Sèvi ak feyè yo pou nou simaye bon nouvèl la
1. Ki jan pèp Bondye a te sèvi ak feyè yo?
1 Pèp Jewova a gen lontan depi l ap sèvi ak feyè pou l simaye bon nouvèl la. Nan ane 1880, Charles Taze Russell ak konpayon l yo te kòmanse pibliye yon feyè yo te rele Feyè Etidyan Labib yo (anglè), apre sa yo te vin rele l Ansyen teyoloji (anglè), e yo te bay moun ki te konn li Toudegad yo yon kantite feyè pou yo te ka distribye yo bay piblik la. Feyè yo te tèlman enpòtan, an 1884, lè Charles Taze Russell t al anrejistre asosyasyon legal òganizasyon an itilize pou l fè enterè Wayòm nan avanse, yon asosyasyon ki pa la pou l fè kòb, li te mete mo “tract” la nan non asosyasyon an. Nan epòk la li te rele asosyasyon an: Zion’s Watch Tower Tract Society, kounye a yo rele asosyasyon an: Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania. Nan ane 1918, Etidyan Labib yo te deja distribye 300 milyon feyè. Jis kounye a feyè yo se zouti efikas nou itilize lè n ap bay moun temwayaj.
2. Sa k fè feyè yo efikas?
2 Rezon ki fè yo efikas: Feyè yo gen anpil bèl koulè e yo atiran. Mesaj ki ladan yo a byen kout, yo enteresan e moun ka aprann anpil bagay ladan yo. Yo kapte atansyon moun ki konn pè lè nou ba yo yon peryodik oubyen yon liv paske yo panse piblikasyon sa yo gen twòp bagay pou yo li. Li fasil pou nou ofri yon moun yon feyè. Menm moun ki fèk pwoklamatè ak timoun piti ka sèvi ak yo san pwoblèm. Anplis de sa, feyè yo tou piti, yo fasil pou nou pote yo.
3. Rakonte yon eksperyans ou menm ou te fè oubyen yon eksperyans ki nan yon piblikasyon ki montre enpòtans feyè yo genyen.
3 Gen anpil moun ki pran kontak ak laverite pou premye fwa grasa yon feyè. Pa egzanp, gen yon dam ann Ayiti ki te wè yon feyè atè nan lari, li pran feyè a epi li li feyè a. Men sa dam nan te di: “Mwen jwenn laverite!” Finalman, dam nan al nan yon Sal Wayòm, li kòmanse etidye Bib la ak yon Temwen, apre sa li batize. Li te rive fè tout pwogrè sa yo, grasa pouvwa Pawòl Bondye a genyen, pawòl li te jwenn nan feyè a.
4. Ki objektif nou genyen lè se feyè ki òf pou mwa a?
4 Lè n ap preche kay an kay: Etandone feyè yo se zouti ki efikas pou nou bay moun yo temwayaj, tanzantan nou pral prezante yo kòm òf pou mwa, n ap kòmanse an novanm. Objektif nou se pa pou nou annik lonje yon feyè bay nenpòt moun, men se pou nou sèvi avèk yo pou nou kòmanse konvèsasyon ak moun yo. Si moun nou rankontre a enterese oubyen si moun nan montre li enterese lè nou vin fè vizit la nou ka sèvi ak liv Ki sa Labib anseye a pou nou montre l fason nou kondui etid biblik ak moun yo, oubyen nou ka sèvi ak yon lòt piblikasyon nou konn itilize pou nou fè etid ak moun. Kòman pou nou ofri feyè yo lè n ap preche kay an kay? Tout feyè yo pa menm. Nou bezwen byen konnen mesaj ki nan feyè n ap ofri yo.
5. Kòman nou ka ofri feyè yo lè n ap preche kay an kay?
5 Prezantasyon n ap fè a dwe apwopriye pou tèritwa kote n ap preche a e feyè n ap ofri a dwe ale ak sijè n ap pale a. Pou nou kòmanse konvèsasyon ak yon moun, nou ka annik lonje feyè a ba li. Bèl foto ki sou kouvèti a ka eveye enterè l. Oubyen nou ka montre moun nan plizyè feyè epi nou kite l chwazi sijè ki enterese l la. Lè n ap preche nan tèritwa kote moun yo ezite pou yo ouvri pòt yo, nou ka kenbe feyè a yon fason pou moun ki nan kay la ka wè kouvèti a, oubyen nou ka mande moun nan si nou mèt glise yon feyè anba pòt la pou li epi n ap di l nou ta renmen konnen opinyon l sou sijè ki nan feyè a. Si tit feyè a se yon kesyon, nou ka mande l opinyon l sou kesyon an. Oubyen nou ka poze l yon kesyon nou panse k ap enterese l e k ap pouse l patisipe nan konvèsasyon an. Apre sa, nou ka li yon pati nan sa yo di nan feyè a ansanm ak li. Lè yo poze yon kesyon nan pati n ap li a, n ap fè yon ti poz, epi n ap mande moun nan sa l panse. Nou ka li vèsè kle yo nan Bib la. Lè nou fin egzamine yon pati nan feyè a, nou ka met fen nan konvèsasyon an epi n ap pran randevou pou nou tounen vizite moun nan. Si kongregasyon an konn kite piblikasyon pou moun ki pa lakay yo, nou ka kite yon feyè nan kay ki pa gen moun yo, men n ap mete l yon kote moun k ap pase pap wè l.
6. Kòman nou ka sèvi ak feyè yo lè n ap preche nan lari?
6 Lè n ap preche nan lari: Èske nou konn sèvi ak feyè yo lè n ap preche nan lari? Gen kèk moun k ap pase ki prese, yo pa dispoze rete pou nou pale avèk yo. Li ka difisil pou nou konnen si yo vrèman enterese. Olye nou lonje yon peryodik ba yo, alòske nou pa menm konnen si y ap li l, poukisa nou pa kite yon feyè pou yo pito? Piske kouvèti feyè yo atiran e mesaj ki ladan yo a tou kout, kiryozite kèk moun genyen ka pouse yo li feyè yo lè yo gen yon ti tan. Natirèlman, si moun nan pa prese nou ka egzamine yon pati nan feyè a ak li.
7. Rakonte kèk eksperyans ki montre fason nou ka sèvi ak feyè yo lè n ap bay temwayaj enfòmèl.
7 Lè n ap bay temwayaj enfòmèl: Li fasil pou nou sèvi ak feyè yo lè n ap bay temwayaj enfòmèl. Gen yon frè ki mete yon ti kantite feyè nan pòch li depi l ap kite lakay li. Lè li rankontre yon moun, tankou moun ki sou kès nan yon magazen pa egzanp, li annik di l l ap fè l kado yon bagay pou l li epi li lonje feyè a ba li. Lè yon mari ak madan m li t ap fè touris nan vil Nouyòk, yo te rann yo kont yo t ap gen posiblite pou yo rankontre moun ki soti nan divès peyi. Se sa k fè, yo te pote bwochi Une bonne nouvelle pour des gens de toutes nations an ak yo ansanm ak anpil feyè nan diferan lang. Konsa, lè yon moun k ap vann bò wout la oubyen lè yon moun vin chita bò kote yo sou yon plas oubyen nan yon restoran epi yo tande moun nan ap pale yon lang etranje yo pwofite ofri moun nan yon feyè nan lang natif natal li.
8. Nan ki sans nou ka konpare feyè yo ak semans?
8 “Plante semans ou”: Nou ka konpare yon feyè ak semans. Yon moun k ap fè jaden plante semans tout kote nan jaden an paske nan tout semans li plante yo li pa konnen kiyès ladan yo k ap jèmen pou l leve. Eklezyas 11:6 di: “Nan maten, plante semans ou e jis nan aswè pinga w ralanti nan travay la, ou pa konnen ki kote w ap jwenn siksè, swa la a swa yon lòt kote, oubyen si toule de pap bay bon rannman.” Kidonk, nou swete pou nou kontinye “simen konesans” grasa zouti efikas sa yo nou ka itilize lè n ap bay temwayaj. — Pwo. 15:7.
[Antrefilè nan paj 3]
Etandone feyè yo se zouti efikas pou nou bay moun yo temwayaj, tanzantan nou pral prezante yo kòm òf pou mwa, n ap kòmanse an novanm.