Nou chak gen yon bagay nou ka bay Jewova
1 Èske w te konnen lèzòm gen yon bagay yo ka bay Jewova ? Abèl te bay Bondye kèk nan pi bon bèt nan twoupo li an sakrifis. Noye ak Jòb te konn fè menm bagay la tou (Jen. 4:4 ; 8:20 ; Jòb 1:5). Se vre, jan de sakrifis sa yo pa t anrichi Kreyatè a piske tout bagay ki egziste se pou li yo ye. Sepandan, sakrifis sa yo te demontre jis nan ki pwen moun sa yo ki te fidèl te renmen Jewova. Nou menm jodi a, nou ka itilize tan nou, enèji nou ak resous nou pou nou bay Jewova “ yon sakrifis louwanj ”. — Ebre 13:15.
2 Tan nou : Moun ki ‘ rachte tan ’ sou aktivite ki pa gen twòp enpòtans dekwa pou yo ka pase plis tan nan ministè a vrèman merite felisitasyon (Efe. 5:15, 16) ! Petèt nou ka aranje pwogram nou pou nou pran sèvis pyonye oksilyè plizyè fwa nan ane a. Oubyen nou ka ajoute 30 minit sou kantite tan nou abitye pase nan ministè a chak wikenn. Si nou fè sa, n ap vin gen omwen dezèdtan sou kantite lè nou abitye pase nan ministè a chak mwa.
3 Enèji nou : Pou nou jwenn ase enèji pou nou patisipe nan ministè a, sa mande pou nou evite detant ak travay ki ka fè nou tèlman fatige opwen pou nou pa ka bay Jewova tout nou menm. Yon lòt bagay nou dwe evite tou se enkyetid, paske li ka fè kè nou “ pliye ”, sa ki kapab fè nou pèdi enèji nou ta ka itilize pou nou sèvi Bondye (Pwo. 12:25). Menm lè nou ta gen bonjan rezon pou nou enkyete nou, li pi bon lontan pou nou ‘ lage fado nou yo sou Jewova ’ ! — Sòm 55:22 ; Fil. 4:6, 7.
4 Resous nou : Nou ka itilize resous materyèl nou posede pou nou soutni travay predikasyon an. Pòl te ankouraje kretyen yo “ pou yo mete yon ti bagay apa ” regilyèman, yon fason pou yo ka bay pou moun ki nan nesesite yo (1 Kor. 16:1, 2). Menm jan an tou, nou ka sere yon ti kòb pou nou mete nan bwat ofrann nan kongregasyon an, kit se nan bwat pou kongregasyon lokal la, kit se nan bwat pou travay mondyal la. Jewova apresye lè nou bay ak tout kè nou, menmsi sa nou bay la piti. — Lik 21:1-4.
5 Jewova ban nou anpil bagay (Jak. 1:17). N ap montre nou rekonesan pou tout sa li ban nou lè nou bay tan nou, enèji nou ak lòt resous nou genyen pou nou sèvi l. Lè nou fè sa, nou fè kè Jewova kontan “ paske Bondye renmen moun ki bay ak lajwa ”. — 2 Kor. 9:7.