Yon travay ki mande imilite
1 Nan Pawòl Bondye a nou jwenn egzòtasyon pou nou ‘ gen imilite, pou nou pa rann mal pou mal men, okontrè, pou se benediksyon ki soti nan bouch nou ’. (1 Pyè 3:8, 9.) Asireman, nou ka aplike konsèy sa a nan domèn predikasyon. Wi, aktivite predikasyon an kapab tounen yon eprèv pou tout moun ki vle kiltive imilite.
2 Imilite se yon kalite ki la pou ede nou sipòte sitiyasyon dezagreyab. Lè n ap preche, nou abòde moun nou pa konnen, e piske yo pa t envite nou lakay yo, kèk nan yo ka mal resevwa nou. Pou nou kontinye preche nan kondisyon konsa, sa mande imilite. Gen de sè ki te fè dezan ap preche chak jou nan yon tèritwa ki te difisil anpil. Pandan tout tan sa a, pyès moun pa t janm koute yo. Men, malgre sa, yo te pèsevere, e jodi a, gen de kongregasyon nan zòn sa a.
3 Lè moun yo joure nou : Lè nou rankontre moun ki pa janti oswa ki malelve, se imilite k ap ede nou imite Jezi (1 Pyè 2:21-23). Yon sè t al preche nan yon kay. Gen yon dam ki joure l byen joure. Apre sa, mari dam nan vin parèt, li menm tou li joure sè a e li mete l deyò. Sè a annik souri e li di yo li espere yon pwochèn fwa l ap ka fè ti pale ak yo. Sa te tèlman enpresyone mesye dam yo, premye Temwen ki te pase lakay yo apre sa, yo te koute l e yo te menm aksepte envitasyon pou y al nan reyinyon. Sè yo te joure a te nan reyinyon an. Li te salye yo e li te tou pwofite preche yo. Nou menm tou nou kapab adousi moun ki pa byen dispoze si nou montre nou gen ‘ dousè ak anpil respè ’. — 1 Pyè 3:15 ; Pwovèb 25:15.
4 Nou pap rabese pèsonn : Konesans nou gen nan Bib la pa otorize nou santi nou plis pase moun yo, nitou li pa otorize nou denigre yo (Jan 7:49). Okontrè, Pawòl Bondye a konseye nou pou nou “ pa pale pyès moun mal ”. (Tit 3:2.) Si nou gen imilite menm jan ak Jezi, n ap an mezi pou nou rekonfòte moun nou rankontre yo (Matye 11:28, 29). Lè nou abòde moun yo avèk imilite, sa rann mesaj n ap preche a pi atiran.
5 Wi, imilite ap ede nou pèsevere nan yon tèritwa ki difisil. Li ka adousi moun ki pa t byen dispoze, e li ka menm atire moun pou yo vin koute mesaj Wayòm nan. E, sa ki pi enpòtan, li fè Jewova plezi, yon Bondye ki “ bay moun ki enb yo bonte yo pa merite ”. — 1 Pyè 5:5.