Pwogram pou semèn 27 desanm
SEMÈN 27 DESANM
□ Etid biblik kongregasyon an:
□ Lekòl ministè teyokratik:
Lekti Labib: 2 Kwonik 25-28
Revizyon pou Lekòl ministè teyokratik
□ Reyinyon sèvis:
5 min: Anons. “Kalandriye 2011 lan mete aksan sou adorasyon an fanmi.” Diskou.
10 min: Fason yon plan ka ede nou nan ministè a. Konvèsasyon. Li baze sou liv École du ministère la, soti nan paj 166 paragraf 5 rive nan paj 167, paragraf 4. Sèvi ak piblikasyon n ap ofri pou mwa pwochen an, epi fè yon monològ kote yon pwoklamatè pran kèk minit anvan l al nan predikasyon pou l prepare yon ti plan nan tèt li sou sijè li pral prezante a.
10 min: Cheve gri se yon kouwòn bote (Pwo. 16:31). Konvèsasyon. Li baze sou Annuaire 2010 la, paj 110 paragraf 2-4. Apre w fin pale sou chak eksperyans, envite moun nan oditwa a pou yo fè kòmantè sou leson yo tire nan sa yo te aprann nan.
10 min: Prepare nou pou nou ofri peryodik yo an janvye. Konvèsasyon. Pran youn oubyen de minit pou w fè yon ti pale sou sa ki nan peryodik yo. Apre sa, chwazi de oubyen twa atik, epi mande moun nan oditwa a pou yo di ki kesyon yo ka poze sou atik sa yo e ki vèsè yo ka itilize nan yon prezantasyon. Fè demonstrasyon pou w montre jan pou yo ofri chak peryodik.