Nou gen yon zouti tounèf pou n kòmanse etid !
1 Yon amerikèn katolik women t ap soutni ansèyman legliz li a fidèlman. Li te menm al fè yon pelerinaj nan Vatikan. Epoutan, yon Temwen Jewova ki te vin vizite l, te ofri l yon etid biblik, epi li te aksepte. Poukisa ? Se paske li te vle konnen sa Bib la di, men, li pa t janm jwenn yon etid Labib nan legliz pa l la. Ki sa eksperyans sa a montre nou ? Li fè nou wè, nou pa janm konnen kiyès k ap dispoze aksepte yon etid biblik. — Ekl. 11:6.
2 Èske sa konn rive pou w ezite di moun yo Temwen Jewova yo vle etidye Bib la ak tout moun sa enterese ? Èske tout moun nan zòn bò lakay ou yo okouran n ap rann sèvis konsa gratis ? Ki jan nou ka asire nou yo konn sa ? Se lè nou sèvi ak yon zouti tounèf nou genyen ! Se yon bèl feyè sis paj ki rele Aimeriez-vous en savoir plus sur la Bible ? Annou chèche konnen feyè sa a, soutit pa soutit.
3 “ Poukisa pou nou li Bib la ? ” Rezon feyè a bay yo, trè atiran. Li fè nou konnen, Bib la gen “ enstriksyon Bondye ki renmen nou an ” ban nou, pou l montre nou ki jan pou nou lapriyè l pou nou jwenn èd, epi ki sa pou n fè pou nou resevwa lavi etènèl l ap fè nou kado a (1 Tes. 2:13). Feyè a pale de plizyè “ verite biblik k ap eklere nou ”, tankou, sa k rive apre nou fin mouri, epi poukisa gen pwoblèm konsa sou tè a. Li dekri “ prensip Bondye ban nou nan Bib la ”, prensip, si nou mete yo an pratik nan lavi nou, k ap pote byenfè fizik, kè kontan, lespwa, ak lòt bèl bagay ankò pou nou. Feyè a atire atansyon nou sou yon lòt rezon ki fè nou dwe li Bib la, nou vle pale de pwofesi ki konsène yon avni ki pa lwen. — Rev. 21:3, 4.
4 “ Nou jwenn èd pou nou konprann Bib la ” : Men sa feyè a di : “ Nou tout nou bezwen èd pou nou konprann Pawòl Bondye a. ” Annapre, feyè a dekri metòd nou itilize pou nou etidye Bib la : “ An jeneral, li pi bon pou nou etidye Bib la, moso pa moso, lè nou kòmanse avèk ansèyman fondamantal yo. ” Se vre, feyè a fè konnen aklè “ se Bib la ki otorite a ”, men li pale tou de bwochi Bondye vle a kòm yon bwochi k ap ede etidyan an pou l “ konprann sa Bib la di sou yon pakèt sijè ”. Nan soutit ki vin annapre a, nou jwenn yon kesyon k ap fè moun reflechi.
5 “ Èske w vle pran tan chak semèn pou w konprann Bib la ? ” Feyè a eksplike, li posib pou yon moun etidye Bib la, yon kote ak yon lè k ap bon pou moun nan, swa an prive, lakay li, oswa menm nan telefòn. Kiyès ki ka patisipe nan etid la ? Men repons feyè a bay : “ Tout fanmi an, nenpòt zanmi ou chwazi envite, kapab la tou. Oswa, si w pito, ou gen dwa fè etid la pou kont ou. ” Konbyen tan konsa etid la ka dire ? Li eksplike : “ Anpil moun rezève inèdtan chak semèn pou yo etidye Bib la. Si w ka pase plis tan oswa se mwens tan w ka pase chak semèn, Temwen Jewova yo ap rann yo disponib pou yo ede w. ” Men pwen ki enpòtan an : nou vle adapte nou selon sitiyasyon chak etidyan.
6 “ Nou jwenn envitasyon pou nou aprann ” : Moun ki resevwa feyè a kapab ranpli yon koupon pou l mande bwochi Bondye vle a, oswa pou l fè konnen li ta renmen yo vizite l pou yo eksplike l pwogram etid biblik gratis nou ofri a. Nan koupon an, w ap wè foto bwochi Bondye vle a ki parèt an koulè. Èske w pa wè feyè sa a pral ankouraje plis moun ki gen kè onèt toujou, pou yo aksepte èd nou ? Men, ki jan nou ka pi byen sèvi avèk zouti tounèf sa a ?
7 Ki moun ou ka bay feyè a ? Ou gen dwa remèt yon moun feyè a nan men, oswa ou ka kite l pou moun ki absan yo. Ou ka distribye l kay an kay, nan lari ak nan katye komèsyal. Kit yon moun aksepte piblikasyon, kit li refize, ou mèt ofri l feyè a. Foure l nan peryodik yo oswa nan lòt piblikasyon w ap bay. Mete l ansanm ak lèt w ap ekri. Ofri moun ou kontakte nan telefòn, pou w poste l voye ba yo. Toujou gen kèk feyè avèk ou pou w distribye lè w al achte, lè w ap vwayaje, e lè w ap bay temwayaj enfòmèl. Bay nenpòt moun ki vin vizite w feyè a. Ofri l bay paran w, vwazen w, kòlèg travay ou, kamarad lekòl ou, ak lòt moun ou konnen. Fè sa w kapab pou w lage feyè sa a nan men tout moun ou rankontre ! E apre ?
8 Si moun nan tou di li dakò etidye : Gen moun, depi w fèk pale avèk yo, k ap dakò pou yo fè yon etid biblik. Donk, chak fwa ou ale nan predikasyon, asire w ou toujou mache ak de bwochi Bondye vle a, youn pou etidyan an, youn pou ou. Si moun nan dakò, tou kòmanse yon etid biblik avè l. Ouvri bwochi a nan paj 2, epi li pati ki di : “ Fason pou w sèvi ak bwochi sa a. ” Annapre, ale dirèk nan premye leson an, epi montre l ki jan etid la fèt. Ala fasil, pa vre ?
9 Si moun nan bezwen tan pou l reflechi : Pa kite twòp tan pase, vizite l ankò. Asire w ou mache ak bwochi Bondye vle a. Montre l sijè ki nan paj 2 a. Mande l kiyès nan sijè sa yo ki pi enterese l. Chèche paj la, epi kòmanse dyalòg la sou leson li chwazi a.
10 Si nou te kite peryodik nan men moun nan : Si nou te kite feyè a ansanm ak de peryodik nan men moun nan, lè nou retounen, nou ta ka di : “ Dènye fwa m te vizite w la, mwen te byen kontan kite yon La Tour de Garde nan men w. Petèt ou ka remake sa, tit li okonplè se La Tour de Garde annonce le Royaume de Jéhovah. Jodi a, mwen ta renmen eksplike w sa k Wayòm nan, e ki sa l ap pote pou ou menm ak fanmi w. ” Annapre, ouvri bwochi Bondye vle a nan leson 6. Kòmanse ak premye paragraf la, epi kontinye li, kontinye dyaloge selon kantite tan moun nan dispoze. Apresa, pran randevou pou w retounen fini leson an yon lòt jou.
11 Pinga w anpàn feyè : Siveyan sèvis la ansanm ak frè ki nan piblikasyon an ap veye pou toujou gen kont feyè Aimeriez-vous en savoir plus sur la Bible sou lamen nan kongregasyon an. Toujou gen kèk nan pòch ou oswa nan bous ou, nan machin ou, kote w ap travay, nan klas ou, toupre papòt kay ou (yon kote ki sou lamen). Natirèlman, li bon pou w gen kèk feyè nan valiz predikasyon w sizoka w ta rankontre yon moun ki vle dyaloge sou Bib la.
12 Jewova ap beni efò n ap fè : Tout kretyen kapab gen bèl objektif sa a, pou l anseye yon lòt moun laverite a (Mat. 28:19, 20). Èske w deja gen yon etid ? Si se wi, èske w kapab jwenn tan chak semèn pou w fè yon lòt ? Si w pa gen etid, siman w ta renmen gen youn. Priye Jewova pou l beni efò w ap fè pou w jwenn yon moun ki dakò pou w ede l etidye Bib la. Apresa, travay ann amoni ak priyè w fè a. — 1 Jan 5:14, 15.
13 Vrèmanvre, nou gen yon zouti tounèf pou n kòmanse etid ! Chèche konnen l byen. Distribye l san grate tèt. Fè sa w kapab ‘ pou w travay pou lebyen, pou w rich nan fè bèl zèv, pou w jenere, pou w tou pare pou pataje ’ sa w te aprann nan Pawòl Bondye a. — 1 Tim. 6:18.
[Kare nan paj 4]
NAN KI OKAZYON NOU KA DISTRIBYE FEYÈ A
◼ Nan konvèsasyon nou gen ak lòt moun
◼ Lè yon moun aksepte yon piblikasyon
◼ Lè pèsonn pa la lè nou te pase a
◼ Lè n ap fè vizit
◼ Lè n ap preche nan lari
◼ Lè n ap preche nan katye komèsyal
◼ Lè n ap bay temwayaj enfòmèl
◼ Ansanm ak lèt n ap ekri
◼ Lè n ap vwayaje
◼ Lè yon moun vin lakay nou
◼ Lè n ap pale ak paran nou, vwazen nou, kòlèg travay nou, kamarad lekòl nou, oswa lòt moun nou konnen