Sèvi ak depliyan yo pou kòmanse konvèsasyon
1 Èske w dakò bay yon temwayaj efikas depan pou bokou de inisyativ yon moun pou l kòmanse konvèsasyon ? Defi a se di yon bagay pou kapte enterè moun nan epi fè l santi li konsène. Men, kòman sa kapab fèt avèk efikasite ?
2 Anpil pwoklamatè dekouvri nou kapab kòmanse konvèsasyon avèk kèk mo byen chwazi, lè n ap ofri youn nan depliyan biblik nou yo. Tit yo atiran, foto yo an koulè e yo frape atansyon moun. Yon depliyan se pa yon pakèt afè pou yon moun. Li pa bay moun nan enpresyon kòmkwa gen yon pil enfòmasyon pou l al li. Mete sou sa, mesaj brèf ki nan depliyan yo absòban, e yo ka sèvi pou moun tou kòmanse yon etid biblik.
3 Se konsa yon sè te santi sa pèsonèlman. Li di : “ Nan monn mache prese sa a, souvan moun pa vle pase anpil tan nan rete li. Depliyan yo jis gen longè pou transmèt yon mesaj enpòtan, men yo pa long dekwa pou fè moun anvi vire do anvan menm yo gade yo. Mwen te li anpil depliyan, e se nan konsa mwen te tou aprann laverite a. ” Se pa pou n janm souzestime pisans Pawòl Bondye a genyen, jan sa ekspoze nan mesaj enprime tou kout sa yo. — Eb. 4:12.
4 Kat etap fasil : Anpil moun reyisi lè yo gen yon apwòch ki senp. 1) Montre yon moun kèk depliyan e mande l kilès ladan yo ki enterese l. 2) Apre moun nan fin chwazi youn, poze yon kesyon ou te byen prepare ki souliye yon pwen enpòtan nan depliyan an. 3) Pou reponn kesyon an, li yon paragraf apwopriye oswa yon tèks biblik ki nan depliyan an. 4) Si moun nan byen reyaji, kontinye konvèsasyon an nan depliyan an oubyen janbe nan yon leson nan bwochi Sa Bondye vle a osinon nan yon chapit liv Connaissance lan ki bay plis detay sou sa w ap pale a. Petèt konsa ou kapab tou kòmanse kondi yon etid biblik. Sijesyon annapre yo pral ede w prepare sa pou w di lè w ap sèvi ak kat nan depliyan yo.
5 Depliyan ki pote tit “ Qui domine vraiment le monde ? ” lan kapab sèvi pou poze yon kesyon.
◼ Si moun w ap pale avèk li a reponn : “ Bondye ” oswa “ M pa konnen ”, li de premye liy nan kòmansman paj 2 a ak premye paragraf nan paj 3 a. Mete aksan sou 1 Jan 5:19 ak Revelasyon 12:9. Kit moun nan gen dout ou non sou egzistans Satan Ledyab, kit li rekonèt enfliyans Dyab la genyen sou monn nan, ou kapab pouswiv avèk rezònman nou jwenn anba soutit “ L’origine des conditions mondiales ” la. Si l montre sa enterese l, ofri l pou w eksplike l ki kote Ledyab soti. Sèvi avèk pwen ki nan paj 3 ak paj 4 nan depliyan an.
6 Depliyan “ Èske gen lespwa pou chèfanmi nou yo ki mouri ? ” kapab enterese moun touswit. Ou kapab kòmanse konvèsasyon an si w mande :
◼ “Èske w panse n ap janm wè ankò moun pa nou ki mouri yo ? ” Apre moun nan fin reponn, atire atansyon l sou dezyèm paragraf nan paj 4 depliyan an epi li Jan 5:28, 29 avè l. Answit, eksplike kòman sa ede nou konprann enfòmasyon ki vin apre premye soutit la. Ofri l pou nou pale sou sa ansanm.
7 “ Une vie de famille agréable ” se yon depliyan ki atire fanmi toupatou. Si w ap sèvi avè l ou kapab di :
◼ “ Pwobableman ou dakò an jeneral fanmi ap sibi atak jodi a. Ki sa w panse ki kapab fèt pou ranfòse lyen familyal yo ? ” Apre moun nan fin reponn, atire atansyon l sou pwen ki nan premye paragraf nan paj 6 la. Pran youn nan tèks yo site nan paj 4 ak 5 nan depliyan an, epi eksplike l yo. Lèfini ofri l yon etid biblik gratis lakay li.
8 Nou kapab sèvi ak depliyan “ Pourquoi avoir confiance en la Bible ” avèk yon prezantasyon konsa :
◼ “ Laplipa moun tande pale de istwa Kayen ak Abèl nou jwenn nan premye liv nan Bib la. Istwa a ki rapòte nan liv Jenèz la pale de madanm Kayen an tou. Èske ou pa janm mande ki kote fi sa a te soti ? ” Sèvi ak dènye paragraf nan paj 2 depliyan an pou bay repons lan. Eksplike moun nan depliyan sa a egzamine kòmantè enpòtan Bib la fè tou sou jan avni nou pral ye. Kòmanse ak twazyèm paragraf nan paj 5 la, epi kontinye konvèsasyon an avèk tèks yo site yo.
9 Nou gen prèv distribisyon depliyan biblik yo se yon mwayen efikas pou prezante bon nouvèl la. Nou ka pote yo byen fasil kèlkeswa kote nou prale, nou kapab sèvi avèk yo avèk efikasite lè n ap preche kay an kay ak lè n ap bay temwayaj enfòmèl. Depliyan yo jwe yon wòl enpòtan nan ministè n ap akonpli a. Asire nou nou pote divès kalite, e se pou nou donan lè n ap sèvi avèk yo pou kòmanse konvèsasyon. — Kol. 4:17.