BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • mwb20 janvye p. 8
  • Ki jan n ka sèvi ak feyè yo pou n kòmanse konvèsasyon?

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Ki jan n ka sèvi ak feyè yo pou n kòmanse konvèsasyon?
  • Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen — Pwogram reyinyon — 2020
  • Sou menm sijè a
  • Bèl fason yo fè nouvo feyè nou yo!
    Ministè Wayòm nan — 2014
  • Fason n ka sèvi ak modèl konvèsasyon yo
    Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen — Pwogram reyinyon — 2020
  • Sèvi ak feyè yo pou nou simaye bon nouvèl la
    Ministè Wayòm nan — 2012
  • Sèvi ak depliyan yo pou kòmanse konvèsasyon
    Ministè Wayòm nan — 2000
Gade plis
Lavi nou ak travay nou fè antanke kretyen — Pwogram reyinyon — 2020
mwb20 janvye p. 8
Yon sè k ap sèvi ak feyè ‘Èske soufrans ap janm fini?’ an pou l bay yon dam nan yon estasyon bis temwayaj

LAVI NOU ANTANKE KRETYEN

Ki jan n ka sèvi ak feyè yo pou n kòmanse konvèsasyon?

Depi mwa janvye 2018, premye paj Pwogram reyinyon lavi nou ak travay nou fè a gen plizyè modèl konvèsasyon. Nou te resevwa ankourajman pou nou plis konsantre sou konvèsasyon ak moun yo olye nou annik prezante piblikasyon nan tèritwa a. Pou ede pwoklamatè yo adapte yo, videyo sou modèl konvèsasyon yo montre jan nou ka kòmanse yon konvèsasyon ak Bib la sèlman. Men, èske sa vle di nou pa dwe sèvi ak piblikasyon yo lè n ap preche kay an kay? Jamè! Pa egzanp, nou ka kòmanse konvèsasyon grasa feyè yo. Men sa nou ka fè lè n ap itilize yon feyè:

  1. Poze moun ou rankontre a kesyon ki gen plizyè repons ki sou fas feyè a.

  2. Montre l repons Bib la bay nan vèsè a oubyen nan vèsè yo ki anlè nan dezyèm paj la. Si gen tan pou sa, li epi egzamine kèk enfòmasyon ki anndan feyè a.

  3. Kite feyè a pou li epi ankouraje l pou l li rès enfòmasyon yo.

  4. Anvan w fini, montre l kesyon ki nan pati “Fè yon ti reflechi” a epi pran randevou pou w vin egzamine repons Bib la bay la.

Yo mete chif 1 rive 4 sou feyè ‘Ki sa demen sere pou ou?’ an pou montre divès pati ki gen ladan l.

Lè w retounen vizite l, montre l repons Bib la bay la epi poze yon lòt kesyon w ap vin egzamine pwochèn fwa. Ou ka chwazi yon kesyon ki sou sit Entènèt nou an oubyen yon kesyon ki nan piblikasyon yo montre nan do feyè a. Nan moman ki apwopriye, prezante bwochi Bon nouvèl Bondye bay la! oubyen yon lòt piblikasyon nou itilize pou fè etid ki nan Bwat zouti pou anseye a.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje