè pou pyonye pèmanan ak pyonye oksilyè yo bay. Apati de ane 1999 la, pyonye pèmanan yo ap gen pou yo bay 70 è chak mwa, sa ki fè yon total 840 è pou ane a. Pyonye oksilyè yo ap gen pou yo bay 50 è pa mwa. Kantite lè pou pyonye espesyal ak misyonè yo bay pa chanje, etandone Lasosyete pran dispozisyon pou ede yo satisfè bezwen materyèl prensipal yo. Konsa, yo menm yo kapab konsantre yo pi plis sou aktivite preche ak fè disip la.

      4 Nou espere ajisteman sa yo ki fèt nan kantite lè pou pyonye yo bay, ap ede plis pyonye pèsevere nan privilèj sèvis presye sa a. Sa ta dwe ouvri chemen tou pou plis pwoklamatè pran sèvis pyonye pèmanan ak pyonye oksilyè. Ala yon benediksyon sa ta ye pou tout moun nan kongregasyon an !

Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
Dekonekte
Konekte
  • Kreyòl ayisyen
  • Pataje
  • Preferans
  • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
  • Kondisyon pou w sèvi avè l
  • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
  • Paramètres de confidentialité
  • JW.ORG
  • Konekte
Pataje