BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • km 1/04 p. 4
  • Byen veye sou fason w ap itilize tan w

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Byen veye sou fason w ap itilize tan w
  • Ministè Wayòm nan — 2004
  • Sou menm sijè a
  • Èske m ta dwe jwe jwèt elektwonik?
    Bonjan repons pou kesyon jèn yo konn poze, volim 2
  • Ki sa m dwe konnen sou jwèt videyo?
    Kesyon jèn yo konn poze
  • Èske mwen esklav aparèy elektwonik?
    Bonjan repons pou kesyon jèn yo konn poze, volim 1
  • Atansyon danje yo nan sèvi ak Entènèt !
    Ministè Wayòm nan — 1999
Gade plis
Ministè Wayòm nan — 2004
km 1/04 p. 4

Byen veye sou fason w ap itilize tan w

1. Ki pwoblèm moun toupatou rankontre jodi a ?

1 Nan epòk sa a kote gen anpil aparèy pou fè moun ekonomize tan, gen anpil moun ki sanble vin gen plis bagay pou yo fè e yo pa gen ase tan pou yo fè yo. Èske w twouve l difisil pou w kontinye kenbe yon bon pwogram espirityèl ? Èske w ta renmen gen plis tan pou ministè a ? Ki jan nou ka sèvi ak tan nou yon fason ki pi efikas ? — Sòm 90:12 ; Fil. 1:9-11.

2, 3. Ki pwoblèm ki parèt ak pwogrè ki fèt nan domèn enfòmatik e ki jan nou chak kapab fè yon egzamen pèsonèl ?

2 Chèche wè sa k fè w pèdi tan : Tanzantan, nou tout nou dwe egzamine fason nou itilize tan nou. Men konsèy Labib bay sou sa : “ Byen veye sou fason n ap mache, pou se pa tankou moun ki pa gen okenn sajès, men tankou moun ki saj, lè nou rachte pou nou menm moman apwopriye a, paske jou yo makawon. ” ​(Efe. 5:15, 16). Ann egzamine pwoblèm ki vin parèt ak pwogrè ki fèt nan domèn enfòmatik. Malgre gen bonjan rezon pou moun itilize òdinatè ak lòt aparèy elektwonik, aparèy sa yo ka tounen yon pyèj si nou pa byen veye sou fason n ap itilize tan nou. — 1 Kor. 7:29, 31.

3 Nou chak nou dwe mande tèt nou : ‘ Èske m pèdi tan chak jou nan li oswa nan reponn mesaj e-mail ki plis kapab deranje m pase yo ranje m ? Èske m rele nan telefòn souvan oswa èske m rete nan voye mesaj e-mail sou bagay ki pa gen enpòtans (1 Tim. 5:13) ? Èske m konn twouve m ap navige sou Entènèt san m pap chèche anyen presi, oubyen èske lè m ap gade televizyon mwen chanje chèn youn apre lòt san m pa gen okenn objektif ? Èske gen yon jwèt videyo ki kòmanse manje tan etid mwen dwe fè nan Pawòl Bondye a ? ’ San nou pa rann nou kont, mòd bagay konsa kapab minen sante espirityèl nou. — Pwo. 12:11.

4. Ki chanjman yon jèn te fè, e poukisa ?

4 Itilize tan an avèk sajès : Aparèy elektwonik kapab gen tandans akapare ni tan nou ni atansyon nou. Men sa yon jèn ki te pasyone pou jwèt videyo sou òdinatè te admèt : “ Pafwa mwen konn twouve l trè difisil pou m konsantre m lè m apèn fin jwe epi apre m al nan predikasyon oswa m al nan reyinyon. Prèske toutan mwen te konn ap reflechi sou jan m ta ka rezoud yon pwoblèm mwen te jwenn nan jwèt la lè m retounen lakay. Etid pèsonèl mwen ak lekti biblik regilye mwen te gen pou m fè te sibi konsekans lan. Jwa m nan sèvis Jewova te kòmanse diminye. ” Piske jèn sa a te rekonèt li bezwen pote chanjman, li te efase tout jwèt videyo l te genyen nan òdinatè l. Li sonje “ sa te vrèman difisil ”. Men sa l di : “ Mwen te plis atache ak jwèt yo pase sa m te panse. Men, mwen te santi m ranpòte yon gwo viktwa tou paske m konnen sa m te fè a se pou byen m. ” — Mat. 5:29, 30.

5. Ki jan nou kapab rachte tan pou aktivite espirityèl yo, e ki pwofi n ap tire lè nou fè sa ?

5 Li kapab nesesè pou w pran dispozisyon konsa si gen domèn ou bezwen pote chanjman. Èske w ka pran yon demi èdtan chak jou sou aktivite ki pa endispansab yo ? Se apeprè kantite tan sa ap pran pou w li tout Bib la nan yon ane. Ala byenfè espirityèl ou t ap jwenn (Sòm 19:7-11 ; 119:97-100) ! Fikse moman pou lekti Labib, fikse moman pou preparasyon reyinyon, e fikse moman pou predikasyon (1 Kor. 15:58). Si w fè sa w ap ka kontwole sa k ap fè w pèdi tan e w ap ka “ kontinye chèche konprann sa volonte Jewova ye. ” — Efe. 5:17.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje