Bèl fason yo fè nouvo feyè nou yo!
1. Ki zouti nou genyen pou n preche ki fèt yon lòt fason?
1 Nan kongrè distri pou ane 2013 la ki te gen tit “Pawòl Bondye a se laverite!”, nou te resevwa senk nouvo feyè. Mete sou sa, yo te vin ajoute Nouvèl Wayòm no 38 la ki gen tit “Èske moun mouri ka leve vre?” sou feyè sa yo. Toule sis nouvo feyè sa yo fèt yon bèl fason. Pou ki rezon yo fè feyè yo konsa? Ki jan n ka byen sèvi ak nouvo fason feyè yo fèt la lè n ap ofri yo nan travay predikasyon kay an kay la?
2. Poukisa yo fè nouvo feyè yo yon bèl fason?
2 Pou ki rezon yo fè yo yon lòt fason? Byen souvan, prezantasyon ki bay bon rezilta yo gen kat etap sa yo ladan l: 1) Pou w kòmanse konvèsasyon an, poze moun nan yon kesyon ki ankouraje l di sa l panse. 2) Pataje yon panse ki nan Bib la avè l. 3) Bay moun nan yon piblikasyon pou l li. 4) Poze moun nan yon kesyon pou w vin reponn yon lòt fwa, epi fè aranjman pou w retounen vizite l. Nouvo fason yo fè feyè yo ap ede nou suiv kat etap sa yo byen fasil.
3. Kòman nou ka ofri youn nan nouvo feyè yo nan travay predikasyon an?
3 Fason pou n sèvi avè yo: 1) Apre w fin salye moun nan, montre l kesyon ki gen plizyè pati ki sou kouvèti feyè a, epi, mande l sa l panse. 2) Ouvri feyè a, epi, egzamine pati ki gen tit “Men sa Bib la di” a avè l. Si w gen posiblite, li vèsè a dirèkteman nan Bib la avè l. Si moun nan gen tan, fè yon ti pale sou pati ki gen tit “Byenfè sa ka pote pou ou” a avè l. 3) Bay moun nan feyè a, epi ankouraje l li rès feyè a lè l gen tan. 4) Anvan w kite moun nan, montre l kesyon ki nan do feyè a ki anba tit “Fè yon ti reflechi” a, epi, fè aranjman pou w vin pale avè l sou repons Bib la bay pou kesyon an yon lòt fwa.
4. Ki jan n ka sèvi ak nouvo feyè yo lè n retounen vizite yon moun?
4 Li fasil pou n fè vizit tou. Ou ka annik li vèsè yo site nan do feyè a pou w reponn kesyon w te poze dènye fwa w te pale ak moun nan. Anvan w kite moun nan, atire atansyon l sou foto bwochi Bon nouvèl la. Montre moun nan bwochi a ansanm ak leson ki bay plis enfòmasyon sou sijè a, epi ofri l bwochi a. Si moun nan aksepte bwochi a, fè aranjman pou w retounen pale avè l sou leson ki nan bwochi a. Se yon etid Labib ou tou kòmanse! Oubyen, olye w ofri moun nan bwochi a, ou kapab ofri l yon lòt feyè epi fè aranjman pou w retounen pale avè l sou feyè a.
5. Ki enpòtans feyè yo genyen nan travay predikasyon nou an?
5 Sa fè plis pase 130 ane depi n ap sèvi ak feyè nan travay predikasyon an. Byenke yo chanje gwosè yo ak fason yo fèt, yo toujou rete yon zouti ki fè n jwenn anpil rezilta nan travay predikasyon an. Kidonk, annou byen sèvi ak nouvo fason yo fè feyè sa yo pou n kontinye gaye verite ki nan Bib la sou tout kò tè a. — Pwo. 15:7a.