Kalandriye 2011 lan mete aksan sou adorasyon an fanmi
Sijè kle ki nan kalandriye Temwen Jewova yo pou ane 2011 lan se adorasyon an fanmi. Kalandriye a gen foto kèk fanmi nan epòk nou an e li montre kèk fanmi nan tan biblik yo. Anplis de sa, li gen foto kèk koup marye ak kèk selibatè k ap etidye Pawòl Bondye a.
Pèsonaj biblik yo montre nan kalandriye a te pran plezi nan lwa Jewova yo e sa te ede yo anpil pou yo fè fas ak difikilte san parèy yo te rankontre (Sòm 1:2, 3). Toutpandan n ap egzamine chak foto ki nan kalandriye a, n ap sonje enpòtans adorasyon an fanmi an genyen, kit nou fè pati yon fanmi ki gen anpil moun kit fanmi nou pa gen anpil moun, kit tout moun nan fanmi nou ap sèvi Jewova kit tout moun nan fanmi an pap sèvi l. Yo kite yon espas nan kalandriye a pou w make jou fanmi pa w chwazi pou l fè adorasyon an fanmi. Èske w ranpli espas ki nan kalandriye pa w la?