BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 1/03 p. 4
  • Ann aprann lòt moun lang pwòp la

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Ann aprann lòt moun lang pwòp la
  • Ministè Wayòm nan — 2003
  • Sou menm sijè a
  • Èske w pale “ lang pwòp ” la byen ?
    Toudegad k ap anonse Wayòm Jewova — 2008
  • “Tout tè a te pale yon sèl lang”
    Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen — Pwogram reyinyon — 2020
  • Ann chèche preche moun ki pale lòt lang yo
    Ministè Wayòm nan — 2009
Ministè Wayòm nan — 2003
km 1/03 p. 4

Ann aprann lòt moun lang pwòp la

1 Malgre Temwen Jewova yo soti nan anpil ‘ nasyon, anpil tribi, anpil pèp ak anpil lang ’, yo se moun ki ini, yo fòme yon vrè fanmi entènasyonal (Rev. 7:9). Sa estrawòdinè anndan monn divize n ap viv jodi a. Kòman sa fè vin posib ? Se paske ‘ Jewova chanje lang nou, li fè l tounen yon lang pwòp. ’ — Sef. 3:9.

2 Bèl chanjman lang pwòp la fè sou moun : Ki sa lang pwòp la ye ? Se bon konpreyansyon yon moun genyen sou verite li jwenn nan Pawòl Bondye a konsènan Jewova ak pwogram li, sitou verite konsènan Wayòm Bondye a. Jan Jezi te predi sa, li sèvi ak “ esklav fidèl ki prevwayan an ” kòm yon mwayen ki vizib sou tè a pou l simaye verite a. Kòm rezilta, moun “ ki soti nan tout lang nasyon yo pale ” vin pran pozisyon pou vrè adorasyon an. — Mat. 24:45 ; Zek. 8:23.

3 Tank moun ap aprann lang pwòp la, se tank sa pouse yo mete prensip Jewova yo an pratik nan lavi yo. Yo vin aprann pou yo “ byen ini nan menm panse, nan menm opinyon ”. (1 Kor. 1:10.) Ansèyman Bondye a fè yo vin gen yon konduit ki dwat e ki kòrèk. Se bonjan pawòl verite k ap sot nan bouch yo, sitou lè y ap bay lòt moun bon nouvèl la (Tit 2:7, 8 ; Ebre 13:15). Bèl chanjman konsa onore Jewova.

4 Pa egzanp, gen yon mesye, lè yo te al preche l bon nouvèl la, ki t ap poze anpil kesyon. Yo te sèvi ak Labib pou reponn tout kesyon l yo. Sa l te tande yo te pouse l etidye de fwa pa semèn e li te kòmanse asiste reyinyon. Li te sezi wè jan yo ba l yon bèl akèy nan Sal Wayòm nan alòske plizyè moun nan asistans lan pa menm ras avèk li. Nan yon tikras tan, ni li menm, ni madanm li fè chanjman nan vi yo e yo vin batize. Apati de lè sa a, li rive ede anviwon 40 moun vin sèvi Jewova san wete kantite moun nan fanmi l. Malgre li vin enfim, tou dènyèman li kòmanse sèvi kòm pyonye.

5 Ann anseye lòt moun : Sa k ap pase nan monn nan kounye la a fè anpil moun ki gen bon kè reflechi yon lòt jan sou fason y ap mennen lavi yo. Menm jan ak Jezi, nou ta dwe anvi ede yo. Retounen al fè vizit epi kondui etid biblik ki efikas, se prensipal mwayen nou genyen pou nou ede moun ki sensè yo aprann lang pwòp la.

6 Yon metòd ki efikas lè n al preche moun ki okipe, se lè nou tou fè yon etid ki pa long avèk yo nan papòt lakay yo (km 5/02 paj 1). Èske w eseye metòd sa a deja ? Lè n ap prepare nou pou nou retounen al fè yon vizit, chwazi youn nan prezantasyon ki nan paj mitan Ministè Wayòm janvye 2002 a ki ale ak moun nan. Anpil nan prezantasyon yo la pou pèmèt ou tou fè yon konvèsasyon nan bwochi Bondye vle a oswa nan liv Konesans lan. Fè plizyè repetisyon yon fason pou lè w fin fè entwodiksyon an, ou antre nan paragraf yo san pwoblèm. Chwazi youn oswa de tèks biblik nan paragraf la. Li yo epi kòmante yo ak moun nan. Apre sa, prepare yon kesyon pou w poze nan fen konvèsasyon an. Sa pral yon baz pou ede w antre nan paragraf ou ta renmen egzamine nan lòt vizit la.

7 Piske sèvitè Jewova yo aprann lang pwòp la, sa fè yo jwenn anpil benediksyon. Avèk anpresman, annou ede lòt moun vin met ansanm avèk nou pou nou “ envoke non Jewova ” e pou nou “ sèvi l kòtakòt ”. — Sef. 3:9.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje