Pwogram reyinyon sèvis
Semèn 10 mas
10 min : Anons lokal. Sèvi ak sijesyon ki nan paj 4 la, oswa ak nenpòt lòt sijesyon ki apwopriye pou tèritwa kongregasyon an, pou nou fè demonstrasyon sou fason pou nou prezante La Tour de Garde 1ye mas ak Réveillez-vous ! mas. Si nou poko resevwa peryodik sa yo, sèvi ak sa nou fèk resevwa nan kongregasyon an. Suiv sijesyon yo deja bay nan lòt Ministè Wayòm sou fason nou ka ofri peryodik nou fèk resevwa yo.
20 min : Rezon ki fè nou dwe asiste reyinyon yo. Diskou ak patisipasyon oditwa a ki baze sou La Tour de Garde 15 me 2007, paj 11-13. Mande moun ki nan oditwa a pou yo pale de pwofi yo tire lefètke yo asiste reyinyon yo, epi mande yo fè kòmantè sou jan yo te venk obstak pou yo ka asiste reyinyon yo regilyèman.
15 min : “ Nou chak gen yon bagay nou ka bay Jewova. ”a Si gen tan pou sa, mande moun nan oditwa a pou yo fè kòmantè sou vèsè yo site yo.
Semèn 17 mas
10 min : Anons lokal. Fè moun ki nan oditwa a sonje pou yo pote La Tour de Garde 1ye avril ak Réveillez-vous ! avril nan reyinyon sèvis k ap fèt nan semèn k ap vini an pou yo ka suiv prezantasyon ki apwopriye pou tèritwa kongregasyon an. Bay kèk anons nou chwazi nan Ministè Wayòm nan.
15 min : Repons kesyon w yo. Yon ansyen ap fè patisipasyon sa a. Li paragraf yo epi egzamine yo avèk oditwa a.
20 min : “ Ki sa nou ka fè pou nou ede moun ki vin asiste Memoryal la ? ”b Lè w ap egzamine paragraf 5 lan, pran yon ti tan tou kout pou w montre ki jan nou kapab kòmanse yon etid biblik ak yon moun nou te envite ki vin asiste Memoryal la.
Semèn 24 mas
10 min : Anons lokal. Li rapò sou sèvis kont lan ak lèt remèsiman pou ofrann yo.
15 min : Annou prepare nou pou nou ofri peryodik yo. Diskou ak patisipasyon oditwa a. Apre w fin fè yon ti pale sou La Tour de Garde 1ye avril ak Réveillez-vous ! avril, mande moun nan oditwa a ki atik yo panse k ap plis enterese moun yo nan tèritwa a e poukisa. Mande yo ki pwen nan peryodik sa yo yo konte atire atansyon moun yo nan tèritwa a. Ki kesyon yo ka poze pou yo kòmanse yon konvèsasyon ? Ki vèsè biblik nan atik la yo ka li ? Sèvi ak sijesyon yo bay pou nou fè demonstrasyon sou fason pou prezante La Tour de Garde 1ye avril ak Réveillez-vous ! avril.
20 min : N ap pote bon nouvèl konsènan yon bagay ki pi bon. Se yon ansyen k ap fè diskou sa a ki baze sou Toudegad 1ye jiyè 2005, paj 24-5, paragraf 10-14. Pa menm pran yon minit pou w fè entwodiksyon an. Mande moun nan oditwa a pou yo pale de rekonfò ak espwa yo te jwenn lè yo te tande mesaj Wayòm nan pou premye fwa.
Semèn 31 mas
10 min : Anons lokal. Fè pwoklamatè yo sonje remèt rapò pou mwa mas la.
20 min : Annou byen sèvi ak Annuaire 2008 la. Diskou ak patisipasyon oditwa a. Egzamine “ Lèt Kolèj santral ” la ki nan Annuaire la. Mande de ou twa moun nan oditwa a pou yo pale de yon eksperyans yo twouve ki patikilyèman ankourajan lè yo t ap li Annuaire la. Fè aranjman alavans pou youn oswa de pwoklamatè fè kòmantè sou fason yo etabli pwogram pou yo li Annuaire la pèsonèlman. Nan fen patisipasyon an, ankouraje tout moun pou yo li tout Annuaire 2008 la.
15 min : “ Annou youn bati lòt lè nou nan ministè a. ”c
Semèn 7 avril
10 min : Anons lokal.
20 min : Poukisa w ap retade batèm ou ? Se yon ansyen k ap fè patisipasyon sa a ki baze sou Toudegad 1ye jiyè 2006, paj 30-1, paragraf 14-17. Fè entèvyou ak youn oswa de pwoklamatè ki te batize lè yo te adolesan. Ki sa k te pouse yo franchi etap enpòtan sa a lè yo te adolesan ? Lefètke yo te batize, ki jan sa te ede yo vin gen matirite espirityèl ki se yon pwoteksyon pou yo ?
15 min : Èske w deja eseye metòd dirèk la ? Diskou ak patisipasyon oditwa ki baze sou paj 6 nan paj mitan Ministè Wayòm janvye 2002 a. Pale de prezantasyon yo bay kòm modèl nan paj sa a, epi montre fason nou kapab adapte yo pou nou kòmanse yon etid biblik nan liv Sa Labib anseye a. Ansuit, fè youn oswa de demonstrasyon. Ankouraje moun ki nan oditwa a pou yo fè efò pou yo sèvi ak metòd dirèk la omwen yon fwa pandan semèn k ap vini an, dekwa pou yo kòmanse yon etid biblik nan liv Sa Labib anseye a.
[Nòt anba paj]
a Pa menm pran yon minit pou w fè entwodiksyon an epi kontinye ak kesyon/repons.
b Pa menm pran yon minit pou w fè entwodiksyon an epi kontinye ak kesyon/repons.
c Pa menm pran yon minit pou w fè entwodiksyon an epi kontinye ak kesyon/repons.