Annou youn bati lòt lè nou nan ministè a
1 Nou tout nou renmen tande lè lòt moun di nou yon pawòl ankourajan nan “ moman apwopriye ”. (Pwo. 25:11.) Lè n ap preche ak lòt pwoklamatè, ki sa nou ka fè pou nou asire nou konvèsasyon nou genyen ak yo se konvèsasyon ki ankourajan ?
2 Konvèsasyon ankourajan : Se pa ti ankourajan sa ankourajan lè nou pale sou sijè espirityèl nan konvèsasyon nou genyen ak pwoklamatè ki akonpaye nou yo nan ministè a (Sòm 37:30) ! Nou ka pale de prezantasyon nou prepare oubyen nou ka rakonte eksperyans ankourajan nou te fè nan ministè a, sa pa gen twò lontan (Tra. 15:3). Petèt nou te note yon pwen enteresan swa nan lekti Labib nou fè regilyèman, swa nan peryodik nou fèk resevwa yo, swa nan yon reyinyon kongregasyon an. Nou ka pale tou de kèk pwen nou te note nan diskou piblik nou tande nan Sal Wayòm nan, sa pa gen twò lontan.
3 Nou ka santi nou dekouraje lè nou rankontre yon moun ki soulve yon objeksyon nou pa ka reponn. Li ta bon pou ou menm ak pwoklamatè ki akonpaye w la pran kèk minit pou nou egzamine ki jan nou ka reponn objeksyon sa a yon pwochèn fwa. Pou nou fè sa, nou ka sèvi ak liv Comment raisonner a. Yon lòt bò, si gen yon pwen nan prezantasyon patnè nou an nou apresye, nou ka felisite l ak tout kè nou pou nou ankouraje l.
4 Pran inisyativ : Èske gen kèk pwoklamatè nan etid liv nou an sa gen yon bon ti tan depi nou pa preche ak yo ? Si nou envite yo pou yo akonpaye nou nan ministè a, sa ka pèmèt ou fè yon echanj ankourajman ak yo (Wom. 1:12). Pyonye pèmanan yo ak pyonye oksilyè yo renmen lè yo jwenn moun ki dispoze travay ak yo nan ministè a, sitou moun ki ka soti ak yo bonè nan maten oswa ta nan aprèmidi, lè pa gen anpil pwoklamatè k ap preche. Nou ka soutni pyonye yo lè nou mete nou disponib pou nou travay avèk yo nan ministè a. Petèt gen yon pwoklamatè ki gen pwoblèm sante e sa limite l nan sa l ka fè nan ministè a. Si nou fè aranjman ak jan de moun sa yo pou yo akonpaye nou nan yon etid biblik pa egzanp, sa ka pwofitab pou nou toule de. — Pwo. 27:17.
5 Lè nou felisite yon pwoklamatè oubyen nou eksprime apresyasyon nou pou sa l akonpli nan ministè a, menmsi sa l akonpli a piti, sa ap ankouraje l. Nou ta dwe toujou sonje sa lè n ap travay ak lòt pwoklamatè nan ministè a, etandone nou vle “ kontinye bati youn lòt ”. — 1 Tes. 5:11.