Pwogram reyinyon sèvis
Semèn 13 janvye
Kantik 69
10 min : Anons lokal. Bay anons nou chwazi nan Ministè Wayòm nan. Sèvi ak sijesyon yo bay nan paj 4 la pou nou fè de demonstrasyon sou fason pou nou prezante La Tour de Garde 15 janvye ak Réveillez-vous ! 22 janvye. Nan chak demonstrasyon, ofri toule de peryodik yo ansanm, menmsi se sou yon sèl n ap pale. Si nou poko resevwa peryodik sa yo, sèvi ak sa nou fèk resevwa nan kongregasyon an. Suiv sijesyon yo bay nan lòt Ministè Wayòm sou fason nou ka ofri peryodik nou fèk resevwa yo.
15 min : Yo kapte yo san pawòl. Diskou avèk patisipasyon oditwa a. Lè yon moun gen bon konduit, sa bay bon temwayaj. Plizyè moun ki pa t kwayan vin adore Jewova akoz bon konduit madanm yo oswa mari yo ki Temwen Jewova (1 Pyè 3:1, 2). Pale de eksperyans nou jwenn nan paj 4 La Tour de Garde 1ye janvye 1999, nan paj 10-11 La Tour de Garde 1ye oktòb 1995 ak nan paj 46 Annuaire 1995. Fè aranjman alavans pou 2 oswa 3 pwoklamatè fè kèk kòmantè sou bon rezilta yo jwenn dèske yo suiv konsèy Bib la bay nan domèn sa a.
20 min : “ Ann montre nou respekte angajman nou te pran an. ”a Apre paragraf 3 a, fè yon ti entèvyou tou kout ak yon jèn ki deja batize. Ki pwoblèm li te jwenn apre batèm li ? Ki sa ki ede l fè fas ak pwoblèm sa yo ? Ki pwofi l tire dèske li vwe vi l bay Jewova ?
Kantik 22 ak priyè final.
Semèn 20 janvye
Kantik 44
8 min : Anons lokal. Rapò sou sèvis kont.
15 min : Èske w fè tèks pou jounen an chak jou ? Diskou avèk patisipasyon oditwa a. Ankouraje tout moun pou yo byen sèvi ak bwochi Examinons les Écritures chaque jour — 2003 a. Fè kèk kòmantè sou paj 3 ak paj 4 entwodiksyon an. Bay kèk sijesyon pou w montre ki jan fanmi yo ka egzamine tèks la ansanm. Chwazi de oswa twa egzanp tèks nou gen pou nou egzamine nan mwa k ap vini an ansanm ak kòmantè ki mache ak tèks la, pou w montre ki avantaj nou jwenn lè nou egzamine tèks la chak jou. Fè yon demonstrasyon tou kout, kote yon mari ak madanm li ap egzamine tèks jodi a ak kòmantè yo fè sou li a ansanm.
22 min : “ Ann aprann lòt moun lang pwòp la. ”b Apre w fin egzamine paragraf 6 la, fè yon pwoklamatè ki konpetan fè yon demonstrasyon sou fason pou nou kòmanse yon etid biblik nan papòt yon moun etan n ap fè yon vizit. Pwoklamatè a ap sèvi ak modèl prezantasyon nou jwenn nan paj 4 paj mitan Ministè Wayòm janvye 2002 a. L ap sèvi ak yon paragraf nan bwochi Bondye vle a. Nan fen demonstrasyon an, l ap soulve yon kesyon sou paragraf ki vini annapre a e l ap fè aranjman pou l vin reponn kesyon an nan yon lòt vizit. Ankouraje tout moun pou yo egzamine si pami moun y ap vizite yo, pa genyen ki ta dispoze kòmanse yon etid nan fason sa a.
Kantik 68 ak priyè final.
Semèn 27 janvye
Kantik 92
10 min : Anons lokal. Fè pwoklamatè yo sonje remèt rapò yo pou mwa janvye. Sèvi ak sijesyon yo bay nan paj 4 la pou nou fè de demonstrasyon sou fason pou nou prezante La Tour de Garde 1ye fevriye ak Réveillez-vous ! 8 fevriye. Nan fen chak demonstrasyon, pwoklamatè a ap ofri moun nan feyè Èske w ta renmen konn Bib la pi byen ? Nan premye demonstrasyon an, moun nan pa dakò pran peryodik, epi nan lòt la, li dakò. Si nou poko resevwa peryodik sa yo, sèvi ak sa nou fèk resevwa nan kongregasyon an. Suiv sijesyon yo bay nan lòt Ministè Wayòm sou fason nou ka ofri peryodik nou fèk resevwa yo. Bay yon ti esplikasyon sou fason pou nou retounen vizite moun nou kite peryodik ak feyè a nan men yo. — Gade nan Ministè Wayòm novanm 2001 an, paj 4, § 10.
15 min : Bezwen kongregasyon an.
20 min : Ann ede lòt moun pwoche bò kote Jewova. Diskou avèk patisipasyon oditwa a. Nan mwa fevriye, n ap ofri liv Approchez-vous de Jéhovah a. Pale sou ti nòt yo ekri lektè yo nan paj 3 nan liv la, epi mansyone kèk pwen enpòtan liv la gen ladan l. Li gen 4 pati, e chak pati yo chita sou youn nan prensipal kalite Jewova genyen. Nan chak pati, gen yon chapit ki esplike ki jan Jezi te demontre kalite sa a nan vi li, e gen yon lòt ki fè konnen ki jan nou menm tou nou ka devlope menm kalite a. Gen 17 paj ki gen imaj sèlman ladan yo ki dekri kèk sèn biblik. Pati ki rele “ Éléments de méditation ” an ap ede nou reflechi sou lòt aspè enpòtan nan sijè y ap egzamine a. Pale sou kare “ Kèk sijesyon sou fason pou nou prezante liv Approchez-vous de Jéhovah a ”, epi fè yon pwoklamatè kalifye fè youn nan demonstrasyon yo.
Kantik 124 ak priyè final.
Semèn 3 fevriye
Kantik 9
15 min : Anons lokal. Fè yon ti pale sou Repons kesyon w yo. Ankouraje pwoklamatè yo pou yo sèvi ak fòmilè “ Veuillez suivre l’intérêt ” (S-43) lè yo rankontre moun ki pale yon lòt lang, jan lèt 15 oktòb 1998, yo te voye bay kongregasyon nan plizyè peyi, fè konn sa. An jeneral, li bon pou nou sèvi ak fòmilè sa a, menmsi moun n ap pale avèk li a pa montre mesaj Wayòm nan enterese l. Adapte ide a pou moun ki pale lang siy. Di ki sa pou yo fè si yo rankontre moun ki soud oubyen ki bèbè nan tèritwa a. — Gade km 6/01, paj 1.
12 min : Ann imite lafwa yo. Entèvyouwe yon ansyen ki fè plizyè ane ap sèvi Jewova avèk imilite e avèk fidelite (Ebre 13:7). Ki jan l te fè pran laverite ? Ki obstak li te oblije venk pou l te ka pran pozisyon pou laverite ? Ki dispozisyon espirityèl ki te ankouraje l fè pwogrè ? Ki sa l te fè pou l te rive sèvi kòm ansyen nan kongregasyon an (1 Tim. 3:1) ? Ki sa ki ede l jwenn yon ekilib ant responsablite li genyen nan kongregasyon an, travay li ak obligasyon li genyen pou l pran swen fanmi li (1 Tim. 5:8) ? Ki jan l konsidere privilèj li genyen pou l ede frè l ak sè l yo nan kongregasyon an ?
18 min : “ Yon travay ki mande imilite. ”c Lè nou rive nan paragraf 3 a, envite oditwa a pou l bay sijesyon sou fason pou nou reponn si yon moun ap chèche pase nou nan rizib, si moun nan ap pale rèd avèk nou, si l sou fè diskisyon oswa si l an kòlè. Lè nou rive nan paragraf 4 la, ajoute kèk pwen nou jwenn nan liv Étude perspicace la, tòm 1, paj 1158, paragraf 2.
Kantik 133 ak priyè final.
[Nòt anba paj]
a Pa menm pran yon minit nan entwodiksyon an epi kontinye avèk kesyon/repons.
b Pa menm pran yon minit nan entwodiksyon an epi kontinye avèk kesyon/repons.
c Pa menm pran yon minit nan entwodiksyon an epi kontinye avèk kesyon/repons.