BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower
Watchtower
BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT
Kreyòl ayisyen
  • BIB
  • PIBLIKASYON
  • REYINYON
  • be leson 25 p. 166-p. 169 par. 6
  • Itilize yon plan

Pa gen videyo ki disponib pou seksyon sa a.

Nou regrèt sa. Nou pa ka jwe videyo a.

  • Itilize yon plan
  • Byen pwofite Lekòl ministè teyokratik la
  • Sou menm sijè a
  • Fason pou w fè yon plan pou yon diskou
    Byen pwofite Lekòl ministè teyokratik la
  • Bay diskou a san se pa li w ap li nòt ou yo
    Byen pwofite Lekòl ministè teyokratik la
  • Fason pou w prepare yon diskou piblik
    Byen pwofite Lekòl ministè teyokratik la
  • Fason pou w prepare diskou ki pou frè ak sè yo
    Byen pwofite Lekòl ministè teyokratik la
Gade plis
Byen pwofite Lekòl ministè teyokratik la
be leson 25 p. 166-p. 169 par. 6

LESON 25

Itilize yon plan

Ki sa pou w fè?

Itilize yon plan lè w ap fè diskou, kit se yon plan ki nan tèt ou, kit se yon plan w ekri, olye w li tout sa w pral di yo motamo lè w ap bay diskou a.

Poukisa sa enpòtan?

Lè w prepare yon plan, sa ede w òganize ide w yo. Si w itilize l lè w ap fè diskou a, l ap pi fasil pou w pale tankou se yon konvèsasyon w t ap fè e pou w pale ak tout kè w.

GEN anpil moun ki santi yo strese lè y ap reflechi sou kesyon itilize yon plan pou yo pale a. Yo santi yo gen plis asirans lè tout sa yo pral di ekri sou yon papye oswa lè yo konnen tout sa yo pral di pakè.

Epoutan, an reyalite, chak jou, nou tout nou pale san nou pa ekri tout sa nou pral di yo sou papye. Nou fè sa lè n ap pale ak fanmi nou e ak zanmi nou. Nou fè sa lè nou nan predikasyon. Nou fè sa tou lè n ap priye Bondye ak tout kè nou, kit se poukont nou, kit se an gwoup.

Lè w ap bay yon diskou, èske gen yon diferans si w ekri tout sa w pral di sou yon papye oswa si w itilize yon plan? Se vre, lè yon moun li yon diskou li ekri, sa ka ba l asirans sa l ap di a egzak e mo l ap itilize yo byen chwazi, men l ap manke touche kè moun yo. Lè w ap li anpil fraz, nòmalman ou gen yon vitès ak yon chanjman ton ki regilye ki diferan ak lè w ap pale yon fason natirèl tankou se te yon konvèsasyon w t ap fè. Si w konsantre sou nòt ou yo plis pase w konsantre w sou moun k ap koute w yo, anpil moun ka pa koute w avèk atansyon yo t ap koute w la si yo te wè ou t ap panse avèk yo e w te adapte enfòmasyon yo ak sitiyasyon pa yo. Pou yon diskou vrèman pouse moun aji, li pi bon pou oratè a pa kontante l li sa l ap di a.

Lekòl ministè teyokratik la se yon lekòl ki la pou ede nou nan lavi nou chak jou. Lè nou rankontre zanmi nou yo, nou pa rale yon ti moso papye nou te ekri epi nou li ide ki ladan l yo pou yo yon fason pou nou ka asire n se pi bon mo yo n ap itilize. Nan predikasyon, nou pa mache ak yon papye ki gen tout sa n pral di pou nou li l pou moun yo, paske nou pè pou nou pa ta bliye kèk ide nou vle pataje avèk yo. Lè yo ba w fè yon konvèsasyon ak yon lòt moun nan Lekòl ministè teyokratik la sou fason pou w preche nan sitiyasyon sa yo, fè tout efò w pou w pale yon fason ki vrèman natirèl. Si w byen prepare, w ap rann ou kont yon plan, kit li nan lespri w, kit li ekri, konn sifi an jeneral pou fè w sonje ide prensipal ou vle egzamine yo. Sepandan, ki jan w ka vin gen konfyans sa mande pou w fè diskou sou baz yon plan?

Òganize ide w yo. Pou w itilize yon plan lè w ap pale, ou bezwen òganize ide w yo. Sa pa vle di chwazi mo ou prevwa itilize yo. Sa vle di senpleman reflechi anvan w pale.

Nan lavi chak jou, yon moun ki aji rapidman san l pa pran tan pou l reflechi ka di yon bagay san l pa egzamine konsekans sa ka genyen epi apre sa, li regrèt li te di l. Yon lòt moun ka pale san l pa gen yon objektif vre, li soti nan yon ide al nan yon lòt. Ou ka byen jere toule de tandans sa yo si w pran tan pou w fè yon ti plan nan lespri w anvan w kòmanse pale. Toudabò, chèche gen yon objektif, ansuit, chwazi etap w ap bezwen pase pou w atenn objektif sa a, apre sa, kòmanse pale.

Èske w ap fè preparasyon pou w al nan predikasyon? Pran tan nonsèlman pou w ranje valiz predikasyon w, men tou, pou w òganize ide w pral prezante yo. Si w deside itilize youn nan prezantasyon yo bay nan Ministè Wayòm nan, li l plizyè fwa pou w ka gen ide prensipal yo byen klè nan lespri w. Di ide prensipal ki ladan l yo nan youn oswa de fraz tou kout. Di bagay yo jan w t ap di yo tou natirèlman, e adapte sa w ap di a ak sitiyasyon ki gen nan tèritwa w la. W ap twouve li itil pou w gen yon plan nan lespri w. Ki sa plan sa a ka gen ladan l? 1) Kòm entwodiksyon, ou ka mansyone yon bagay ki enkyete moun nan zòn ou an. Ankouraje moun ou rankontre a pou l pale. 2) Chèche gen yon bagay presi nan lespri w ou ka pataje sou sijè a ak moun nan, sa gen ladan l youn oswa de vèsè ki montre pwomès Bondye fè pou l pote yon soulajman pou limanite. Si sa posib, montre l Jewova pral itilize Wayòm li an, gouvènman ki nan syèl la, pou l fè sa. 3) Ankouraje moun nan pou l fè kèk aksyon sou baz sa w egzamine avè l la. Ou ka ofri l yon piblikasyon ak yon etid biblik, oubyen ou ka ofri l swa yon piblikasyon, swa yon etid biblik, epi w ka pran dispozisyon pou w kontinye konvèsasyon an.

Petèt sèl plan w ap bezwen pou w fè yon prezantasyon konsa se yon plan ou te fè nan lespri w. Si w vle gen yon plan ekri pou w gade anvan w al preche, ou ka fè yon plan petèt k ap gen kèk mo ladan l sèlman pou w itilize kòm entwodiksyon. L ap gen youn oswa de vèsè ak kèk ti pawòl tou kout konsènan sa w vle di nan konklizyon an. Si nou fè preparasyon e nou itilize yon plan konsa, sa ap anpeche nou pale yon fason moun pa ka konprann, e sa ap ede nou bay moun yo yon mesaj ki klè e ki fasil pou yo sonje.

Si gen kesyon moun yo konn poze souvan oswa gen bagay yo konn di pou yo pa koute nan tèritwa w la, li bon pou w fè rechèch sou sa. An jeneral, tout sa w bezwen se de oswa twa pwen kle ak vèsè k ap kore pwen sa yo. Pati ki rele “Sijè biblik” ki nan Tradiksyon monn nouvo a — Liv ki te ekri an grèk yo oswa soutit ki nan liv Comment raisonner à partir des Écritures la ka ba w egzakteman plan w bezwen an. Ou ka jwenn yon bon sitasyon ki soti nan yon lòt liv ou vle mete nan rechèch ou yo. Fè yon ti plan ekri, mete sitasyon an ansanm avè l epi mete l pami bagay w ap itilize pou w al preche. Lè yon moun ou rankontre poze w yon kesyon oswa li di yon bagay pou l pa koute w, di l ou kontan lefètke w gen posiblite esplike l kwayans ou (1 Pyè 3:15). Itilize plan an pou w reponn li.

Lè w pral reprezante fanmi w oswa kongregasyon an nan lapriyè, li bon tou pou w òganize ide w yo. Selon Lik 11:2-4, Jezi te bay disip li yo yon plan senp pou yo fè priyè ki gen sans. Nan inogirasyon tanp lan, Salomon te fè yon priyè ki te long. Li klè, li te reflechi sou sijè a alavans. Toudabò, li te pale sou Jewova e sou pwomès Jewova te fè David la, ansuit, li te pale sou tanp lan, sou kèk sitiyasyon byen presi e sou kèk gwoup moun byen presi (1 Wa 8:22-53). Nou kapab suiv egzanp sa yo.

Fè plan diskou w la senp. Èske se yon plan w ap fè pou w bay yon diskou? Ki kantite bagay li dwe gen ladan l?

Pa bliye, yon plan la pou l ede w sonje ide. Ou ka santi l ap bon pou w ekri kèk fraz pou w itilize nan entwodiksyon an. Men, apre sa, konsantre w sou ide yo, pa konsantre w sou mo yo. Si w ap ekri ide sa yo, li pi bon pou w ekri yo ak fraz ki kout. Ti kantite pwen prensipal ou prevwa devlope yo ta dwe parèt klè nan plan w lan. Ou ka fè sa lè w ekri yo ak lèt majiskil, epi ou souliye yo oswa ou ekri yo an koulè. Anba chak pwen prensipal, mete ide ou ta renmen itilize pou w devlope pwen sa a. Mete vèsè ou prevwa li yo. Nòmalman, li pi bon pou w li vèsè yo nan Bib la. Mete egzanp ou ta renmen itilize yo. Ou ka mete tou kèk sitasyon moun nan monn nan fè ki enpòtan e ki apwopriye. Nan ka sa yo, li bon pou w gen bonjan nòt yon fason pou enfòmasyon w ap bay yo ka presi. Si plan an byen prezante, l ap pi fasil pou w sèvi avè l.

Gen oratè ki itilize plan ki senp anpil. Yon plan ka gen kèk mo kle, kèk vèsè oratè a ap site san l pa li yo ak kèk desen k ap ede l sonje ide yo. Avèk nòt senp sa yo, l ap kapab prezante enfòmasyon yo yon fason ki lojik e l ap ka fè sa tankou se yon konvèsasyon li t ap fè. Se sa ki objektif leson sa a.

Soti nan paj 39 rive nan paj 42 nan liv sa a, w ap jwenn sijè ki gen tit: “Fason pou w fè yon plan pou yon diskou.” L ap bon anpil pou w li enfòmasyon ki nan sijè sa a pandan w ap travay sou leson sa a ki gen tit: “Itilize yon plan.”

Fason pou w itilize plan an. Objektif ou nan etap sa a, se pa annik prepare yon diskou sou fòm yon plan, men, se aprann byen itilize plan an.

Premye etap la se preparasyon w ap fè pou w bay diskou a. Gade tèm nan, li chak pwen prensipal e chèche ki rapò yo chak gen ak tèm nan. Ekri konbyen tan ou ka pran nan chak pwen prensipal. Kounye a, byen egzamine premye pwen prensipal la. Egzamine rezònman yo, vèsè yo ak egzanp ou prevwa itilize lè w ap devlope pwen sa a. Egzamine enfòmasyon yo plizyè fwa jiskaske pati sa a nan diskou w la chita byen klè nan tèt ou. Fè menm bagay la pou chak lòt pwen prensipal yo. Gade ki sa w ka retire, si sa nesesè, yon fason pou w ka fini a lè. Apre sa, egzamine tout diskou a nèt. Konsantre w sou ide yo, pa konsantre w sou mo yo. Pa chèche konn diskou a pakè.

Lè w ap bay yon diskou, ou ta dwe anmezi pou w gade moun k ap koute w yo, e pou w byen fè sa. Apre w fin li yon vèsè, an jeneral, ou ta dwe kapab rezone sou li avèk Bib la sèlman, san w pa gade nòt ou yo. Menm jan an tou, si w itilize yon egzanp, rakonte l tankou se zanmi w ou t ap rakonte l olye w li l nan nòt ou yo. Lè w ap pale, pa gade nòt ou yo pou chak fraz w ap di. Pale ak tout kè w, konsa w ap touche kè moun k ap koute w yo.

Lè w vin maton nan kesyon itilize yon plan pou w pale, w ap fè yon pa enpòtan pou w vin yon bon oratè.

FASON POU W FÈ SA

  • Konvenk tèt ou yon moun ap jwenn byenfè lè l pale sou baz yon plan.

  • Nan konvèsasyon w ap fè chak jou, òganize ide w yo anvan w pale.

  • Pou w gen konfyans ou bezwen pou w pale sou baz yon plan an, priye Jewova e pran abitid patisipe nan reyinyon kongregasyon an.

  • Fè plan w lan senp, yon fason pou w jwenn sa w ap chèche a byen fasil depi w annik fè yon ti gade ladan l.

  • Lè w ap prepare pou w bay diskou a, egzamine ide yo, san w pa chèche aprann mo yo pakè.

EGZÈSIS: Anvan w al nan predikasyon semèn sa a, prepare yon plan nan lespri w sou yon sijè presi ou vle pale ak moun yo. (Gade paj 167, paragraf 3.) Pandan w nan predikasyon, note konbyen fwa w rive fè konvèsasyon ou te prevwa fè a oswa omwen konbyen fwa w rive di pwen prensipal ki nan mesaj ou a.

    Piblikasyon an kreyòl ayisyen (1987-2025)
    Dekonekte
    Konekte
    • Kreyòl ayisyen
    • Pataje
    • Preferans
    • Copyright © 2025 Watch Tower Bible and Tract Society of Pennsylvania
    • Kondisyon pou w sèvi avè l
    • Règ sou enfòmasyon konfidansyèl
    • Paramètres de confidentialité
    • JW.ORG
    • Konekte
    Pataje