Kèk sijesyon sou fason pou nou prezante liv Approchez-vous de Jéhovah a
◼ Avèk Bib la nan men w, men ki sa w ka di : “ Anpil moun ki kwè nan Bondye pa konn sa yo ta bay pou yo vin pi pwòch li. Èske w te konnen Bondye envite nou pwoche bò kote l ? [Li Jak 4:8.] Ou wè liv sa a, yo fè l pou ede moun sèvi ak pwòp bib pa yo pou yo ka pwoche bò kote Bondye. ” [Li paragraf 1 an nan paj 16 la.]
◼ Avèk Bib la nan men w, men ki sa w ka di : “ Jodi a, tout kote w pase se enjistis ou wè. Gade ki jan Bib la pale de sa. [Li Eklezyas 8:9b.] Sa fè anpil moun mande tèt yo : ‘ Ou kwè Bondye pa bliye nou ? ’ [Li de premye fraz ki nan paragraf 4 nan paj 119 la.] Chapit sa a esplike poukisa Bondye kite enjistis ap fèt pou yon ti tan. ”